Koulè Blan
SKOLASTIK KI SEN, Vyèj
(Memwa)
PREMYE
LEKTI
"N’ap tankou dye yo ki konn ni byen
ni mal".
LEKTI
LIV LAJENÈZ 3, 1-8
Sèpan an se te pi rizèz nan tout bèt yo
sou tè a, sa Granmèt Bondye te fè yo. Li di madanm nan : "Pouki sa Bondye
pase nou lòd, pou nou pa manje nan okenn pye bwa paradi a”?
Madanm nan reponn: "Nan fwi pye bwa
yo, ki nan paradi a, nou gen dwa manje ; men nan fwi pye bwa, ki nan mitan
paradi a, Bondye pase nou lòd pou nou pa manje ladan l’, pou nou pa menm touche
l’, otreman n’ap mouri". Sèpan
an menm di madanm nan : "Sa pa vre ditou, nou p’ap mouri okenn. Se
paske Bondye konnen jou n’ap manje ladan l’ nan, je nou ap louvri, n’ap vin
tankou dye yo ki konnen ni byen ni mal".
Madanm nan wè kijan pye bwa a te bon pou
manje, li te bèl pou je, aspè l’ te bay plezi, li pran nan fwi a, li manje, li
bay mari l’ la tou, ki manje. Je yo tou le de vin louvri. Lè yo rekonèt yo te
nikò, yo koud fèy fig frans, yo fè rad pou pase nan tay yo.
Kon
yo tande vwa Granmèt Bondye k’ap mache nan paradi a nan van an aprè midi a,
Adan kache kò l’ ak madanm li sot devan fas Granmèt Bondye a nan mitan pye bwa
paradi a.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS 31, 1-2.
5.
6. 7 (r.: la)
R/ Ala kontantman pou moun yo padonnin fot
li.
Ala
kontantman pou moun yo padonnen fot li, yo kouvri peche l’.
Ala
kontantman pou moun Granmèt la pa konsidere kòm koupab,
ki
pa gen riz nan lespri l’.R.
Mwen fè ou konnen peche m’
nan, mwen pa kache fot mwen an.
Mwen di: "M’ap deklare
fot mwen an devan Granmèt la".
Ou menm ou padonnen fot
peche m’ nan.R.
Se
pousa tout sen ap priye kote ou nan tan gras la.
Nan
delij gran dlo yo yo p’ap pwoche kote l’.R.
Ou
se kachèt mwen, w’ap pwoteje m’ sot nan tray la;
W’ap
vlope m’ak fèt sove ou sove m’ nan.R.
LEVANJIL
"Li
fè moun soud yo tande, li fè baba yo pale"
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ SEN MAK 7, 31-37
Lè
sa a:
Jezi
sòti nan teritwa Tir la, li travèse Sidon, li rive jous nan lanmè Galile a, nan
mitan teritwa Dekapòl la.
Yo
mennen yon moun soud ba li, moun nan te baba tou, yo t’ap priye l’ pou l’ poze
men sou li. Li pran l’ apa sot nan foul la, li met dwèt li nan zòrèy li, li
krache, li touche lang li; li leve je nan syèl la, li pouse yon ti souf, li di
l’: "Efeta", sa vle di "Louvri". Menm lè a zòrèy li louvri,
kòd lang li lage, li t’ap pale kòrèk.
Li
pase yo lòd pou yo pa di pèsòn sa. Men plis li t’ap pase lòd, se plis yo t’ap
preche sa.
Moun
yo te sezi anpil, yo t’ap di: "li fè tout bagay byen: li fè moun soud yo
tande, li fè baba yo pale".
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a ankὸ nou kontinye li nan liv Lajenѐz yon pati nan istwa Adan ak Èv, pati ki rakonte
dezobeyisans Adan ak Èv aprè Bondye te fin mete yo nan paradi a. Yo te pito
obeyi satan olye pou yo te konfὸme yo avѐk plan Bondye.
Dezobeyisans
fѐ yo gate zanmi ak Bondye, yo vin pa ka gade l’ nan je, yo te oblije kache lѐ
yo tande vwa Bondye. Se konsa nou menm tou lѐ nou tonbe nan peche, li fѐ nou pa
ka gade Bondye, peche fѐ nou tounen lènmi Bondye.
Nan
levanjil la nou wѐ kote Jezi geri yon nѐg ki te soud epi ki te bѐbѐ an menm
tan. Avan li fѐ sa pou li fѐ, li priye epi li leve je l’ nan syѐl la. Se yon
siy ki montre ke Jezi pa janm fѐ anyen pou kont li, men avѐk ѐd Papa l’ ki nan
syѐl la. Si Jezi li menm ki Bondye pa fѐ anyen san lapriyѐ, nou menm ki se
pechѐ nou dwe toujou lapriyѐ Bondye pou nou mande l’ direksyon nan tout sa n’ap
fѐ.
Si
nan premye lekti a, Adan ak Èv te tounen esklav peche jiskaske yo te gate zanmi
ak Bondye, nan Levanjil la, Jezi ki geri nѐg ki te soud epi bѐbѐ a, li libere
l’anba esklavaj maladi kote li pa t’ ka tande ni pale pawὸl Bondye. Jezi te
mande yo pa di pèsonn sa men plis li t’ap di yo sa, se plis yo t’ap rakonte sa
yo te wѐ a.
Sa
vle di, lѐ Bondye fè yon mѐvѐy nan lavi nou, nou pa kapab rete san nou pa pale,
nou pa kapab pa fѐ lὸt moun konnen sal’ fѐ pou nou.
An
nou pa kite peche fѐ nou tounen esklav pou n’ rive gate zanmi ak Bondye men pou
rive fѐ zanmi avѐk li menm jan ak nѐg nan Levanjil la pou nou kapab rive libere
anba tout kὸd peche ki vini sou tout fὸm nan lavi nou.
LAPRIYE:
Granmèt, n’ap fè
fèt pou nou fè sonje Skolastik, li vyèj, li sen. Tanpri, fè nou suiv ekzanp li,
pou nou sèvi ou avèk tout kè nou, san nou pa pè anyen. Konsa, n’a santi jan ou bon pou nou, n’a viv ak lapè.
Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Repouse
nan lavi nou tout sa yo ofri nou ki ka fѐ nou tonbe nan peche ki pou fѐ nou gate zanmi ak Bondye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario