Páginas

SAMDI 4

Koulè Vyolèt
SAMDI APRÈ LÈSANN
PREMYE LEKTI
"Lè w’ap vide nanm ou bay moun ki grangou a... limyè w’ ap leve nan fènwa yo".
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 58, 9b-14
Men pawòl Granmèt la :
"Si w’wete chenn nan sot nan mitan ou, epi ou sispann lonje dwèt ou, ni pale bagay ki pa sèvi ; lè w’a vide nanm ou bay moun ki grangou a, lè w’a plen nanm moun ki nan lapenn nan, limyè w’ap leve nan fènwa yo, fènwa w’ yo ap vin tankou midi. Granmèt la ap toujou ba ou repo, l’ap plen nanm ou ak klète, l’ap delivre zo w’ ; w’ap tankou yon jaden ki byen wouze, tankou yon sous dlo, ki p’ap manke dlo.
Y’ap bati savann lontan yo nan mitan ou, y’ap leve fondasyon jenerasyon ak jenerasyon, y’ap rele ou sila a k’ap bati miray ki te tonbe yo, sila a k’ap drese santye yo pou lapè a.
Si ou sispann fè pye ou fè lwanj li, antan w’ pa fè wout ou yo, antan volonte w’ pa parèt, pou w’ap pale pawòl ou : lè sa a w’ap jwenn plezi w’ nan Granmèt la, m’ap pote w’ anlè wotè peyi a, m’ap ba w’ manje nan eritaj Jakòb, papa w’ la.
Se bouch Granmèt la menm ki pale".
Pawòl Granmèt la.
SÒM  REPONS: 85, 1-2. 3-4. 5-6
R/ Aprann mwen chemen w’, Granmèt, m’a antre nan verite w’ la.
Panche zòrèy ou, Granmèt, koute m’, paske mwen malere, mwen pòv.
Prezève nam mwen, paske mwen sen ;
Sove m’, Bondye mwen, mwen espere nan ou.R.
Pitye pou mwen, Granmèt, paske m’ap rete kote w’ tout lajounen.
Fè nanm sèvitè w’ la jwenn kontantman,
Paske se kote w’, Granmèt, mwen leve nanm mwen.R.
Paske Granmèt, ou bon, ou dou,
Ou gen kè w’ sansib anpil pou tout moun k’ap rele ou.
Koute lapriyè m’, Granmèt, ak zòrèy ou, koute vwa lapriyè m’.R.
LEVANJIL
"Mwen pa vin rele sa k’ kòrèk yo, men sa k’ nan peche yo, pou yo fè penitans".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 5, 27-32
Lè sa a :
Jezi wè yon pibliken yo rele Levi, ki chita nan biwo ladwann nan, li di l: "Suiv mwen". Li kite tout bagay, li leve, li suiv li.
Levi fè yon gran resepsyon lakay li. Te gen yon pakèt foul pibliken ak dòt moun ki te atab avèk yo. Farizyen yo t’ap babye, ni pwofesè yo, yo t’ap di disip li yo: "Poukisa n’ap manje, n’ap bwè ansanm ak pibliken yo ak pechè yo"?
Jezi pran lapawòl, li di yo: "Se pa moun ki an sante ki bezwen doktè, men se moun ki malad. Mwen pa vin rele moun ki kòrèk yo, men se moun ki nan peche yo mwen vin rele pou yo fè penitans".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Aprann mwen chemen w’, Granmèt m’a antre nan verite w’ la. Panche zòrèy ou pou w’ koute m’ paske mwen malere, mwen pòv ».
Levi, yon nèg ki te gen anpil lajan (sa nou ta kapab rele yon gran nèg jodi a), Jezi gade l’ sèlman, li di l’ : «Swiv mwen », se konsa li abondone tout bagay, li swiv li. Li fè yon fèt lakay li, li envite Jezi ak disip li yo. Farizyen yo te fache. Pibliken ak pwofesè Lalwa yo tou, yo pa kontan e yo kesyone atitid Jezi.
Ki mesaj Sen Lik vle fè nou dekouvri ? Bondye Izrayèl la, se yon Bondye ki pa gade sou figi moun, li lonje men mizerikòd li pou l’ sove tout moun ki kwè nan li, epi li kondane kondwit moun ki viv sou aparans. Jezi pa rele yon moun ki gen bon repitasyon, okontrè li rele Levi ki se yon pechè piblik. Jezi te gen yon misyon trè klè : li pa t’ vin rele moun ki deja ap mennen yon lavi espirityèl kòrèk, okontrè li rele moun ki pi lwen Bondye.
Jezi envite n’ pou n’ louvri kè nou ba li, li se vrè doktè ki konnen nou chak an patikilye. Li pa vini pou moun ki rich, ni moun ki gen gwo konesans, men li vini pou tout moun kapab gen lavi ki p’ap janm fini an.
LAPRIYÈ:Bondye Papa, ou menm ki konnen sa n’ap chèche, ba nou fòs ak kouraj pou n’ kapab rete fidèl nan sèvis ou, menm jan manman Mari te rete fidèl jiska lafen.

PWOPOZISYON :Èske mwen prè pou m’ kite kèk bagay pou m’ mache ak Jezi ? M’ap reflechi pou m’ ka pran yon desizyon jodi a menm.

No hay comentarios:

Publicar un comentario