Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Kayen leve kont frè l’
Abèl, li touye l’".
LEKTI LIV LAJENÈZ 4, 1-15. 25
Adan vin gen relasyon avèk madanm li Èv, ki vin ansent,
epi ki fè Kayen, li di: "Mwen posede yon moun gras a Bondye". Aprè
sa li fè frè l’ la Abèl. Abèl menm te gadyen mouton, Kayen te kiltivatè.
Aprè
anpil jou, rive Kayen t’al ofri nan fwi tè a kòm kado pou Granmèt la. Abèl tou
te ofri nan premye pitit mouton l’ yo, ak nan grès yo. Granmèt la voye je sou
Abèl ak sou kado l’ yo; men kanta Kayen menm ak kado l’ yo, li pa gade yo. Kayen
fache anpil, figi l’ vin fennen.
Granmèt
la di l’: "Pouki sa ou fache a? epi pouki sa figi ou fennen an ? Èske si
ou aji byen, ou p’ap jwenn rekonpans; otreman si ou aji mal, menm lè a peche a
kanpe nan papòt la? Men se anba ou anvi l’ap ye, se ou menm k’ap kraze
l’".Kayen di Abèl frè l’ la: "An nou sòti deyò". Lè yo rive nan
jaden, Kayen leve kont frè l’ Abèl, li touye l’.
Granmèt la di Kayen: "Kot Abèl frè
w’ la”?
Li reponn: "Mwen pa konnen; èske se
gadyen frè m’ nan mwen ye”?
Li di l’:
"Ki sa ou fè? Vwa san frè ou la ap rele kote m’ sot nan tè a. Koulye a
madichon pou ou sou tè a, ki louvri bouch li, ki resevwa san frè ou la sot nan
men ou. Lè w’ap travay li, tè a p’ap ba ou fwi l’ yo; se moun ki san kay ak san
peyi w’ap ye sou tè a".
Kayen di Granmèt
la: "Krim mwen an twò gran pou m’ jwenn padon. Men ou rejte m’ jodi a sot
sou fas tè a, mwen kache lwen fas ou, m’ap san kay ak san peyi sou tè a; konsa
tout moun ki jwenn mwen, l’ap touye m’".
Granmèt la
di l’: "Pa ditou, sa p’ap fèt konsa ; men tout moun k’ap touye Kayen, y’ap
pini l’ sèt fwa plis". Granmèt la mete yon siy sou Kayen, pou tout moun ki
jwenn li pa touye l’.
Adan vin
gen relasyon ankò avèk madanm li, li fè yon ti gason, li rele non l’ Sèt, li
di: "Bondye ban m’ yon lòt desandans nan plas Abèl, sa Kayen te touye
a".
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS 49, 1 e 8.
16bc-17. 20-21 (r.: 14a)
R/ Ofri sakrifis lwanj bay Bondye.
Bondye dye yo Granmèt la
pale, li rele tè a depi kot solèy leve jous kote l’ kouche. Se pa nan sakrifis
ou yo m’ap regle kont avèk ou; sakrifis antye ou yo devan m’ tout tan.R.
Pouki sa w’ap detaye
kòmandman m’ yo, w’ap mete testaman m’ nan nan bouch ou? Epoutan ou rayi
disiplin, ou voye pawòl mwne yo jete dèyè do ou.R.
Lè ou chita, se kont frè ou
w’ap pale, se kont pitit manman ou w’ap di bagay pou ou avili l’.
Se
bagay sa yo ou te fè, epi mwen te pe bouch. Ou te konprann mwen te sanble avèk
ou: m’ap fè ou eksplikasyon, m’ap drese yo kont fas ou.R.
LEVANJIL
"Pouki
sa ras sa a ap mande siy nan"?
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ SEN MAK 8, 11-13
Lè sa a :
Farizyen yo sòti, yo kòmanse
ap diskite avèk Jezi, y’ap chèche pou l’ bay yon siy ki sot nan syèl la, pou yo
tante l’. Li plenn nan lespri l’, li di: "Pouki sa ras sa
a ap chèche siy nan? Amèn mwen di nou, yo p’ap bay ras sa a siy".
Li
voye yo al fè wout yo, li monte ankò nan batiman an, 1’al fè wout li lòt bò
lanmè.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, Levanjil la sanble pa
aprann nou anpil bagay ni sou Jezi ni sou nou menm. «Poukisa ras sa a ap mande siy nan?» (Mk 8,12). Pou kòmante pasaj sa
a, Sen Jan Pòl II te di: «Jezi envite nou disène pawòl ak zèv ki bay temwayaj
(yo se siy) sou vini Wayòm Papa a».
Nou ta
di ke Juif yo ki t’ap poze Jezi kesyon, yo te manke kapasite oubyen volonte pou
disène siy sa a vrèman vre ki se tout aksyon, tout zèv ak pawòl Granmèt la.
Jodi a, gen moun ki kontinye ap mande
Jezi siy: Se pou Li fè prezans li yon bagay ki parèt aklè, se pou Li di nou klè
sa nou dwe fè. Pap la fè nou wè ke Jezi refize bay juif yo (kidonk, nou menm
tou) siy, paske li vle «chanje lojik mond lan k’ap chèche siy pou konfime dezi
li gen pou afime pwòp tèt li ak puisans lèzòm». Juif yo pa t’ vle nenpòt siy;
yo te vle yon siy ki te endike ke Jezi se te vrèman kalite Mesi yo t’ap tann
nan. Yo pa t’ap tann yon moun ki t’ap vini pou sove yo, men yon moun ki t’ap ba
yo rezon nan fason yo t’ap aji».
Finalman, lè juif nan tan Jezi yo (ak
kretyen jounen jodi a) mande siy – yon fason oubyen yon lòt- sa yo fè, ebyen se
mande yo mande Bondye pou Li aji menm jan avèk yo, nan fason pa yo, fason yo
kwè ki pi bon e ki, nan fason sa a, kore fason yo aji. E Bondye ki konnen e ki
ka fè plis (se pou sa nan «Papa Nou» an nou mande pou volonte li fèt), li gen
chemen pa li, menm si li parèt difisil pou nou konprann sa. Men li kite moun
k’ap chache li jwenn li e, si nou mande li disènman, Li va fè nou konprann sa
ki estil pa li e kijan nou ka dekouvri siy li yo nan tan n’ap viv la.
LAPRIYÈ:
Granmèt, ou menm ki pa janm bouke pale ak lèzòm, se nan Jezi ki te tounen moun
nou dekouvri kijan ou renmen nou epi ou vle sove nou, tanpri ede m’ dekouvri
nan ki siy w’ap kominike avèk mwen jodi a.
PWOPOZISYON: M’ap eksplike kèk moun siyifikasyon siy ak senbòl yo nan
Legliz Katolik la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario