Koulè Wouj
PÒL MIKI AK
KONPAYON L’ YO KI SEN, Mati
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"M’ap viv se vre, men se pa mwen menm ankò; se Jezikri k’ap viv nan
mwen".
NAN LÈT APOT
PÒL KI SEN POU GALAT YO 2, 19-20
Frè m’ yo:
Akoz lalwa a
mwen mouri parapò a lalwa a, pou m’ viv parapò a Bondye; mwen kloure sou kwa a
avèk Jezikri.
Mwen viv, men
se pa mwen menm ankò k’ap viv, se Jezikri k’ap viv nan mwen.
Si m’ap viv
koulye a nan chè a, se nan lafwa Pitit Bondye a m’ap viv, li menm ki renmen m’,
ki bay pwòp tèt li pou mwen.
SÒM REPONS 125, 1-2ab. 2cd-3. 4-5. 6 (r.: 5)
R/ Moun ki simen ak dlo nan je, yo
ranmase ak kè kontan.
Lè Granmèt
la te fè prizonye Siyon yo tounen an,
Nou te
tankou nan rèv.
Lè sa a
bouch nou te plen ak kè kontan
Epi lang nou
ak fèt.R.
Lè sa a yo t’ap
di nan pami nasyon yo:
"Granmèt
la fè mèvèy avèk yo".
Granmèt la
fè mèvèy avèk nou;
Nou vin gen kè kontan.R.
Granmèt, fè
prizonye nou yo tounen
Tankou ravin
nan sid yo.
Moun ki simen
ak dlo nan je,
Yo ranmase
ak fèt.R.
Yo t’a prale,
yo t’ap kriye,
Antan y’ap
pote semans pou simen an,
Y’ap vini
sou wout la ak fèt,
Pandan y’ap
pote zepi yo.R.
LEVANJIL
"Ale anseye tout nasyon yo".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 28, 16-20
Lè sa a:
Onz disip yo pati nan Galile, sou mòn nan kote Jezi te endike
yo a; lè yo wè l’, yo adore l’, men kèkzen te fè dout.
Jezi pwoche,
li pale avèk yo, li di: "yo renmèt mwen tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a.
Konsa ale, anseye tout nasyon yo, batize yo o non Papa a ak Pitit la ak Espri Sen
an, aprann yo obsève tout sa m’ te kòmande nou yo.
Men mwen menm
mwen avèk nou tou lejou, jou finisman syèk tan yo".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : «Men mwen menm
mwen avèk nou tou lejou, jou finisman syèk tan yo».
Jodi a
n’ap fete Pòl Miki ak konpayon l’ yo ki sen, mati sèzyèm syèk nan peyi Japon. Tankou onz apot yo, jou
Lasansyon Jezi a (Ref. Mat 28,17), yo te monte sou «ti mòn nan»: nan ka pa yo a, se te «ti mòn lakwa a» nan lavil Nagasaki. Tankou Pap Franswa di nou sa, lè
nou sonje sila yo ki te soufri mati a, nou selebre istwa Legliz la ki plen
bèlte paske se yon istwa sakrifis.
Istwa mati sen sa yo dekri
anbyans lapriyè ki te genyen lè yo te sou lakwa pandan yo te vivan toujou: Èske
genyen yon pi gwo adorasyon ke lapriyè ki plen konfyans sa a, lè yo bay temwayaj
lanmou Bondye ki anlè tout bagay, e menm anlè pwòp lavi yo?
Istwa a rakonte nou tou,
kòman Pòl Miki, antan li sou kwa a, li pwofite jis nan dènye moman pou eseye
mennen asasen li yo bò kote Bondye: «Mwen padone wa a ak tout sila yo ki
responsab lanmò mwen e m’ap mande yo pou yo resevwa batèm Kris la».
Tout sitiyasyon, tout sikonstans, kèlkeswa li parèt defavorab, yon fason oubyen
yon lòt, se yon opòtinite pou nou levanjelize. An reyalite, soufrans ak
kalamite mond nou an pa ta dwe sèvi ekskiz pou nou angaje nou nan travay Kris
la: nou dwe konsidere yo kòm defi k’ap ede nou avanse (Pap Franswa). Nou p’ap
janm manke konkou; Jezi pa voye nou nan misyon nenpòt kijan. Li te di nou: «Mwen
menm mwen avèk nou tou lejou, jou finisman syèk tan yo » (Mt 28,20).
LAPRIYÈ: Bondye, se ou menm ki fòs tout sen yo. Ou rele Pòl avèk konpayon l’ yo pou
yo antre nan lavi a sou wout kwa a. Yo pase mati pou ou, yo vin sen, y’ap plede
kòz nou. Tanpri, n’ap lapriyè ou. Lafwa n’ap deklare a, fè nou kenbe l’ fèm
jous nou mouri. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON:
M’ap renouvle angajman mwen te pran ak Kris la nan batèm mwen. Mwen p’ap kite
okenn menas entimide m’, paske Jezi avèk mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario