Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"An nou fè moun nan nan pòtre nou, pou l’ sanble ak nou".
NAN LIV LAJENÈZ
1, 20-2, 2a
Bondye di ankò:
"Se pou dlo yo bay bèt k’ap glise, ki gen lavi, avèk zwazo sou tè a anba
sipò syèl la". Bondye kreye gran pwason yo ak tout kalite bèt vivan, ak sa
ki gen mouvman, sa dlo yo bay daprè espès yo, epi tout kalite zwazo daprè ras
yo. Bondye wè sa te bon, li beni yo, li di: "Devlope, vin anpil, plen dlo
lanmè a, se pou zwazo yo vin anpil sou tè a. Vin gen yon aswè ak yon maten,
senkyèm jou.
Bondye di ankò:
"Se pou tè a bay bèt vivan nan ras yo, bèt chaj ak sa k’ap glise atè, ak
tout bèt tè a, daprè espès yo". Sa fèt konsa. Bondye fè bèt tè a daprè
espès yo, ni bèt chaj yo, ni tout sa k’ap glise atè a daprè ras yo. Bondye wè
sa te bon.
Li di: "An
nou fè moun nan sou pòtre nou ak resanblans nou; se pou l’ kòmande sou pwason
lanmè yo ak zwazo syèl yo ak tout bèt tè a ak tout sa k’ap glise atè, ki gen
mouvman sou tè a". Bondye kreye moun nan sou pòtre l’; sou pòtre Bondye li
kreye l’, gason ak fi li kreye yo.
Bondye beni yo,
li di: "Devlope, vin anpil, plen tè a, mete l’anba lòd nou; se pou nou
kòmande sou pwason lanmè a ak zwazo syèl la ak tout bèt vivan, ki gen mouvman
sou tè a".
Bondye di:
"Men mwen ba nou tout zèb ki pote semans sou tè a ak tout kalite pye bwa
ki gen semans ras yo nan yo, pou yo sèvi nou kòm manje, ni pou tout bèt vivan
sou tè a, ni pou tout sa ki an mouvman sou tè a, ki gen lavi nan yo, pou yo
kapab jwenn manje". Sa fèt konsa. Bondye wè tout sa l’ te fè yo, yo te bon
anpil. Vin gen yon aswè ak yon maten, sizyèm jou.
Konsa syèl la
ak tè a reyalize, ak tout dekorasyon yo. Setyèm jou a Bondye konplete travay li
a li te fè a, li repoze setyèm jou a pou tout travay li te fè yo.
Se konsa syèl
la ak tè a te fèt.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS : 8, 4-5. 6-7. 8-9
R/ Granmèt,
Granmèt nou ala gran non ou gran sou tout tè a !
Lè m’ wè syèl
ou yo, travay dwèt ou yo, lalin ak zetwal yo ou fikse; sa moun nan ye, pou ou
sonje l’? oubyen pitit moun nan, pou ou vizite l’? R.
Ou fè l’vin pi
ba yon ti kras anba zanj yo, ak glwa ak konsiderasyon ou kouwonnen l’; ou
enstale l’anlè travay men w’ yo. Tout bagay, ou mete yo anba pye l’.R.
Ni mouton, ni
bèf yo tout, menm bèt nan rak bwa yo, zwazo syèl yo ak pwason lanmè yo, tout sa
k’ap deplase nan santye lanmè yo.R.
LEVANJIL
"Nou lage kòmandman Bondye yo, nou kenbe abitid moun yo".
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 7. 1 -13
Lè sa a:
Farizyen yo
rasanble vin kot Jezi avèk kèk nan skrib yo ki te vin sot Jerizalèm. Kòm yo te
wè kèk nan disip li yo ki t’ap manje avèk men yo sal, sa vle di san lave, yo fè
yo repwòch. Sèke Farizyen yo ak tout Jwif yo, si yo pa lave men yo souvan, yo
p’ap manje, pou yo kenbe abitid ansyen yo. Lè yo sot deyò, si yo pa lave kò yo,
yo p’ap manje; pou yo kenbe anpil lòt bagay yo te transmèt yo: lave gode,
krich, vèso an kuiv ak kabann.
Konsa Farizyen
yo ak skrib yo mande: "Poukisa disip ou yo pa mache daprè abitid ansyen
yo, men y’ap manje manje yo ak men yo sal"?
Men li menm li
reponn, li di yo: "Izayi te pale byen sou nou kòm pwofèt, bann ipokrit,
jan sa ekri a. 'Pèp sa a se ak po bouch l’ap fè lwanj mwen, men kè yo lwen m’.
Se pou granmesi y’ap ofri m’ sèvis antan y’ap bay ansèyman ak kòmandman
moun". Nou kite kòmandman Bondye a, nou kenbe abitid moun yo: N’ap lave
krich, gode ak dòt bagay konsa n’ap fè an kantite".
Li t’ap di yo:
"Nou anile kòmandman Bondye a byen pwòp, pou nou kenbe abitid pa nou.
Moyiz te di: 'Respekte papa ou ak manman-ou'; epi: 'Moun ki madichonnen papa
oubyen manman l’, se pou l’ mouri byen mouri". Nou menm menm nou di: 'Si
yon moun di papa l’oubyen manman l’: Kòban (sa vle di kado), tout sa m’ genyen
pou m’ te ba ou a'; nou pa kite l’ fè anyen ankò pou papa l’oubyen manman l’,
nou chire pawòl Bondye a pou abitid pa nou, sa nou menm nou transmèt; epi se
konsa nou fè anpil bagay".
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Premye lekti a pale nou sou istwa
Kreyasyon an. Nou ka aprann jan syèl
la ak tè a te kreye, kilès ki te kreye yo. Se Bondye ki Kreyatè e ki Mèt tout sa ki eziste.
Bondye, lè li fini fè syèl la, tè a ak lanmè a, li fè pyebwa yo, bèt ki sou tè
ak nan lanmè, zwazo k’ap vole ; lè li fin mete tout bagay an plas, li wè
« yo bon », sa vle di tout sa Bondye kreye, yo bon. Se kesyon ke
anpil moun abitye poze : Kijan syèl la ak tè a fè ekziste ?
Kijan mwen fè ap viv ? Nan premye chapit premye liv Labib la, nou jwenn
yon gran pati nan repons kesyon sa yo. Men lè n’ap reflechi sou moun nan, lè
Bondye fin fè l’, li di « li trè bon ». Sa se pa ti bagay non, Bondye
ki se bonte a menm di moun nan li fin fè, « li trè bon ». Sa vle di
Bondye kreye nou e li renmen nou, li te santi l’satisfè.
Nou menm moun, nou se
zèv lanmou Bondye, li kreye nou pòtre avè l’. Sosyete n’ap viv la ba nou modèl
moun ki bèl, moun ki gen valè, moun ki pa swiv modèl sa yo pa gen plas yo. Men
pawòl nou sot li yo demanti tout prejije sa yo, Bondye fè nou diferan, li kreye
nou diferan, men li kreye nou egal ego. Chak moun gen bote ak bonte pa l’. Pou sa pesonn pa ka di pwòp tèt pa l’oswa yon
lòt moun lèd ; non plis li pa bon pou pèson di pwòp tèt li osinon yon lòt
moun pa sèvi anyen.
Levanjil la pale
nou de yon seri pèsekisyon farizyen ak pwofesè Lalwa yo te konn fè Mesi a, yo
akize Jezi ak patizan l’ yo pou di pa swiv Lalwa ki mande pou moun lave men yo
avan yo manje.
Nan repons Jezi fè yo, li repwoche yo ipokrizi yo lè y’ap
kite kòmandman Bondye ki se lanmou, jistis, lacharite, pou yo swiv pwòp
kòmandman pa yo ki pa gen pou wè avèk wayòm syèl la.
LAPRIYÈ : Mèsi Granmèt
paske ou kreye m’, ou ban m’ lavi, ou fè m’ sanble avè w’.Tanpri, ede m’
kontanple imaj bèlte ou nan frè ak sè mwen yo.
PWOPOZISYON: Si
ou ta wè yon moun dekouraje ak lavi, fè li sonje li se zèv Bondye plis
renmen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario