Koulè Vyolèt
JEDI APRÈ LÈSANN
PREMYE LEKTI
"Men m’
prezante devan ou jodi a benediksyon an ak malediksyon an".
NAN LIV DETEWONÒM 30, 15-20
Moyiz pale ak pèp la, li di :
"Konsidere sa m’ prezante devan ou jodi a :
lavi a ak byen an, epi an fas : lanmò a ak malè a, pou ou kapab renmen
Granmèt Bondye w’ la, pou ou mache nan chemen l’ yo, pou ou kenbe kòmandman l’
yo ak seremoni yo, ak jijman yo, pou ou kapab viv: konsa l’ap fè w’ vin anpil,
l’ap beni ou nan peyi a, kote w’ a pral antre pou w’ posede l’ la.
Sèlman si kè ou vire, ou pa vle koute, ou kite move lide
twonpe w’, ou adore dye etranje, ou sèvi yo, mwen deklare ou davans jodi a w’ap
peri, nan yon ti moman w’ap mouri nan peyi a, lòt bò Jouden an, kote w’ap antre
pou w’ posede l’ la.
Jodi a mwen pran syèl la ak tè a pou temwen, mwen
prezante devan nou lavi a ak lanmò a, benediksyon an ak malediksyon an. Chwazi
lavi a, pou w’ viv ansanm ak ras ou; pou w’ renmen Granmèt la Bondye w’ la, pou
w’ obeyi vwa l’, pou w’ kole sou li (se li menm vrèman vre ki lavi ou ak longè
jou w’ yo), pou w’ abite nan peyi a, sa Granmèt la te fè sèman bay papa w’ yo,
Abraam, Izaak ak Jakòb, li t’ap ba yo a".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS :
1, 1-2. 3. 4 e 6
R/Ala kontantman pou moun ki met Granmèt
la kòm esperans li.
Ala kontantman pou moun ki pa ale nan reyinyon moun ki pa
kòrèk yo, ki pa kanpe nan chemen pechè yo, ki pa chita nan gwoup moun k’ap pase
Bondye nan rizib yo, men se nan lalwa Granmèt la volonte l’ ye, se nan lalwa l’
la l’ap kalkile lajounen ak lannuit.R.
L’ap tankou yon pye bwa ki plante sou bò kouran dlo, k’ap
donnen fwi l’ nan tan li; li p’ap pèdi fèy li, tout sa l’ap fè ap reyisi.R.
Se pa konsa pou moun ki pa kòrèk yo, se pa konsa, men
y’ap tankou pousyè van ap voye jete. Sèke Granmèt la konnen chemen moun kòrèk
yo : men wout moun ki pa kòrèk yo ap peri.R.
LEVANJIL
"Moun ki
pèdi lavi l’ poutèt mwen, l’ap sove l’".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 9, 22-25
Lè sa a :
Jezi di disip li yo : Pitit moun nan gen pou l’
soufri anpil, pou ansyen yo ak chèf prèt yo ak skrib yo kondane l’ pou l’
resisite sou twazyèm jou a.
Li t’ap di yo tout : "Si yon moun vle vin apre
m’, se pou l’ renonse pwòp tèt li, pou l’ pran kwa l’ chak jou, pou l’ suiv
mwen. Moun ki vle sove lavi l’ l’ap pèdi l’ ; sèke moun ki pèdi lavi l’
poutèt mwen, l’ap sove l’. Sa sa sèvi yon moun si l’ posede tout
tè a, epi li pèdi pwòp tèt li, li okazione malè l’"?
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye
a.
REFLEKSYON:Pasaj nou li
nan chapit trant Liv Detewonòm jodi a ap ede nou dekouvri jan Granmèt la
respekte libète nou, li mete devan ou jodi a: chemen lavi a ak byen an, epi li
mete anfas ou tou: chemen lanmò a ak malè a. Se nan men ou desizyon an ye,
balon an se nan pye w’ li ye, paske Bondye ba ou dwa pou w’ fè sa ou deside.
Nan kòmansman tan karèm sa a, nou dwe reflechi sou desizyon
n’ap pran nan lavi n’ kòm kretyen, oubyen nou dwe poze tèt nou kesyon sou ki
wout n’ap swiv, si se chemen benediksyon oubyen si se chemen malediksyon ak
pèdisyon.
Ann pwofite tan sa pou pran yon desizyon pi fèm nan fason
nou vle viv ekzistans nou. Sou chemen lavi a, fòk nou montre jan nou renmen
Bondye, jan nou obeyi pawòl li a e sitou jan nou renmen pwochen nou yo. Pa gen
anyen ki enposib pou Granmèt la, ann mete nan men l’ tout konfyans nou; an menm
tan, ann mande l’ gras pou nou kapab kite se li menm ki dirije lavi nou; konsa
n’a ka pran wout benediksyon an.
Nan Levanjil la nou dekouvri li pa fasil pou yon mounn
tounen disip Kris la, paske sa ekzije
anpil sakrafis, sa mande sitou pou nou
bliye pwòp tèt nou pou n’ kapab swiv li; se sèlman konsa n’a ka eritye lavi ki
p’ap janm fini an. Jezi, li menm ki Bonye, li te aksepte chemen soufrans la pou
l’ te ka mennen nou nan kè kontan ki p’ap fini an, pou l’ te ka sove nou.
Pa gen lavi kretyen san chemen lakwa, e se pa yon kwa ki
parèt nan yon moman nan lavi nou aprè sa li disparèt; men se yon kwa ki toujou la nan tout moman nan
lavi nou, e nou dwe sipòte l’ epi ofri l’ bay Bondye nan tout sikonstans,
kalamite ak pwoblèm nou rankontre sou wout lavi a.
Anpil fwa nou nou pa gen gou pou nou viv, nou plenyen san
souf, nou bliye si soufrans se chemen redanmsyon nou. Chak moman difikilte, se
yon opòtinite pou nou viv pi pwòch Bondye, pou nou pote kwa ansanm ak Jezikri.
LAPRIYÈ: Bondye papa, tanpri, ban m’ fòs pou m’aprann
pote kwa mwen rankonte chak jou nan lavi mwen; konsa l’a sèvi m’ kòm wout pou m’antre
nan wayòn syèl la.
PWOPOZISYON :Gen anpil moun
ki pa konprann mwen, paske mwen pa gade monde la menm jan ak yo; men sa pa di
mwen anyen, si mwen mwen oblije pèdi yon bagay nan mond lan pou mwen resevwa
lavi Granmèt la ap fè m’ kado a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario