Koulè Vèt
SIZYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ, ANE-A
PREMYE LEKTI
« Li pa kòmande pèsòn pou l’aji mal ».
NAN LIV SIRASID
15,16-21
Si ou vle kenbe
kòmandman yo, y’ap prezève ou, pou ou ret fidèl ap fè l’ plezi tout tan. Li
mete dlo ak dife devan ou ; kote ou vle, plonje men ou. Devan moun nan
se lavi ak lanmò, byen ak mal: sa k’ fè l’ plezi, li ba li l’.
Sèke sajès
Bondye a anpil, li menm ki fò nan pouvwa, li wè tout bagay san rete. Je Granmèt
la sou moun ki krenn li yo, li konnen tout travay moun nan.
Li pa kòmande
pèsòn pou l’ aji mal, li pa bay pèsòn avantaj pou fè peche.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 118, 1-2. 4-5. 17-18. 33-34
R/ Ala kontantman
pou moun k’ap mache nan lalwa Granmèt la.
Ala kontantman
pou moun ki entak sou wout la, k’ap mache nan lalwa Granmèt la. Ala kontantman
pou moun ki kenbe temwayaj li yo, k’ap chèche l’ak tout kè yo.R.
Ou menm ou pase
lòd pou yo obsève kòmandman ou yo byen. Mwen swete pou wout mwen yo dirije pou
yo kenbe desizyon an yo.R.
Fè sèvitè ou
dibyen, m’a viv, m’a kenbe pawòl ou a. Devwale je m’, m’a konsidere mèvèy nan
lalwa w’ la.R.
Poze lalwa a
pou mwen, Granmèt, chemen desizyon w’ yo, m’a obsève yo tout tan. Ban
m’entelijans, m’a obsève lalwa w’ la, m’a kenbe l’ak tout kè m’.R.
DEZYÈM LEKTI
« Bondye fikse sajès la davans anvan syèk tan yo, pou glwa nou ».
NAN PREMYE LÈT
APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN YO 2, 6-10
Frè m’
yo :
Se sajès n’ap
pale nan pami moun ki kòrèk yo, men yon sajès ki pa sot nan syèk sa a ni nan
chèf syèk sa a, yo menm k’ap disparèt la.
Men n’ap pale
sajès Bondye nan mistè, sa k’ kache a, sa Bondye mete apa davans depi anvan
syèk tan yo pou glwa nou an li menm okenn nan chèf syèk sa a pa t’ konnen;
paske si yo te konnen l’, yo pa ta janm kloure Granmèt glwa a sou kwa a. Men,
jan sa ekri a, sa « je pa t’ wè, ni zòrèy pa t’ tande, sa ki pa t’ monte
nan kè moun, sa Bondye te pare pou sa yo ki renmen l’ nan ».
Sèlman Bondye
devwale nou li pa lentèmedyè Espri l’ la. Sèke Espri a sonde tout bagay, jous
pwofondè Bondye.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
« Se konsa yo te di ansyen yo ; mwen menm menm mwen di
nou ».
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, 17-37
Lè sa a: Jezi
di disip li yo:
«Pa konprann
mwen vini pou m’ defèt lalwa a oubyen Pwofèt yo: mwen pa vin defèt, men
reyalize nèt. Amèn mwen di nou, joustan syèl la ak tè a pase, yon ti «i» oubyen
yon ti trè p’ap pase sot nan lalwa a, joustan tout bagay fèt.
Konsa moun k’ap
defèt youn nan pi piti kòmandman sa yo epi k’ap aprann moun yo fè konsa, y’ap
rele l’ pi piti nan peyi-wa syèl yo; men moun k’ap fè, epi k’ap aprann, moun sa
a, y’ap rele l’ gran nan peyi-wa syèl yo.
Mwen di nou, si
jistis nou pa depase pa skrib yo ak Farizyen yo, nou p’ap antre nan peyi-wa
syèl yo.
Nou te tande yo
te di ansyen yo: «Pa touye»; moun ki touye, li merite jijman. Mwen menm mwen
di nou : Tout moun ki fè kòlè kont frè l’, li merite jijman. Moun ki di
frè l’ : « Tèt vid », li merite tribinal. Moun ki di :
« Moun fou », li merite boukan dife a.
Konsa, si w’ap
ofri kado ou devan lotèl la, epi lè ou rive la, ou sonje frè ou gen kichòy kont
ou, kite kado w’ la la menm devan lotèl la, al rekonsilye avèk frè w’ la
anvan ; aprè sa w’a vini, w’a ofri kado ou la.
Mete ou dakò
avèk ènmi ou nan byen vit, pandan ou sou wout avèk li ; pou ènmi ou nan pa
renmèt ou nan men jij la, pou jij la pa renmèt ou bay gad la, pou yo pa voye ou
nan prizon. Amèn mwen di ou, ou p’ap sòti la, joustan ou renmèt dènye santim
nan.
Nou te tande yo
te di ansyen yo : « Pa fè move plezi ». Mwen menm mwen di
nou : Tout moun ki gade yon madanm pou l’anvi l’, li deja fè move plezi
avèk li nan kè li. Si je dwat ou vle fè ou tonbe nan peche, rache l’, jete l’
lwen ou ; li pi bon pou ou pou youn nan manb ou yo pèdi, pase pou yo jete
tout kò ou nan dife. Si men dwat ou fè ou tonbe nan peche, koupe l’, jete l’
lwen ou ; li pi bon pou ou pou yon sèl nan manm ou yo pèdi, pase pou tout
kò ou ale nan dife.Yo te di tou : « Si yon moun ranvwaye madanm li,
se pou l’ ba li biye divòs ». Mwen menm mwen di nou : Yon moun ki
ranvwaye madanm li, sof si li menm ak madanm nan t’ap viv nan plezi lachè san
yo pa marye, li fè l’ vin tounen adiltè, moun ki marye avèk yon divòse, li fè
adiltè.
Nou te tande
ankò yo te di ansyen yo : Pa fè sèman, renmèt Granmèt la sa ou pwomèt nan
sèman ou yo ». Mwen menm mwen di nou pou nou pa fè sèman ditou : ni
sou syèl la, paske se twòn Bondye li ye ; ni sou tè a, paske se
macheskalye pye l’ ; ni sou Jerizalèm, paske se vil gran wa a; ni pa fè
sèman sou tèt ou paske ou pa kapab fè yon sèl cheve vin blan oubyen nwa.
Se pou pawòl ou
« wi, wi ; non, non » ; sa k’ an plis nan bagay sa yo, se
nan pabon an li sòti ».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Levanjelis la mete nan
pawòl Jezi yo tout sa lalwa a te ekzije moun ki t’ap viv nan tan Matye yo. An
menm tan tou, li pale sou avètisman Jezi ki pa vini pou detwi men pou akonpli.
Kidonk Jezi vini akonpli tout sa pwofèt yo te anonse depi byen lontan. Devan
tout moun ki t’ap swiv li nan tan li te sou tè a ak moun ki te gen pou swiv li
aprè sa, Jezi mete yon gwo defi : Ebyen lalwa te di tèl bagay ke nou dwe
fè, ke nou dwe akonpli (Pa ekzanp, pa touye ; èske nou kapab ale pi lwen
ke sa lalwa mande nou ? Konsa li pa ta sifi pou nou sèlman pa touye ;
li ta enpòtan tou pou nou pa fè kòlè, fache kont frè nou, pa bòykote yo, pa
pile yo, pa inyore yo, pa depresye yo, pa bliye yo. Men si nou ta montre youn
nan atid sa yo natirèlman, nou dwe prese repare sa ; paske si se pa sa
ofrann nou yo p’ap fè Bondye plezi.
Kisa Jezi di sou koze
relasyon ak medam yo ? Espesyalis
Labib la yo presize, epi yon fason ki trè enteresan yo mete aksan sou volonte
Jezi te genyen pou li te fè respekte medam ki t’ap viv nan tan li yo. Jwif yo
te apèn konsidere fanm yo kòm yon bagay. Atravè istwa, pandan anpil tan, yo te
prèske pa bay fanm okenn valè. Divizyon limanite ant fanm ak gason, sa pote yon
gwo konsekans ki eksite medam yo.
Lòt defi Jezi mete devan
kretyen an, se sa : konsidere fi a tankou yon moun ke ou kapab pataje yon
pwojè lavi avèk li, defi pou bay mond lan yon gwo leson antan ou montre ki
mèvèy 2 moun kapab fè lè y’ap viv nan tèt ansanm nan Kris la, san youn pa
konsidere li plis pase lòt.
Lòt defi Jezi mete devan
nou jodi a, se aprann di «wi» ou «non», san nou pa ajoute plis detay. Kidonk,
li enpòtan pou nou konsekan ak tèt nou kòm moun. Nan kèk sikonstans nou kapab
di «wi» epi nou kenbe mo nou nèt ; konsa tou nan lòt sikonstans nou kapab
di non epi nou kenbe mo nou.
An nou mande Bondye pou menm
jan ak Lavyèj Mari nou aprann di li «wi» epi pou nou kenbe wi nou nèt ale.
LAPRIYÈ : Granmèt tanpri, ede nou mete tèt
nou ansanm nan renmen, dyalòg ak solidarite, ede konbat tout konplèks ki fè nou
santi nou plis pase lòt moun ; aprann nou mete tèt nou ansanm pou nou youn
aprann padone lòt, ede nou ale pi lwen pase limit nou yo. Pa pouvwa Jezikri.
Amèn.
PWOPOZISYON : Si m’ te gen yon ti
pwoblèm ak yon moun, m’ap rekonsilye ak li jodi a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario