Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Te gen anpil
moun maladi lalèp nan Izrayèl, pèsòn nan yo pa t’ geri, sof Naaman Siryen an».
LEKTI DEZYÈM LIV WA YO 5, 1-15a
Jou sa yo:
Naaman, chèf lame wa Siri a, se te
yon mesye ki te gen gran plas kay mèt li, li te gen gwo grad: sèke se pa
lentèmedyè l’ Granmèt la te bay Siri delivrans; se te yon mesye ki te gen
pouvwa, ki te rich, men li te gen maladi lalèp.
Yon lè, gen bandi ki sòti Siri, yo
mèt men sou yon ti fi nan peyi Izrayèl la, ti fi a vin nan sèvis madanm Naaman.
Li di metrès li: «Pa pito mèt mwen t’al kot pwofèt ki Samari a! Sètènman li
t’ap geri l’ sot nan lalèp li genyen an».
Konsa Naaman antre kay mèt li, li ba
l’ nouvèl, li di: «Se tèl jan ak tèl manyè ti fi peyi Izrayèl la pale ak mwen».
Wa Siri a di l’: «Ale, m’ap voye lèt
bay wa Izrayèl la».
Li pati, li pran dis pyès lajan avèk
li, ak si mil pyès lò ak dis bèl rad, li renmèt wa Izrayèl la lèt yo, men pawòl
lèt yo: «Lè w’ap resevwa lèt sa a, w’a konnen mwen voye Naaman sèvitè m’ nan
kote ou pou ou geri l’ sot nan maladi lalèp li a.
Lè wa Izrayèl la li lèt yo, li chire
rad li, li di: «Èske se Bondye mwen ye, pou m’ kapab touye, pou m’ kapab bay
lavi, ki fè sila a voye kote m’ nan, pou m’ geri yon moun sot nan lalèp li a:
konsidere sa pou nou wè si se pa okazyon l’ap chèche pou l’ fè kont avèk mwen».
Lè Elize, moun Bondye a tande wa a
te chire rad li, li voye kote l’, li di: «Pouki sa ou chire rad ou a? Vin kote
m’ w’a konnen gen yon pwofèt nan Izrayèl».
Konsa Naaman rive ak chwal li, ak
kawòs li, li kanpe devan pòt kay Elize. Elize voye yon mesaje kote l’ pou l’
di: «Al lave kò ou sèt fwa nan Jouden an, chè ou ap rekòmanse jwenn lasante,
w’ap geri».
Naaman fache, li kòmanse rekile pou
l’ al fè wout li, li di: «Mwen te panse li t’ap sòti vin jwenn mwen, li t’ap
kanpe pou l’ rele non Granmèt Bondye l’ la, li t’ap touche kote m’ gen lalèp la
ak men l’ li t’ap geri m’. Èske gran larivyè Damas yo Anama ak
Farfar pa pi bon pase tout dlo Izrayèl yo, pou m’ ta lave kò m’ nan yo, pou m’
ta geri»?
Kòm li t’ap vire pou l’ al fè wout
li byen fache, sèvitè l’ yo pwoche kote l’, yo di l’: «Papa, si se yon gran
bagay pwofèt la te di ou, sètènman ou t’ap fè l’; ou gen plis rezon pou ou fè
sa l’ di ou koulye a: «Lave kò ou, w’ap geri».
Li desann, li lave kò l’ nan Jouden
an sèt fwa daprè pawòl moun Bondye a, chè l’ vin an sante tankou chè yon timoun
piti, li geri.
Li tounen kot moun Bondye a ansanm
ak tout gwoup li a, li rive, li kanpe devan l’, li di: «Reyèlman vre, mwen
konnen pa gen dòt Bondye sou tout tè a, sof nan Izrayèl. Mwen lapriyè ou pou ou
resevwa benediksyon nan men sèvitè ou la».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
41, 2. 3; sòm 42, 3. 4
R/
Nam mwen
swaf kot Bondye vivan an.
Kilè m’ap parèt devan fas
Bondye.Tankou yon belye anvi al nan sous dlo yo, konsa nam mwen anvi al kote
ou, Bondye.R.
Nam mwen swaf Bondye, Bondye vivan
an; kilè m’a pral parèt devan fas Bondye? R.
Voye limyè ou la ak verite ou la;
pou yo kondui m’, pou yo mennen m’ sou mòn ou a ki sen an, ak nan joupa w’ la.R.
M’ap antre kot lotèl Bondye a, kot
Bondye kè kontan mwen an. M’ap fè lwanj ou sou gita, Bondye, Bondye m’.R.
LEVANJIL
«Tankou Eli
ak Elize, se pa pou Juif yo sèlman yo te voye Jezi».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 4, 24-30
Lè Jezi rive Nazarèt, li di pèp la
nan kay reyinyon an: «An verite mwen di nou, okenn pwofèt pa jwenn moun lakay
li resevwa l’ byen. Se laverite mwen di nou, te gen anpil vèv sou tan Eli nan
Izrayèl, lè syèl la te fèmen pandan twazan ak si mwa a, lè te gen gwo grangou
sou tout tè a; men se pa kot youn nan yo yo te voye Eli, sof kot vèv la nan
Sarepta Sidon an.Te gen anpil moun maladi lalèp nan Izrayèl sou tan pwofèt
Elize; youn nan yo pa t’ geri, sof Naaman Siryen an». Tout moun nan kay
reyinyon an plen ak kòlè, lè yo tande sa. Yo leve, yo
chase l’ sot nan lavil la; yo kondui l’ sou tèt mòn nan, kote lavil yo te bati
a, pou yo jete l’ anba. Li menm menm, li pase nan mitan yo, 1’al fè wout li.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye lekti a nou
wè istwa gerizon ekstrawodinè Naaman, chèf lame Siri a. Sa ki dwe make n’ nan
tèks sa a, se jès lafwa Naaman te rive fè menm si avan sa li t’ap fè rezistans.
Naaman t’ap gade sou aparans men an reyalite se konfyans ak abandon total la
nan men Bondye, se sa ki te pi enpòtan pou l’ jwenn delivrans li te bezwen an. Nan
jès li fè pou l’al lave kòl nan dlo jouden an pandan 7 fwa, li fè eksperyans
pouvwa Bondye Izrayèl la, pouvwa ki manifeste atravè pwofèt li a, Elize.
Sètènman, Naaman, nèg
peyi Siri a, se te yon nèg ki te pratike pwòp relijyon pa li, li t’ap chache
laverite a sou pwòp ekzistans li, li te genyen pwòp kwayans li kòm manb yon pèp
ki diferan ak pèp Izrayèl. Men Bondye sèvi ak yon jèn fi ki se jwif pou l’
konseye metrès li pou voye mari l’ale wè pwofèt la. Jèn fi a te temwaye metrès
Naaman Bondye Izrayèl la, se yon Bondye ki konn fè mèvèy epi kè sansib li a la
pou tout tan. Nou menm tou, kòm kretyen, menm jan sèvant madanm Naaman an te fè
a, nou dwe tounen moun k’ap oryante lòt yo, dekwa pou yo rankontre ak Bondye.
Nan levanjil la Jezi
bay yon leson pou montre jwif yo kòman lanmou Bondye a pa gen limit, epi Bondye
granmoun pou l’ aji jan li vle. Jezi pale pou l’ aprann jwif yo pran leson sou
sa k’ te pase nan tan pwofèt Eli ak Elize. Sa fè n’ sonje sa Granmèt la te di
deja: «Se kè Sansib mwen vle, se pa sakrifis.» Yon lòt kote l’ te di, li vini
pou yo gen lavi epi pou yo genyen l’an kantite.
Li pa sifi pou n’ap di
nou se kretyen; men tou nou dwe aji selon volonte Bondye. Epi nou dwe aprann
konnen chak jou kisa Bondye mande nou.Granmèt la ap kontinye fè mèvèy nan lavi
anpil moun ki fenk rankontre ak li, anpil moun ki pa t’ janm konnen l’ pou l’
montre kòman mesaj li a se pou tout moun alawonnbadè, pou l’ aprann nou volonte
Papa l’; se pou tout moun jwenn lavi an kantite. Li pa sifi di tankou jwif yo
nou sòti nan ras Abraam. Fòk nou manifeste charite a, pratike bon zèv, mete
lavi n’ chita sou sa pawòl Bondye a mande nou. Granmèt la ki vivan, l’ap aji
nan lavi chak moun sou latè, nan lavi chak pèp, chak nasyon dekwa pou tout moun
rive konnen sa li vle epi pou yo aksepte pran wout k’ap kondi nan lavi pou tout
tan an.
LAPRIYÈ: Granmèt, nou gen anpil lèp k’ap manje nou sou pa anndan, nou
gen anpil malady k’ap ravaje sosyete nou an. Tanpri, vin pote nou sekou. Pa
pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: Nan rankont
ak moun lòt relijyon, ann montre anpil konpreyansyon ak anpil enterè pou n’
mete n’ nan sèvis yo nan yon fason oubyen yon lòt antan n’ap kwape lespri
eksklizyon.
No hay comentarios:
Publicar un comentario