Koulè Vèt ou Blan.
MARI KI SIN, KI VIÈJ, NOTRE-DAM DE LOUD
JOUNEN MONDYAL LAPRIYÈ
POU MALAD
PREMYE LEKTI
"Granmèt
la voye l’ ale sot nan paradi plezi a, pou l’ travay tè a".
LEKTI
LIV LAJENÈZ 3, 9-24
Granmèt
la rele Adan, li di l’: "Kote nou” ?
Li
di: "Mwen te tande vwa ou nan jaden an, mwen te pè, paske mwen te nikò,
mwen te kache kò m’".
Li
di l’:"Kilès ki te montre ou ou te ni-kò, si se pa paske ou te manje nan
pye bwa a, sa m’ te pase ou lòd pou ou pa t’ manje ladan l’ nan”?
Adan
di: "Se madanm nan ou te ban mwen kòm asosye a, ki ban mwen nan pye bwa a,
mwen manje.
Granmèt
Bondye di madanm nan: "Pouki sa ou fè sa a”?
Li
reponn: "Se sèpan an ki twonpe m’, mwen manje".
Granmèt
Bondye di sèpan an : "Poutèt ou fè sa, madichon pou ou nan pami tout vivan
ak bèt sou tè a: sou lestomak ou w’ap mache, se tè w’ap manje tou le jou lavi
ou. M’ap met rayisans ant ou menm ak madanm nan, ant ras ou ak ras pa l’ ; li
menm madanm nan l’ap kraze tèt ou, ou menm w’ap mete pyèj pou li nan talon
l’".
Madanm
nan tou, li di l’: "M’ap fè ou soufri anpil lè w’ap ansent; se nan doulè
w’ap anfante pitit yo, w’ap anba pouvwa mari a, li menm l’ap kòmande sou
ou".
Kanta
pou Adan menm li di : "Poutèt ou koute vwa madanm ou, ou manje nan pye bwa
a, sa m’ te pase ou lòd pou ou pa manje ladan l’ nan, tè a madichonnen nan
travay ou; se nan redi w’ap manje ladan l’ tout jou lavi ou. Se pikan ak
chadwon l’ap jèmen pou ou, w’ap manje zèb tè a. Se nan swe figi ou w’ap manje
pen, joustan ou tounen nan tè a, kote yo te pran ou nan; paske se pousyè ou ye,
e se nan pousyè w’ap tounen".
Adan
rele non madanm li "Èv", paske se manman tout vivan yo li te ye.
Granmèt
Bondye fè rad ak po bèt pou Adan ak madanm li, li abiye yo, li di: "Men
Adan vin tounen tankou youn nan nou, antan l’ konnen byen ak mal; koulye a
pinga l’ lonje men l’ pou l’ pran nan pye bwa lavi a, pou l’ manje, pou l’ viv
tout tan.
Granmèt
Bondye voye l’ale sot nan paradi plezi a, pou l’ travay tè a, kote yo te pran
l’ nan. Li chase Adan, li plase Cheriben devan paradi plezi a ak yon epe k’ap
flanbe, k’ap vire nan tout sans, pou l’ veye sou wout pye bwa lavi a.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS 89, 2. 3-4.
5-6.
12-13 (r.: 1)
R/ Granmèt, ou sèvi nou kachèt, sot nan
jenerasyon al nan jenerasyon.
Anvan mòn yo fèt oubyen tè a ak fas tè a
gen nesans, depi tout tan epi jous pou tout tan ou se Bondye.R.
Ou fè moun nan tounen nan pousyè ; ou di
: "Tounen, pitit moun yo".
Sèke mil ane devan je ou se tankou
jounen yè a ki pase, ak yon vèy nan nuit.R.
Ou fè dòmi tonbe sou yo, nan maten, y’ap
tankou zèb k’ap pouse: nan maten li fleri, li grandi, nan aswè, li fennen, li
seche.R.
Aprann nou konte jou nou yo, pou nou
mete kè nou nan chemen sajès la. Tounen, Granmèt, jouskilè? Pran pitye pou
sèvitè ou yo.R.
LEVANJIL
"Yo manje, yo gen vant plen".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ SEN MAK 8, 1-10
Jou sa yo
ankò, kòm foul la te anpil, epi yo pa t’ gen anyen pou yo te manje, Jezi rele
disip li yo, li di yo : "Mwen gen pitye sou foul la, paske men deja twa
jou yo kanpe avèk mwen, epi yo pa gen anyen pou yo manje ; si m’ ranvwaye yo
san manje lakay yo, y’ap tonbe feblès sou wout la : kèk nan yo menm vin sot
byen lwen".
Disip
li yo reponn li : "Kote yon moun kapab bay moun sa yo manje pou satisfè
apeti yo isit la nan dezè a” ?
Li
poze yo kesyon: "Konbyen pen nou genyen”?
Yo
di: "Sèt".
Li
pase foul la lòd pou l’ kouche atè a li pran sèt pen yo, li di Bondye mèsi, li
bay disip li yo pou yo ofri yo, yo ofri foul la. Yo te gen kèk ti pwason, li
beni yo, li pase lòd pou yo ofri yo.
Moun
yo manje, apeti yo satisfè; yo ranmase sa k’ te rete nan moso yo, sèt panye.
Epoutan moun ki te manje yo, yo te anviwon kat mil, epi li ranvwaye yo.
Menm lè a li monte nan
batiman an avèk disip li yo, li rive nan rejyon Dalmanouta.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Sa fè deja anpil ane depi Lavyèj te fè aparisyon nan
vilaj «Loud» nan peyi Lafrans. Vizyonè a
se «Bènadèt» ki te resevwa plizyè mesaj nan men manman Mari. Nan kòmansman, te
gen resistans pou aksepte mesaj yo men Lavyèj te fè plizyè lòt aparisyon. Mesaj
aparisyon Lavyèj nan «Loud» travèse tan yo.
Jodi a, se yon bon
okazyon pou nou kontinye fè lwanj ak konpliman pou Bondye nan bèlte Manman Mari
ki vyèj. Li se Manman nou, li se manman tout Legliz la. Nan «Loud» Bondye
kontinye fè mirak pou moun k’ap soufri tout kalite maladi, se yon kote anpil
peleren vizite tout tan pou al lapriyè epi pote soufrans yo nan pye Mari pou li
kapab entèsede pou yo jan li te fè sa nan nòs Kana a.
Jan nou toujou lapriyè,
nou kapab di:«Mari ou plen favè, Granmèt
la avèk ou, li beni w’ pase tout fi... ». Mari se ekzanp pou nou nan
lavi lafwa.
LAPRIYÈ : Bondye, ou gen mizerikòd pou malere. Nou
fèb, pòte nou sekou. N’ap fè sonje manman ou ki fèt nan vant san peche. Fè
priyè l’ede nou, pou nou sòti nan peche nou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Jodi a se yon bon jou pou nou vizite malad, lapriyè ak yo, ofri yo
kichòy, ba yo ti blag pou fè kè yo kontan.
No hay comentarios:
Publicar un comentario