Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Granmèt Bondye pran moun
nan, li mete l’ nan paradi plezi a".
LEKTI LIV LAJENÈZ
2, 4b-9. 15-17
Jou Granmèt
Bondye te fè syèl la ak tè a, pa t’ gen okenn ti pye bwa ki te leve sou tè a,
ni okenn zèb jaden pa t’ ko jèmen; sèke Granmèt Bondye pa t’ fè lapli tonbe sou
tè a, pa t’ ko gen moun pou te travay tè a; men yon ti sous t’ap monte sot nan
tè a pou l’ wouze tout fas tè a.
Konsa
Granmèt Bondye fòme moun nan ak labou tè a, li soufle yon souf lavi nan fas li,
moun nan vin tounen yon nam ki vivan.
Granmèt Bondye plante yon paradi plezi
depi nan kòmansman, li mete moun nan li te fòme a ladan l’. Ak tè wouze a,
Granmèt Bondye fè tout kalite pye bwa pouse, ki bèl pou gade, ki dous pou manje;
menm pye bwa lavi a te nan mitan paradi a ak pye bwa syans byen ak mal la.
Granmèt Bondye pran moun nan, li mete l’
nan paradi plezi a, pou l’ travay li, pou l’ gade l’, li pase l’ lòd, li di :
"Nan tout pye bwa paradi a ou mèt manje ; men nan pye bwa syans byen ak
mal la, pa manje ; paske jou ou ap manje ladan l’, w’ap mouri byen mouri».
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS 103, l-2a.
27-28.
29bc-30
R/ Fè konpliman pou Granmèt la, nam mwen.
Fè
konpliman pou Granmèt la, nam mwen: Granmèt Bondye m’, ou gran anpil.
Ou
abiye ak lwanj, ak glwa, ou vlope ak limyè tankou yon rad.R.
Yo
tout ap tann ou, pou ou ba yo manje nan tan yo.
Antan
ou ba yo, yo rasanble, antan ou ouvri men ou, ou plen yo ak byen.R.
Lè
ou raple espri yo, y’ap mouri, se nan pousyè yo y’ap tounen.
W’ap
voye espri ou, y’ap kreye, w’ap refè fas tè a.R.
LEVANJIL
"Se
sa k’ sòti nan moun nan, se sa ki sal moun nan".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ SEN MAK 7, 14-23
Lè sa a :
Jezi rele foul la ankò, li
t’ap di yo: "Koute m’, nou tout, epi chèche konprann. Nan
pwen anyen ki andeyò moun nan ki antre nan li, ki kapab sal li; men se sa k’
sòti nan moun nan, se bagay sa yo ki sal moun nan. Si yon moun gen zòrèy pou l’
tande, se pou l’ tande".
Lè l’antre nan kay la, lwen foul la, disip li yo poze l’
kesyon sou parabòl li a. Li di yo:
"Konsa ni nou menm tou nou pa gen konprann? Nou pa konprann, kijan tout sa
k’ deyò ki antre nan moun nan pa kapab sal li, paske li pa antre nan kè l’, men
se nan vant li 1’ale, epi li sòti al nan kote ki separe, pou l’ pwòpte tout manje"?
Li
t’ap di: "Se sa k’ sòti nan moun nan, se sa k’ sal moun nan. Sèke se
anndan an, nan kè moun nan move panse ap sòti, adiltè, move plezi, touye moun,
vòlè, renmen lajan, mechanste, riz, move konduit, move je, blasfèm, pran pòz,
manke refleksyon. Tout bagay sa yo ki move yo, se anndan yo sòti, yo sal moun
nan".
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Premye lekti a ke nou li nan Liv Lajenèz la pale nou
sou kreyasyon moun. Jounen jodi a genyen de gwo kouran ki eksplike orijin moun:
youn se kreyasyon, lòt la se evolisyon. Sa
mete de gwoup moun kanpe fas a fas. Sa lakòz de pozisyon diferan. Kidonk gen
yon pwoblèm ki poze depi lontan. Ebyen istwa nou sot li a nan liv Lajenèz la,
li rezoud pwoblèm nan: sèke se Bondye ki kreye moun aprè li te fin kreye tout
sa li te konnen moun nan ta pral bezwen.
Kidonk, moun se zèv lanmou
Bondye. Sa ki pi enteresan toujou, sèke Bondye fè moun nan sanble avèk li epi
li ba l’ pouvwa sou tout bagay sou latè. Sa kapab pèmèt nou konprann kijan
Bondye renmen nou kòm moun. Men konsa tou, li montre nou byen ak mal, epi l’
kite nou lib pou n’ chwazi.
Nan Levanjil la, Jezi ap
anseye nou ke tout sa Bondye fè bon. Se movèz entansyon nou
yo ki ka kòwonp sa n’ap fè. Poutèt sa Jezi di nou: «Se sa k’ sòti nan moun nan, se sa k’ sal moun nan.» (Mt 7,15).
Eksperyans ofanse Bondye a, se yon reyalite. E se avèk anpil fasilite ke
kretyen an kapab dekouvri tach mal la epi wè yon mond ki redui an esklavaj akòz
peche a. Misyon Jezi konfye nou an, se netwaye tout salte movèz entansyon lèzòm
pote nan mond lan, ak konkou lagras Bondye.
Sèl
bagay ki kapab fè plan Bondye echwe, se volonte nou. Kidonk nou dwe pran anpil
prekosyon pou sa pa rive.
Anpil
fwa nou melanje lanmou avèk vanite, dekourajman, mank lafwa, enpasyans pou nou
tann rezilta k’ap vini. Se poutèt sa Sen Gregwa Le Gran mete nou an gad lè li
di:
«Ala egare vwayajè sa a egare, lè li wè bèl
ti jaden flè sou chemen li, li bliye kote li ta prale a!».
Nou
kapab rive reyalize gwo bagay si nou rann nou kont ke chak aksyon n’ap poze, li
dwe yon aksyon pou sove nan mezi li makonnen ak pwòp aksyon Kris la.
LAPRIYÈ:
Tanpri, Granmèt, voye limyè Lespri Sen w’ nan vin dirije panse mwen ak aksyon
mwen.
PWOPOZISYON: Santiman mwen genyen vizavi lòt yo
anpil fwa fè m’ pa ka dekouvri vizaj Bondye nan yo. Jodi a, m’ap libere kè mwen, m’ap kiltive bon santiman
antan m’ap kwape move santiman.
No hay comentarios:
Publicar un comentario