Koulè Vyolèt
TWAZYÈM DIMANCH KARÈM, ANE A
PREMYE LEKTI
«Ba nou dlo
pou nou bwè».
LEKTI LIV EKZÒD 17, 3-7
Jou sa yo:
Pèp la te swaf poutèt pa t’ gen dlo,
li babye kont Moyiz, li di: «Pouki sa ou te fè nou pati kite Lejip la, pou ou
touye nou avèk pitit nou yo avèk bèt yo ak swaf? Moyiz menm rele kot Granmèt
la, li di: «Ki sa ou fè pèp sa a? yon ti kras ankò epi l’ap kalonnen m’».
Granmèt la di Moyiz: Pran devan pèp
la, pran nan ansyen Izrayèl yo avèk ou, ni baton an, sa ou te frape larivyè a,
pran l’ nan men ou, epi ale. Men m’ap kanpe laba a devan ou sou wòch orèb la;
w’ap frape wòch la, dlo ap sòti ladan l’, pou pèp la bwè».
Moyiz fè konsa devan ansyen Izrayèl
yo.Yo rele non kote sa a «Tantasyon» poutèt kont pitit Izrayèl yo, epi paske yo
te eseye Granmèt la, yo t’ap di: «Èske Granmèt la nan mitan nou oubyen non»?
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
94, 1-2. 6-7. 8-9
R/
Si jodi a
nou te kapab koute vwa Granmèt la: «Pa fèmen kè nou».
Vini, an nou fete pou Granmèt la; an
nou fè fèt pou Bondye delivrans nou. An nou pwoche devan fas li avèk lwanj,
avèk kantik, an nou fè fèt pou li.R.
Vini, an nou adore l’, an nou bese
atè, an nou ajenou devan Granmèt la ki fè nou an, paske se li menm ki Bondye
nou, nou se pèp pak li ak mouton men l’.R.
Si jodi a nou te kapab tande vwa l’:
«Pa fèmen kè nou, tankou nan Meriba, daprè jou Masa nan savann nan, kote zansèt
nou yo te eseye m’ nan; yo te chèche m’ kont, malgre yo te wè travay mwen yo».R.
DEZYÈM LEKTI
«Renmen an
vide nan nou gras a lespri a yo ba nou an».
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU WOMEN
YO 5, 1-2. 58
Frè m’ yo:
Kòm nou vin kòrèk gras a lafwa a, se
pou nou gen lapè k’ap fè nou pwoche kot Bondye pa lentèmedyè Granmèt nou
Jezikri, se pa lentèmedyè l’ tou nou gen posibilite pwoche nan favè sa a pa
lentèmedyè lafwa a, favè sa a ki pèmèt nou jwenn konsiderasyon nou, antan n’ap espere
bèlte pitit Bondye yo.
Espwa a menm pa fè nou wont, paske
renmen Bondye a vide nan kè nou pa lentèmedyè Lespri Sen an yo ba nou an. Pouki
sa Jezikri, malgre nou te fèb toujou a, li mouri pou peche yo lè tan an rive a?
Apèn yon moun kapab aksepte mouri pou yon lòt ki kòrèk; pou yon moun debyen,
pètèt kilès ki kapab riske mouri? Men Bondye montre jan l’ renmen nou, paske,
malgre se pechè nou te ye, Jezikri mouri pou nou nan tan fikse a.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Sous dlo
k’ap vòltije pou lavi ki p’ap janm fini an».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI DAPRÈ JAN 4,
5-42
Lè sa a:
Jezi rive nan lavil Samari a, sa yo
rele Sika a, tou pre propriyetete a Jakòb te bay Jozèf pitit li a. Te gen pui
Jakòb la kote sa a. Jezi menm fatige ak wout la, li te chita konsa sou bò pui
a. Se te apeprè midi.
Yon madanm Samari vin pou tire dlo.
Jezi di l’: «Ban mwen bwè». Disip li yo te pati nan lavil la, pou yo achte
manje.
Madanm Samaritèn nan di l’ konsa:
Kijan ou menm ki Juif, ou kapab mande m’ bwè, mwen menm yon madanm Samaritèn»?
Reyèlman vre Juif yo pa frekante Samariten yo.
Jezi reponn, li di l’: «Si ou te
konn kado Bondye a epi kilès k’ap di ou: «Ban m’ bwè» a se ou menm ki ta mande
l’, epi li ta ba ou dlo vivan an».
Madanm nan di l’: «Mèt, ou pa menm
gen dekwa pou ou tire dlo, epi pui a fon; kote ou kapab jwenn dlo vivan an?
Èske ou pi gran pase Jakòb zansèt nou an, ki te ba nou pui a, epi li te bwè
ladan l’, ni pitit li yo ni bèt li yo»?
Jezi reponn, li di l’: «Tout moun ki
bwè nan dlo sa a l’ap swaf ankò; men moun ki bwè nan dlo m’ap ba li a, li p’ap
swaf pou tout tan; men dlo m’ap ba li a, l’ap vin tounen yon sous dlo nan li,
k’ap vòltije pou lavi tout tan an».
Madanm nan di l’: «Mèt, ban m’ dlo
sa a, pou m’ pa swaf, ni pou m’ pa vin tire dlo isit la».
Jezi di l’: «Al rele mari ou, epi
vini isit la».
Madanm nan di: «Mwen pa gen mari».
Jezi di l’: «Ou fè byen di: «Mwen pa
gen mari»; sèke se senk mari ou te genyen, epi koulye a, sila a ou genyen an,
se pa mari ou li ye: sa a se laverite ou di.
Madanm nan di l’: «Mèt, mwen wè se
yon pwofèt ou ye. Zansèt nou yo te adore sou mòn sa a, epi nou menm nou di se
Jerizalèm kote pou nou adore a».
Jezi di l’: «Madanm, kwè m’, lè a
rive, se pa ni sou mòn sa a ni Jerizalèm n’ap adore Papa a. Nou menm n’ap adore
sa nou pa konnen, nou menm nou adore sa nou konnen, paske delivrans la se nan
Juif yo li sòti. Men lè a rive, epi se koulye a, kote veritab moun k’ap adore
yo, y’ap adore Papa a nan lespri ak laverite. Reyèlman vre se kalite moun sa yo
Papa a ap chèche, pou adore l’. Bondye se Espri, moun ki adore l’ yo, se nan
lespri ak laverite pou yo adore».
Madanm nan di l’: «Mwen konnen Mesi
a ap vini, sila a yo rele Kris la; lè l’ vini, l’ap anonse nou tout bagay».
Jezi di l’: «Se mwen menm, sila a
k’ap pale avèk ou a».
Menm lè a disip li yo rive, yo te
sezi poutèt li t’ap pale avèk yon madanm nan; men pèsòn pa t’ di: «Ki sa ou
bezwen»? Oubyen: «Pouki sa w’ap pale avèk li a»? Madanm nan menm kite krich li
a, li pati nan lavil la, li di moun yo: «Vin wè yon moun ki di m’ tout sa m’ te
fè: èske se pa li menm ki Kris la»? Konsa yo sòti nan lavil la, yo vin kote l’.
Pandan tan sa a, disip li yo t’ap lapriyè l’, yo t’ap di: «Rabi, manje». Li
menm li di yo: «Mwen gen yon manje pou m’ manje, nou pa konnen li».
Konsa disip yo youn t’ap di lòt:
«Èske yon moun ta pote manje ba li»?
Jezi di yo: «Manje m’ se fè volonte
sila a ki voye m’ nan, pou m’ reyalize travay li. Èske nou menm nou pa di nan
kat mwa ankò, rekòlt la rive? Gade, mwen di nou, leve je nou, gade rejyon yo,
paske yo deja tou blan pou rekòlt la. Moun ki te simen an, li resevwa rekonpans
li, l’ap ranmase fwi pou lavi ki p’ap janm fini an, pou moun k’ap rekòlte a
kontan ansanm ak sila a ki simen an. Nan sa reyèlman vre pawòl la vre: youn
simen, lòt la rekòlte.Mwen menm mwen te voye rekòlte, kote nou pa t’ travay;
dòt te travay, epi nou menm nou antre nan fwi travay yo».
Nan lavil la anpil moun te kwè nan
li nan pami Samariten yo, poutèt pawòl madanm nan ki te sèvi temwen an: «Li di
m’ tout sa m’ te fè»! Konsa lè yo vin kote l’, Samariten yo mande l’ pou l’
rete la a. Li rete la a de jou. Gen plis moun ki kwè nan li toujou poutèt pawòl
li. Yo t’ap di madanm nan: «Koulye a se pa poutèt pawòl ou nou kwè ankò; sèke
nou tande l’ li menm, epi nou konnen sila a se Sovè tè a tout bon vre».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a, twazyѐm dimanch tan Karѐm,
nou kapab di nou deja rive nan mwatye wout nou gen pou nou fѐ
pou nou kapab fete gwo evènman Pak la, ki se sant lavi tout kretyen k’ap viv
sou fas tѐ a. Lѐ
n’ap mache nan yon wout ki long, nou toujou gen tandans gade dѐyѐ
pou nou wè ki valѐ nou fѐ
deja epi gade devan tou, pou nou wѐ
konbyen nou rete. Kidonk, nou menm kretyen nou dwe pran tan pou nou evalye tèt
nou, pou nou wè si nou akonpli tout devwa nou te genyen pou nou akonpli pandan
tan Karѐm nan.
An nou gade kisa pawὸl Bondye jodi a pote pou
nou, konsa n’a wѐ kote nou ye nou menm. Nan premye lekti a, nan liv Ekzὸd la,
nou wѐ kὸman pѐp Izrayѐl la t’ap babye kont Moyiz nan dezѐ a paske swaf t’ap
touye yo, yo pa t’ jwenn dlo pou yo bwѐ. Moyiz menm te pale ak Bondye, la menm
Bondye te bay Moyiz lὸd kisa pou li fѐ e dlo te koule an kantite, tout moun te
bwѐ dlo ki te pase swaf yo.
Tan Karѐm nan se tankou yon dezѐ pou nou,
kote gen anpil bagay nan lavi nou ki fѐ nou babye kont Bondye, anpil bagay ki
fѐ nou aji tankou engra anvѐ Bondye lѐ li fin fè yon bagay pou nou; men
malgre sa li toujou koute rѐl nou, lѐ nou rele ba li. Nan sòm 94, moun ki
ekri sòm nan envite nou pou nou pa fѐ kѐ nou di, lѐ nou tande vwa Granmèt
la, paske li toujou rete bra louvri ap tann nou, pou nou vin jwenn li.
Nan dezyѐm lekti a, nan Lèt Pὸl ekri moun Wὸm
yo, li fѐ nou sonje kὸman Bondye renmen nou, se renmen sa ki fè l’ voye sѐl
grenn Pitit li a mouri sou lakwa pou l’ te kab sove nou.
Pi devan, nan Levanjil la, nan rankont Jezi
ak madanm samaritѐn nan, nou kapab rive dekouvri plizyѐ aspѐ ki ka oryante lavi
nou, atitid nou pandan tan karѐm nan. Nan epòk sa a, Jwif avѐk samariten, se te
2 pѐp ki pa t’ danse kole youn ak lὸt, men Jezi ki se Jwif pa t’ezite pwoche bὸ
madanm nan pou l’ te mande l’ dlo. Sa vle di, tan karѐm nan, se tan pou nou
kraze tout baryѐ, tout rankin ki separe nou youn avѐk lὸt.
Dezyѐmman, madanm samaritѐn sa a, ki t’ap viv nan peche, ki te santi lavi
a fini pou li, rankont li avѐk Jezi vini transfὸme l’, li fѐ l’ vin tounen
yon moun nouvo paske Jezi trete l’avѐk respѐ avѐk diyite. Li menm tou, li te
dispoze pou l’ koute Jezi; se sa k’ fѐ gwo chanjman sa a te rive opere nan lavi
li.
Se sa tan Karѐm nan ye, tan pou nou chѐche fѐ
yon vrѐ rankont ak Jezi, dispoze nou pou tande kisa l’ap di nou, konsa nou va
fete yon fѐt Pak tout bon ak menm kѐ kontan ki t’ap debὸde nan kѐ samaritѐn nan
aprè rankont li ak Jezi.
LAPRIYÈ:Granmѐt, pandan tan karѐm
sa a, pѐmѐt nou fѐ yon rankont tout bon avѐk ou, kite nou bwѐ nan dlo lavi ki
p’ap janm fini an ; konsa nou va rive fete fѐt Pak la avѐk yon kὸ nouvo,
yon nanm nouvo, yon lespri nouvo. Amѐn.
PWOPOZISYON:Chѐche
rankontre Jezi pou n’ kòmanse yon lavi tou nѐf.
No hay comentarios:
Publicar un comentario