Koulè Blan.
Sen Siril, mwán
ak Sen Metòd, Evèk
PREMYE LEKTI
"M’ap efase
moun nan mwen te kreye a sot sou fas tè a".
LEKTI LIV LAJENÈZ
6, 5-8; 7. 1-5. 10
Lè Bondye wè kijan mechanste
moun yo te anpil sou tè a, kijan tout panse kè yo te dirije nan mal tout tan,
li regrèt li te fè moun nan sou tè a. Li santi kè l’ fè l’ mal ak doulè sou pa
andan, li di: "M’ap efase moun nan mwen te kreye a sot sou fas tè a, depi
moun jous sou bèt, depi sa k’ap glise atè jous sou zwazo syèl yo; sèke mwen
regrèt mwen te fè yo".Men Noe te jwenn gras devan Granmèt la.
Granmèt la
di l’: "Antre nan ach la, ni ou menm ni tout kay ou a ; paske se ou menm
mwen wè ki kòrèk devan m’ nan ras sa a. Nan tout bèt ki pwòp yo, pran sèt ak
sèt, mal ak femèl ; nan bèt yo ki pa pwòp yo menm se de ak de, mal ak femèl.
Nan zwazo syèl yo tout se sèt ak sèt, mal ak femèl, pou ras la kapab sove sou
fas tout tè a. Sèke nan kèk tan ankò, aprè sèt jou, m’ap fè lapli tonbe sou tè
a pandan karant jou ak karant nuit, m’ap efase tout vivan mwen te fè, sot sou
fas tè a.
Noe fè tout sa Granmèt la te mande l’.
Lè sèt jou yo fi n’ pase, dlo delij yo kouvri anlè tè a.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS 28, la e 2. 3ac-4. 3b e 9b-10 (r.: llb)
R/ Granmèt la ap beni pèp li a nan lapè.
Pote bay Granmèt la, pitit Bondye yo,
Pote bay Granmèt la glwa non l’,
Adore Granmèt la nan glwa ki sen an.R.
Vwa Granmèt la sou dlo yo,
Granmèt la sou dlo yo ki anpil yo.
Vwa Granmèt la nan pouvwa, vwa Granmèt
la nan grandè.R.
Bondye grandè a fè tande vwa l’; nan
tanp li a tout moun rele viv.
Granmèt la abite anlè delij la,
Granmèt la ap chita kòm wa pou tout tan.R.
LEVANJIL
"Fè
atansyon leven Farizyen yo ak pa Ewòd la".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ SEN MAK: 8, 14- 21
Lè
sa a:
Disip
yo te bliye pran pen, yo pa t’ gen pen avèk yo nan batiman an, sof yon sèl.
Jezi pase yo lòd, li di: "Fè atansyon leven Farizyen yo, ak leven Ewòd
la".
Yo
t’ap kalkile youn ak lòt, yo t’ap di: "Se paske nou pa gen pen yo".
Li
menm li konn sa, Jezi di yo: "Pouki sa n’ap kalkile di se paske nou pa gen
pen an? Èske nou pa konnen, èske nou pa konprann? Èske kè nou bouche toujou?
Èske nou gen je epi nou pa wè? Èske nou gen zòrèy epi nou pa tande? Èske nou pa
sonje? Lè mwen te kase senk pen yo pou senk mil la, konbyen panye plen moso nou
te ranmase"?
Yo
di l’: "Douz".
"Lè
se te sèt pen yo pou kat mil la, konbyen panye moso nou te ranmase"?
Yo
di l’: "Sèt".
Li
t’ap di yo: "Kòman fè nou pa ko konprann toujou"?
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, yon lòt fwa ankò, nou wè kijan Jezi Granmèt la
fèm. Li aji yon fason ki etone nou, paske li pa fè menm jan ak tout moun, li
original.
Li sot
akonpli kèk mirak e li sou wout pou li ale nan yon lòt sektè, yon lòt zòn, kote
sous lagras Bondye a dwe rive. Se nan kontèks mirak sa a ke yon nouvo gwoup moun
t’ap tann li e li di yo: «Fè atansyon
leven Farizyen yo, ak leven Ewòd la»(Mk 8,15), paske farizyen yo ak moun
Ewòd yo, pa vle yo konnen gras Bondye a e yo pase tan yo ap simen zizani nan
mond lan.
Lafwa pa
depann de zèv, paske «yon lafwa ke nou
menm nou ka detèmine se pa yon lafwa» (Benwa XVI). Okontrè, se sèv yo ki
depann de lafwa a. Yon lafwa ki vrè, se yon lafwa an aksyon, dinamik; se pa yon
lafwa kondisyone e ki sipèfisyèl, yon lafwa sou po ki chita sou aparans…Lafwa
nou dwe yon lafwa reyèl. Fòk nou gade avèk je Bondye, se pa avèk nou kòm pechè:
«Kòman fè nou pa ko konprann toujou»?
(Mk 8,17).
Wayòm
Bondye a gaye toupatou nan mond la tankou lè yo mete yon dòz leven nan yon pat:
li devlope san pèsonn pa konnen kòman. Se konsa vrè lafwa a dwe ye, li dwe
grandi nan renmen Bondye. Se poutèt sa anyen ni pèsonn pa ka detounen nou nan
vrè rankont avèk Granmèt la ak mesaj li a ki gen pouvwa pou sove nou an. Granmèt
la pa pèdi okazyon pou li anseye nou li e se sa li kontinye ap fè jodi a, nan
tan n’ap viv la:
«Nou
dwe libere nou ak fo lide ki vle fè n’ kwè ke lafwa pa gen anyen ankò pou di
moun k’ap viv nan epòk nou an» (Benwa XVI).
LAPRIYÈ: Granmèt, mwen kwè,
men tanpri, vin pote m’ sekou. Mwen twò fèb, ogmante lafwa mwen.
PWOPOZISYON: Kisa
mwen kwè lafwa ka rezoud pou mwen nan tan m’ap viv la? M’ap reflechi sou kalite
lafwa mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario