Páginas

DIMANCH 5

Koulè Vyolèt
PREMYE DIMANCH KARÈM-ANE A
PREMYE LEKTI
« Kreyasyon ak peche premye zansèt yo ».
LEKTI LIV LAJENÈZ 2, 7-9; 3, 1-7
Granmèt Bondye fòme moun nan ak labou tè a, li soufle yon souf lavi nan fas li, moun nan vin tounen yon nam ki vivan.
Granmèt Bondye plante yon paradi plezi depi nan kòmansman, li mete moun nan li te fòme a ladan l’. Ak tè wouze a, Granmèt Bondye fè tout kalite pye bwa pouse, ki bèl pou gade, ki dous pou manje; pye bwa lavi a tou te nan mitan paradi a ak pye bwa syans byen ak mal la.
Men koulèv la se te pi rizèz nan tout bèt yo sou tè a, sa Granmèt Bondye te fè yo. Li di madanm nan: « Pouki sa Bondye pase nou lòd, pou nou pa manje nan okenn pye bwa paradi a »?
Madanm nan reponn: « Nan fwi pye bwa yo, ki nan paradi a, nou gen dwa manje ; men nan fwi pye bwa, ki nan mitan paradi a, Bondye pase nou lòd pou nou pa manje ladan l’, pou nou pa menm touche l’, otreman nou kapab mouri ».
Koulèv la menm di madanm nan: « Se pa vre ditou, nou p’ap mouri okenn. Se paske Bondye konnen jou n’ap manje ladan l’ nan, je nou ap louvri, n’ap vin tankou dye yo ki konnen ni byen ni mal ».
Madanm nan wè kijan pye bwa a te bon pou manje, li te bèl pou je, aspè l’ te bay plezi, li pran nan fwi l’, li manje, li bay mari l’ la tou, ki manje. Je yo tou lè de vin louvri. Lè yo rekonèt yo te ni-kò, yo koud fèy fig frans, yo fè rad pou pase nan tay yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 50, 3-4. 5-6a. 12-13. 14 e 17
R/ Pitye, Granmèt, paske nou fè peche.
Pitye pou mwen, Bondye, daprè kè sansib ou; daprè kantite bon kè ou, efase fot mwen an.
Lave m’ nèt sot nan fot mwen an, pwòpte m’ sot nan peche m’ nan.R.
Sèke fot mwen an se mwen menm ki konnen l’, peche m’ nan devan m’ tout tan.
Kont ou, kont ou sèl mwen fè peche, sa k’ mal devan w’ nan, mwen fè l’.R.
Kreye yon kè pwòp nan mwen, Bondye, refè yon lespri fèm nan zantray mwen.
Pa jete m’ lwen fas ou, Lespri Sen ou nan, pa wete l’ sot nan mwen.R.
Renmèt mwen kè kontan delivrans ou a, asire m’ak lespri ki pi vif la.
Granmèt, louvri po bouch mwen, bouch mwen ap anonse lwanj ou.R.
DEZYÈM LEKTI
« Kote fot la te anpil la, favè a vin anpil toujou »
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU WOMEN YO 5, 12-19
Frè m’ yo:
Menm jan akoz yon sèl moun peche te antre sou tè a sa a, epi avèk peche a lanmò a, se konsa lanmò a pase nan tout moun, paske tout moun fè peche a. Sèke jouska lalwa a, peche a te sou tè a, men yo pa t’akize moun pou peche a, paske pa t’ gen lalwa. Men lanmò a te kòmande kòm wa depi Adan jouska Moyiz menm nan sa yo ki pa t’ fè peche tankou dezobeyisans Adan an, ki sèvi modèl pou sa k’ vin aprè a.
Sèlman kado a pa suiv menm filyè avèk fot la; reyèlman vre si akoz fot yon sèl moun tout foul moun yo mouri, favè Bondye a ak kado nan yon sèl moun nan, Jezikri, li vide laj pi plis ankò nan pakèt foul moun yo. Se pa tankou sa k’ te rive poutèt yon sèl peche a sa ap rive konsa pou kado a ; sèke jijman an te abouti nan kondanasyon akoz yon sèl la, men favè a menm li fè nou vin kòrèk sot nan pakèt fot yo.
Reyèlman vre si akoz fot yon sèl moun lanmò a te kòmande pa lentèmedyè yon sèl la, moun yo ki resevwa chaj favè ak kado ak jistis pa lentèmedyè yon sèl moun nan, Jezikri, y’ap kòmande pi plis toujou kòm wa nan lavi a.
Konsa, menm jan pa lentèmedyè fot yon sèl moun nan, tout moun te pase anba kondanasyon, konsa tou pa lentèmedyè jistis yon sèl moun nan, tout moun vin kòrèk pou lavi a. Menm jan akoz dezobeyisans yon sèl moun nan, tout foul moun yo te vin gen peche, konsa tou akoz obeyisans yon sèl la, foul moun yo vin kòrèk.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
« Jezi fè jèn, li kite yo tante l’ pandan karant jou ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 4, 1-11
Lè sa a :
Espri a kondui Jezi nan savann nan, pou dyab la tante l’ ; aprè l’ fin fè jèn pandan karant jou ak karant nuit, li vin grangou. Sa a k’ap tante a pwoche, li di l’: «Si ou se Pitit Bondye a, di pou wòch sa yo vin tounen pen».Li reponn, li di: «Men sa ki ekri: «Se pa ak pen sèlman moun viv, men ak tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye».
Aprè sa dyab la pran l’ li transpòte l’ nan vil ki sen an, li poze l’ anlè tèt tanp la, li di l’: «Si se Pitit Bondye ou ye, lage kò ou anba; sèke men sa ki ekri: «Li pase zanj li yo lòd osijè ou, pou yo pote ou sou men, pou ou pa riske frape pye ou nan wòch».Jezi di l’: « Men sa ki ekri tou : « Ou p’ap tante Granmèt Bondye w’ la». Aprè sa ankò dyab la pran l’ li pote l’ sou yon mòn ki wo anpil, li montre l’ tout rèy tè a ak richès yo, li di l’: «Tout bagay sa yo, m’ap ba ou yo, si ou tonbe atè, ou adore m’ ». Lè sa a atò, Jezi di l’: «Al fè wout ou, Satan; sèke men sa ki ekri: «Se Granmèt Bondye w’ la pou ou adore, se li menm sèl pou ou sèvi». Lè sa a atò dyab la kite l’, epi zanj yo pwoche, yo sèvi l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON :Jodi a se premye dimanch nan tan karèm nan. Depi mèkredi lèsann Karèm nan kòmanse. Gen 3 aspè ki karakterize tan sa a: Lapriyè, jèn, pataj. Se yon tan rekonsilyasyon ak padon. Se moman espesyal pou nou tounen vin jwenn Bondye. Pou nou pa kite satan pyafe sou nou, pou nou kite se volonte Bondye ki fèt. Se sa Jezi vle montre nou nan pawòl li jodi a. Li konbat dyab la ak 3 pwomès oubyen tantasyon l’ yo: pouvwa, richès, plezi.
1. Pouvwa: Se youn nan bagay anpil moun ap chèche. Pouvwa fè yo puije lòt la, imilye li, pase l’anba pye, fè l’abi, fèmen bouch li, retire dwa li genyen pou l’ pale ak di sa l’ panse pou peyi li, pou yon sosyete ki bati sou jistis ak renmen youn pou lòt. Pouvwa se zam dyab la. Lè w’ renmen pouvwa ou p’ap mache ak Jezi, ou tounen disip satan menm lè ou aktif nan aktivite Legliz. Jezi di satan jodi a: «ou p’ap tante Granmèt Bondye ou a ». Nan dezè lavi nou, se Bondye ki pou kòmande. Se pou nou pa sispann mande Bondye pa kite nou tonbe nan tantasyon. Se sa Jezi te montre nou e se pou sa li vini pou delivre nou, nouvo Adan vle rekonsilye ak nou.
2. Richès: Richès se yon bagay ki makonnen ak pouvwa. Moun yo chèche pouvwa pou yo fè richès, pou yo ka di nou pa kanmarad lòt la, m’ siperyè w’. Richès bon zanmi Satan, se yon gwo estrateji l’ yo. Li konn fè nou pè ret grangou, nou di «mizè pa dous ». Pou sa, gen moun ki vann tèt yo ak dyab, fè kontra ak li, yo bay manman yo, frè yo, papa yo, lòt moun ; touye moun, asasine yo pou yo pran sa yo genyen, pou yo ka gen lajan.Yo bay lajan premye plas, yo bay vant yo premye plas. Se pa vre sa yo di a: manje pa premye bagay nan lavi a. Diyite moun se premye, valè nou pi gwo pase tout sa yo. Lajan pa dwe fè nou fè tenten. Se pou sa Jezi di: « Moun pa viv sèlman ak pen men ak tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye».
3. Plezi: Nou menm moun, nou renmen ti moman detant, men se pa tout plezi ki bon. Gen plezi ki ede nou prepare pwòp echèk nou. Kò nou se tanp Bondye, se pa yon kòmès, se pa yon machandiz pou n’ap vann. Jodi a gen mache kò. Moun yo pase tan yo ap bwè tafya, kleren, wonm. Gen plezi ki fè anpil moun bliye si se yon sèl mari, yon sèl madanm. Li fè anpil ti moun lage nan lari a san manman, san papa, anpil timoun pa al lekòl. Li fè anpil moun pèdi tèt yo, yo vin san valè nan sosyete. Nan tan karèm sa, Jezi envite nou bwè nan sous lagras Bondye k’ap vide an kantite. Se poutèt sa Sen Pòl di nou: «Kote fòt la te anpil la, favè a vin anpil toujou» (Women 5,20). E Jezi di nou nan Levanjil la: «Se Granmèt Bondye w’ la pou ou adore, se li menm sèl pou ou sèvi» (Mt 4,11). Se pou Bondye beni nou byen beni.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri ede nou pou nou pa tonbe nan tantasyon pouvwa, richès ak plezi, jan w’ te fè sa nan dezè a, ou menm ki vivan e ki wa depi tout tan e pou tout tan. Amèn.

PWOPOZISYON:Jodi a, m’ap reziste ak tout sa k’ap tante mwen, antan m’ap redekouvri  oubyen dekouvri valè chak bagay genyen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario