Koulè Vyolèt
KÒMANSMAN TAN KARÈM ANE-A
MÈKREDI LÈSANN
PREMYE LEKTI
"Chire kè
nou, pa chire rad nou".
NAN LIV PWOFÈT JOWÈL 2, 12-18
Koulye a, deklarasyon Granmèt la, tounen vin jwenn mwen
ak tout kè nou, nan jèn, ak dlo nan je, nan rèl ; chire kè nou, pa chire
rad nou, tounen vin jwenn Bondye nou an, paske li bon, li gen mizerikòd, li gen
pasyans, ak anpil mizerikòd, li siperyè anlè mechanste. Ki moun ki konnen, si
l’ ta tounen, pou l’ padonnen, pou l’ kite yon benediksyon aprè l’, sakrifis ak
ofrann likè pou Granmèt la, Bondye nou an ?
Sonnen twonpèt nan Siyon, deklare yon jèn sakre, rele
foul, rasanble pèp, konsakre kominote, rasanble vye granmoun yo, rasanble
timoun yo ak sa k’nan tete; se pou mesye ki marye a kite kabann li, se pou
madanm ki marye a kite chanm li.
Ant kote yo mete rad yo ak lotèl la, se pou prèt yo
kriye, yo menm sèvitè Granmèt la, se pou yo di : "Pitye, Granmèt,
pitye pou pèp ou a, pa renmèt eritaj ou a nan mank dega, pou nasyon yo pa
kòmande sou yo. Pouki pou yo ta di nan pèp yo: Kote Bondye yo a"?
Granmèt la vin jalou pou peyi l’ la, li menaje pèp li a.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM 50, 3-4.
5-6a. 12-13. 14 e 17
R/ Pitye, Granmèt, paske nou fè peche.
Pitye pou mwen, Bondye, daprè mizerikòd ou a; daprè
kantite mizerikòd ou, efase fot mwen an. Lave m’ byen lave sot nan fot mwen an,
pwòpte m’sot nan peche m’ nan.R.
Sèke fot mwen an mwen konnen l’, peche m’ nan kont mwen
tout tan.Se kont ou, kont ou sèl mwen fè peche, sa k’ mal devan w’ nan mwen fè
l’.R.
Kreye yon kè pwòp nan mwen, Bondye, refè yon lespri fèm
nan zantray mwen yo.Pa jete m’ lwen fas ou, Lespri Sen w’ nan, pa wete l’ sot
nan mwen.R.
Renmèt mwen kè kontan sove ou sove a, asire m’ak lespri
ki pi vif la.Granmèt, louvri po bouch mwen, bouch mwen anonse lwanj ou.R.
DEZYÈM LEKTI
"Rekonsilye
ak Bondye : men tan gras la koulye a".
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN 5, 20- 6, 2
Frè m’yo :
Pou Jezikri, n’ap fè sèvis komisyonè, tankou se Bondye
k’ap ankouraje pa lentèmedyè nou. Nou ensiste pou Jezikri : rekonsilye ak
Bondye ; li menm ki pa t’ konnen peche, Bondye fè l’ vin tounen pechè pou
nou, pou jistis Bondye te kapab reyalize nan li.
Kòm n’ap plede, nou ankouraje nou, pou nou pa resevwa
gras Bondye a pou granmesi. Sèke li di : "Nan tan gras la mwen reponn
ou, jou sove a, mwen pote ou sekou". Men li koulye a, tan gras la, men li
koulye a, jou sove a.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Papa ou,
ki wè nan kote ki kache, l’ap renmèt ou sa".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 6, 1-6. 16-18
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
Fè atansyon, pou nou pa fè aksyon kòrèk nou devan moun
yo, pou yo wè nou; otreman nou pa ta gen rekonpans devan Papa nou ki nan syèl
la.
Lè w’ap fè charite, pa sonnen twonpèt devan ou, tankou
ipokrit yo ap fè nan sinagòg yo ak sou plas yo, pou moun yo kapab fè lwanj yo.
Amèn mwen di nou, yo resevwa rekonpans yo. Ou menm lè w’ap fè charite, pa kite
men goch ou konnen sa men dwat ou ap fè, pou charite w’la kapab ret kache;
konsa Papa w’ki wè nan kote ki kache a, l’ap renmèt ou sa.
Lè n’ap priye, pa fè tankou ipokrit yo, ki renmen ret
kanpe nan sinagòg yo ak nan kalfou plas yo, pou yo priye, pou moun yo kapab wè
yo. Amèn mwen di nou, yo resevwa rekonpans yo. Ou menm, lè w’ap priye, antre
nan chanm ou, fèmen pòt la, priye Papa ou nan kote ki kache a. Papa ou, ki wè
nan kote ki kache a, l’a renmèt ou sa.
Lè n’ap fè jèn, pa ret chagren tankou ipokrit yo, yo fè
figi yo dekonpoze, pou moun yo kapab wè y’ap fè jèn. Amèn mwen di nou, yo
resevwa rekonpans yo. Ou menm, lè w’ap fè jèn, met losyon sou tèt ou, lave figi
ou, pou moun yo pa wè w’ap fè jèn, men pou se Papa ou ki wè, li menm ki nan
kote ki kache a; Papa ou, ki wè nan kote ki kache a, l’a renmèt ou sa".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye
a.
REFLEKSYON:Jodi a, nou kòmanse kòmanse wout k’ap
mennen nou nan Pak la, e Levanjil la fè nou sonje obligasyon fondamantal ke nou
genyen kòm kretyen, pa sèlman pou nou prepare yon tan litijik, men tou pou nou
prepare nou pou lavi k’ap dire pou toutan an: «Fè atansyon, pou nou pa fè aksyon kòrèk nou devan moun yo, pou yo wè nou;
otreman nou pa ta gen rekonpans devan Papa nou ki nan syèl la» (Mt 6,1).
Jezi vle montre nou kijan li enpòtan pou nou viv selon prensip Levanjil la, san
li pa bliye «si nou pa viv pi byen pase farizyen yo
ak direktè lalwa yo, nou p'ap kapab antre nan Peyi Wa ki nan syèl la» (Mt 5,20).
Jistis la mennen nou nan lanmou, ki manifeste nan charite ak nan zèv
mizerikòd yo: «Ou menm lè w’ap
fè charite, pa kite men goch ou konnen sa men dwat ou ap fè » (Mt 6,3).
Jezi envite nou fè sa ki byen san nou pa chèche konpliman, paske rekonpans nou
se nan men Bondye, se lavi pou toutan.
Pap Benwa XVI te souliye: ede yon
moun ki nan bezwen, se yon obligasyon jistis la menm, anvan menm li se yon zèv
lacharite: «charite a ale pi lwen ke jistis la (…) men li pa janm ekziste
san jistis la ki pouse nou bay lòt la sa ki pou nou, sa vle di sa li merite pa
rapò ak sa li ye a ak fason li aji a». Nou pa
dwe bliye sa: nou pa mèt byen ki nan men nou yo, sèlman yo nan men nou pou nou
byen jere yo. Kris la aprann nou vrè charite a se pa lè nou fè yon moun kado
yon bagay, men se lè nou bay pwòp tèt pa nou, antan nou ofri nou bay Bondye
tankou yon sakrifis ki sen (Wom. 12,1). Se nan fason sa nou ta kapab reyalize jistis
ak charite Kris la, e «konsa Papa w’ki wè nan kote ki kache a, l’ap renmèt ou
sa» (Mt 6,4).
Pandan n’ap batay kont tout
move tandans nou yo, limyè Fèt Pak la deja ap klere nou. Lavi ki sòti nan kavo
lanmò Kris la deja anvayi nou nan jefò n’ap fè pou nou pwoche pi pre Bondye, pi
pre frè ak sè nou yo. Sakrifis ak soufrans n’ap andire yo, se pa yon gwo
chay pou nou paske sa n’ap chèche nan yo a deja prezan nan lavi nou. Pandan nou
pran wout pou n’al chèche delivrans la, delivrans la deja ap dòmi nan fon kè
nou. Nou swete tout moun pase
yon bon tan karèm ak Jezi!
LAPRIYÈ: Bondye
Papa, nan kòmansman Tan karèm sa a, kote Legliz la envite nou fè jèn ak
penitans, tanpri n’ap mande w’ ba nou Lespri w’ la pou nou kapab pote lavikwa
sou tout fòs ki vle koupe relasyon nou genyen avèk ou depi jou batèm nou. Ede
nou fè yon jèn ki fè w’ plezi pou nou kapab mouri e leve byen vivan ansanm ak
Kris la.
PWOPOZISYON:
Pwofite tan Karèm sa a pou w’ lapriyè
pi plis, pataje sa yo genyen pi plis, fè plis sakrifis ak tèt ou (fè rezistans
ak tantasyon).
No hay comentarios:
Publicar un comentario