Koulè Vyolèt
VANDREDI APRÈ LÈSANN
PREMYE LEKTI
"Èske se
pa sa a pito : jèn nan mwen chwazi a” ?
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 58, l-9a
Men pawòl Granmèt Bondye :
"Rele, pa sispann, tankou yon twonpèt, leve vwa
ou ; anonse pèp mwen an krim yo fè ak kay Jakòb la peche yo fè. Chak jou
y’ap chèche m’, yo vle konnen chemen m’ yo, tankou yon nasyon k’ap fè sa k’
kòrèk, ki pa lage jijman Bondye l’ la. Y’ap mande m’ jijman jistis, yo vle pwoche
kot Bondye :
"Poukisa n’ap fè jèn, epi ou pa gade ; nou
rabese nanm nou, ou pa konnen” ?
Men li : jou jèn nou an, se volonte nou n’ap fè,
n’ap reklame tout moun ki dwe nou yo. Men li : se nan batay ak diskisyon
n’ap fè jèn, n’ap frape ak kout pwen san pitye. Pa fè jèn tankou nou fè jous
jodi a, pou yo kapab tande vwa nou nan syèl la.
Èske se kalite mòd jèn sa a mwen chwazi, pou yon moun ap
maltrete nanm li tout lajounen ? Èske se balanse tèt li tankou yon boul,
mare ren l’ak sa k’ ak sann ? Èske se sa nou rele jèn ak jou ki fè Granmèt
la plezi ?
Èske se pa sa a pito: jèn nan mwen chwazi a? Defèt chenn
ki fè nou pa kòrèk la, demare pakèt k’ap peze sou tèt la, ranvwaye sa k’ kraze
yo nan libète, kraze tout chaj; separe pen ou avèk moun ki grangou a, fè pòv la
ak moun ki pa gen kay la antre nan kay ou; lè ou wè yon moun ki nikò, kouvri
l’, pa meprize pwòp chè ou.
Lè sa a, limyè w’ ap eklate tankou granmaten, sante w’ ap
leve byen vit, jistis ou ap mache devan fas ou, bèlte Granmèt la ap vlope w’.
Lè sa a w’ap lapriyè, Granmèt la ap koute, w’ap rele, l’ap di : "Men
mwen".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS: 50,
3-4. 5-6a. 18-19
R/ Yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye pa
meprize l’.
Pitye pou mwen, Bondye, daprè kè sansib ou; daprè jan ou
sansib anpil, efase fot mwen an. Lave m’ byen lave sot nan fot mwen an, pwòpte
m’ sot nan peche m’ nan. Sèke fot mwen an mwen konnen l’, peche m’ nan kont
mwen tout tan. Se kont ou, kont ou sèl mwen fè peche, sa k’ mal devan w’ nan
mwen fè l’.R.
Ou p’ap pran plezi nan sakrifis, sakrifis antye, si
m’ofri l’, li p’ap fè w’ plezi. Sakrifis pou Bondye, se yon lespri ki kraze,
yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye p’ap meprize l’.R.
LEVANJIL
"Lè y’ap
pran mesye marye a nan men yo, lè sa a y’a fè jèn".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 9, 14-15
Lè sa a : Kòm Jezi te rive lòt bò lanmè, nan rejyon
Jerazenyen yo, disip Jan yo pwoche kote l’, yo di: "Poukisa nou menm ak
farizyen yo, n’ap fè jèn souvan, epi disip pa w w yo menm, yo pa fè jèn"?
Jezi di yo : "Èske pitit yo ki avèk mesye marye
a, yo kapab chagren, toutotan mesye marye a avèk yo? Men gen jou k’ap rive, lè
y’ap pran mesye marye a nan men yo, lè sa a fè jèn".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye
a.
REFLEKSYON: Lontan
lè m’ te piti, mwen te konn tande yo pale de jèn, pafwa mwen te konn ale nan
jèn. Lè sa mwen te konprann jèn nan tankou yon anbyans lapriyè, adorasyon ak
lwanj pou Bondye. Tèks nou li jodi ede nou
reflechi sou siyifikasyon jèn ki fè Bondye plezi a.
Jezi ba nou verite a klè ; nou
menm, jou nou chwazi pou n’ fè jèn, yo pa sanble jèn ki fè Bondye plezi. Se pou
nou reflechi pou n’ wè ki kalite jèn n’ap fè, èske se pa pwòp enterè nou n’ap
chèche ? Èske se pa yon jèn pou n’ fè moun wè, pandan n’ap chèche fè lòt
enjistis nan tout fason? Si nou vle fè jèn tout bon vre, men demach pou n’ swiv
la, fè bagay ki pou fè kè Bondye kontan: Se pou nou gen kè sansib, sispann
toupizi lòt yo, pa fè lòt yo enjistis, bay moun k’ap rann nou sèvis libète,
wete chay lou k’ap peze moun yo, pataje sa nou genyen ak moun ki nan bezwen,
louvri pòt kè nou byen gran pou n’akeyi lòt yo, sitou sila yo ki plis bezwen
sa. Pa pran plezi lè w’ wè yon frè oubyen yon sè ap lonje men l’ ba ou pou w’ap
pase l’ nan rizib, paske mezi ou mezire a, se avèk li y’ap mezire ou tou.
Pou kisa patizan Jan yo ak Farizyen yo ap
jene, epi ou menm Jezi, patizan pa w’ yo pa fè jèn? Yo di sa paske Jwif yo te kenbe lapriyè avèk
jèn nan kòm penitans pou peche yo. Men avèk prezans Jezi Bondye Papa a vin bay
pèp la kè kontan: Gen yon tan pou chak bagay; gen yon tan pou fete paske mesye
marye a la, pwofèt yo te anonse nòs Bondye Papa a avèk pèp li a, lè l’ te vin
vizite l’, poutèt nan okazyon sa a, Jezi manje ak pèp li a epi, avèk prezans
Jezi, ki vin siyen yon kontra tou nèf.
Jezi te poze yo yon kesyon, li di yo, èske lè
yo envite yon moun nan nòs, moun sa a kapab fè jèn? Nou tout nou konn al nan maryaj, lè sa a se
fèt, se kè kontan; se konsa pawòl Bondye a vle montre nou ki kalite kontra li
pase ak pèp la.
Jodi a,se avèk nou li vle pase kontra renmen an.Tankou yon gason ak yon
fi ki fyanse, nou menm pèp la, se madanm marye a epi mesye marye a se Jezi, se
li ki vin etabli kontra tounèf la ant Bondye ak pèp la. Ann travay ansanm pou
n’ rete fidèl nan kontra tounèf la.
LAPRIYÈ: Granmèt Jezi, tanpri ede m’ santre lavi mwen
sou Wayòm ou an, fè jèn m’ap fè a sèvi Wayòm ou an.
PWOPOZISYON: Si mwen rann pwochen
mwen sèvis, mwen montre Wayòm Bondye a pa lwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario