Koulè Vèt
SENKYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ, ANE A
PREMYE LEKTI
« Limyè w’ la ap
eklate tankou granmaten »
NAN PWOFÈT IZAYI 58,
7-10
Men pawòl Granmèt la :
«Separe pen ou avèk
moun ki grangou a, fè pòv la ak moun ki pa gen kay la antre nan kay ou ; lè ou
wè yon moun ki nikò, kouvri l’, pa meprize pwòp chè ou.
Lè sa a, limyè w’ ap eklate tankou granmaten, sante ou
ap leve byen vit, jistis ou ap mache devan fas ou, glwa Granmèt la ap vlope ou.
Lè sa a w’ap rele, Granmèt la ap koute, w’ap rele, l’ap di : « Men mwen ».
Si w’ wete chenn nan sot nan mitan ou, epi ou sispann
lonje dwèt ou, ni pale bagay ki pa sèvi ; lè w’a vide nanm ou bay moun ki
grangou a, lè w’a plen nanm moun ki nan lapenn nan, limyè ou ap leve nan fènwa
yo, fènwa w’ yo ap vin tankou midi ».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS: 111,
4-5. 6-7. 8a e 9
R/ Limyè a leve nan fènwa pou moun ki dwat yo.
Limyè a leve nan fènwa, pou moun kòrèk yo, li sansib,
li pran pitye, li kòrèk. Ala kontantman pou moun sa a ki pran pitye, ki prete,
ki regle afè l’ yo kòrèk.R.
Paske se pou tout tan li p’ap souke. Moun ki kòrèk la,
y’ap sonje l’ tout tan, li p’ap pè, lè l’ tande move nouvèl. Kè l’ pare, li
espere nan Granmèt la.R
Kè l’ asire, li p’ap pè, joustan li meprize ènmi l’
yo. Li separe, li bay pòv yo; jistis li rete pou tout tan gen tan, kòn li ap leve
nan glwa a.R.
DEZYÈM LEKTI
« Mwen te anonse nou temwayaj Jezikri yo kloure sou
kwa ».
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN YO 2, 1-5
Mwen menm, lè m’ rive lakay nou, frè m’ yo, mwen pa
vini ak prestij pawòl oubyen sajès, pou m’anonse nou temwayaj Jezikri a.
Reyèlman mwen pa t’ konsidere mwen te konn kichòy nan pami nou, sof Jezikri epi
Jezikri ki klouwe sou kwa a.
Epi mwen menm se ak feblès ak kè sote ak anpil
sezisman mwen te lakay nou ; pawòl mwen ak prèch mwen, se pa t’ pawòl k’ap chèche
konvenk ak sajès moun, men se espri a ak pouvwa a mwen te montre, pou lafwa
nou pa t’ chita sou sajès moun, men sou pouvwa Bondye.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
« Nou se limyè
tè a ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN
5, 13-16
Lè sa a Jezi di disip
li yo:
«Nou se sèl tè a. Si
sèl la vin fad, ak ki sa y’ap sale l’? Li pa vo anyen ankò, sof pou yo jete l’
deyò, pou moun pile l’.
Nou se limyè tè a. Yon
vil ki poze sou yon mòn pa kapab kache. Yo pa limen yon lanp, pou yo mete l’
anba mamit, men sou yon etajè, pou l’ klere tout moun ki nan kay la.
Se konsa pou limyè nou
klere devan moun yo pou yo wè bon aksyon nou yo, pou yo fè lwanj pou Papa nou
ki nan sèl la».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Jedi pase nou te
selebre fèt Prezantasyon Granmèt la e nou te fè sa avèk pwosesyon chandèl. Sa
te pèmèt nou konprann kòman atravè 2 pèsonaj enpòtan ke Mari te prezante Pitit
la, se tout limanite ki de dwe konnen li, pou yo te ka konnen pwomès Bondye te
fè nan bouch pwofèt yo te akonpli. Nou te pale sou senbòl limyè a.
Jodi a ankò, youn nan
mo-kle nou jwenn nan litiji a, se mo «limyè». E nan moso levanjil Matye nou li
pou jodi a, se Jezi menm k’ap di nou nou se sèl ak limyè tè a. Sa se pa yon
pawòl ki piti non. Nou konnen byen ki definisyon de mo sa yo genyen. Kisa sa
vle di sèl? Kisa sa vle di limyè? Sètèman lè Jezi di nou se sèl ak limyè tè a,
li itilize yon metafò, yon langaj ki chaje ak imaj pou li ede nou konnen ki gwo
responsabilite nou genyen kòm moun. Pa bliye depi nan kòmansman ki gwo misyon
Bondye te ba nou, misyon pou nou donte tè a, pou nou kiltive li. Nou konnen sèl
se engredyen ki pi enpòtan lè n’ap fè manje: ou te mèt mete epis, lay, magi,
piman, pwav, zonyon, men si ou bliye mete yon ti sèl manje a sòti fad, li san
gou. Kidonk si Jezi di nou se sèl, sa vle di nou se eleman ki pi enpòtan ki
kapab bay gou, nou se limyè ki pi briyan pou disparèt fènwa ki antoure,
obskirite ki anvayi mond nou an. Pwofèt Izayi, nan premye lekti a, l’ap di nou
nan ki fason nou kapab bay gou epi nan ki manyè nou kapab klere: «Separe pen
ou avèk moun ki grangou a, fè pòv la ak moun ki pa gen kay la antre nan kay ou
; lè ou wè yon moun ki nikò, kouvri l’, pa meprize pwòp chè ou…Si w’ wete chenn
nan sot nan mitan ou, epi ou sispann lonje dwèt ou, ni pale bagay ki pa sèvi ;
lè w’a vide nanm ou bay moun ki grangou a, lè w’a plen nanm moun ki nan lapenn
nan, limyè ou ap leve nan fènwa yo, fènwa w’ yo ap vin tankou midi ».
Se pou lavi nou tounen
yon temwayaj menm jan ak lavi Sen Pòl, pou nou gen lodas, pou nou toujou bay
gou epi klere tout kote nou pase pandan tout lavi nou.
LAPRIYÈ: Granmèt, mèsi
pou kokenn chenn misyon sa ou ban mwen an; tanpri ban mwen sajès, fòs ak kouraj
pou mwen kapab akonpli li. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Jodi
a mwen vle tounen limyè nan fason m`ap dekouraje moun k’ap fè pwomosyon pou
divizyon. Mwen vle tounen sèl k’ap bay lòt moun gou Bondye nan fason m’ap viv.
No hay comentarios:
Publicar un comentario