Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Sakrifis k’ap delivre a, se fè atansyon kòmandman
yo”.
NAN LIV SIRASID 35, 1 -15
Moun ki kenbe lalwa a, li ofri anpil sakrifis: sakrifis k’ap sove a, se fè
atansyon kòmandman yo, vire do bay tout peche; ofri sakrifis pou mande padon
pou sa k’ pa kòrèk yo, lapriyè pou pechè yo vire do bay sa k’ pa kòrèk.
Li di mèsi, sila a ki ofri sakrifis flè farin nan; moun ki fè lacharite li
ofri sakrifis. Sa fè Granmèt la plezi lè nou vire do bay peche ak lè nou
lapriyè pou pechè yo vire do bay sa k’ pa kòrèk.
Pa parèt devan fas Granmèt la ak men vid: tout bagay sa yo se pou kòmandman
Bondye a yo ye. Kado moun ki kòrèk la li
angrese lotèl la, se yon losyon ki dous devan fas Sila a ki anwo nèt la.
Sakrifis moun ki kòrèk la, yo aksepte l’, Granmèt la pa bliye sonje l’.
Ak bon kè se pou ou bay Bondye bèlte, pa diminye sou premye fwi men w’
yo.
Nan tout sa w’ bay, fè figi w’ kontan, se ak kè kontan pou w’ ofri
dizyèm pòsyon w’ yo ou mete apa a.
Bay Sila a ki anwo nèt la daprè sa l’ ba ou ak bon je, fè daprè sa men
ou jwenn; paske Granmèt la konn renmèt, l’ap renmèt ou sèt fwa plis.
Pa ofri kado ki gate: sèke li p’ap aksepte yo. Pa met lide ou sou
sakrifis ki pa kòrèk: paske Granmèt la se yon jij, li p’ap konsidere figi moun.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS
49, 5-6. 7-8. 14 e 23
R/ Moun ki san
tach nan chemen an, m’ap montre l’ delivrans Bondye a.
“Rasanble sen m’ yo pou mwen, yo menm ki te pase contra m’ nan nan
sakrifis la”. Syèl yo ap anonse jistis li, paske Bondye se yon jij.R.
“Koute, pèp mwen, m’ap pale; Izrayèl, m’ap deklare temwayaj kont ou: Se
Bondye, Bondye ou mwen ye. Se pa poutèt sakrifis ou yo m’ap reprann ou;
sakrifis antye ou yo devan fas mwen tout tan.R.
Sakrifye sakrifis lwanj pou Bondye, renmèt Sila a ki anwo nèt la sa ou
te pwomèt yo. Moun ki ofri sakrifis lwanj, l’ap fè m’ jwenn bèlte,
moun ki san tach nan chemen an, m’ap montre l’ delivrans Bondye.R.
LEVANJIL
“N’ap resevwa san fwa plis nan tan sa a avèk
pèsekisyon, epi lavi ki p’ap janm fini an nan syèk k’ap vini an”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK
KI SEN 10, 28-31
Lè sa a:
Pyè kòmanse di Jezi: “Men nou kite tout bagay epi nou suiv ou”.
Jezi pran lapawòl, li di: “An verite mwen di nou, p’ap gen pèsòn k’ap
kite kay, oubyen frè, oubyen sè, oubyen papa, oubyen manman, oubyen pitit,
oubyen jaden, poutèt mwen ak poutèt levanjil la, ki p’ap jwenn san fwa plis
depi koulye a nan tan sa a nan kay, frè, sè, manman, pitit, jaden, avèk
pèsekisyon, epi nan tan k’ap vini an lavi ki p’ap janm fini an. Men anpil
premye ap vin dènye, epi dènye yo ap vin premye”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Lekti Pawòl
Bondye nou li pou jodi a pale nou sou fason nou dwe ofri sakrifis bay Granmèt
la, sakrifis nou yo dwe fè li plezi; yo pale nou tou sou rekonpans nou kapab
tann nan men Bondye. Liv Sirasid la bay kretyen an twa eleman ki kapab gide li
sou chemen lafwa a: se kè kontan, bon kè ak lajistis. Bondye se yon bon Papa,
ki vle lavi an kantite pou tout gason ak pitit fi li yo, se pa yon direktè enpo
k’ap mande nou pou nou peye enterè sou benefis nou resevwa pou sante nou oubyen
lòt gras nou resevwa nan lavi nou.
Bondye li menm menm fè nou kado pwòp tèt li an premye, atravè Pitit li a
Jezi, moun Nazarèt la, li menm ki te tounen moun, ki mouri e ki resisite pou li
te kapab montre nou vrè vizaj Bondye. Aprè sa li ranpli nou ak benediksyon, li
ba nou lavi, yon fanmi; se gras a li menm ki fè kè nou ap bat e se li ki pèmèt
nou respire.
Devan tout kado sa yo, nou kapab di Bondye Papa a: Granmèt, kisa mwen
kapab pa ou ke ou menm ou pa t’ ban mwen? Nou pa manke gen kè kontan chak fwa
nou bay Bondye ti moso nan tan nou, nan kalite nou oubyen nan byen nou genyen
pou nou kapab anonse Wayòm li an.
Jenewozite se dezyèm bagay ki karakterize yon kretyen ki konnen ke
Bondye pi gran ke tout fason nou ta kapab panse li ye. Nou manifeste bon kè
Bondye a, oubyen nou montre bonte li, se lè nou bay san nou pa espere anyen an
retou. Lè nou akeyi ak sèvi yon moun ki pa kapab remèt nou sa, lè sa a nou yon
ti jan sanble ak Bondye, li menm ki p’ap tann nou renmen li pou li fè nou kado
solèy la chak maten. Gason ak fanm ki gen jenewozite, yo gen anpil kè kontan
paske nan chèche yo pa chèche rekonpans lan, yo rive libere tèt yo anba
esklavaj bagay materyèl yo epi anba lògèy.
Pou fini, Bondye envite nou pou nou konstwi yon mond jistis kote tout
moun se frè ak sè, kote Bondye se Papa tout moun; yon mond ki kapab tounen kay
tout moun. Sa se vrè sakrifis agreyab nou kapab ofri bay Bondye, paske se yon bagay
ki an amoni ak dezi kè li. Si nou envesti kapital enèji nou nan travay sa a,
sètènman n’ap rankontre anpil papa, manman, frè ak sè ki dispoze pou akonpaye
nou e k’ap fè nou kado amitye ak renmen. Konsa tou, sou chemen sa a n’ap jwenn
moun ki pa konprann nou ak moun k’ap pèsekite nou menm jan Jezi li menm li te
fè fas ak reyalite sa a. Nou p’ap fè bak devan bagay sa yo puiske nou konnen
Bondye genyen dènye mo a.
LAPRIYÈ:Bondye ki gen bon kè, mèsi pou Pitit ou a, li se pi gwo prèv renmen ou
pou nou menm. Mèsi tou pou tout sa w’ fè m’ kado chak minit nan lavi mwen, san
ke w’ p’ap tann anyen nan men mwen. Ede mwen pou mwen pa viv dozado ak ou,
tankou moun ki avèg. Ede mwen kolabore ak ou pou konstwi mond jistis ak
solidarite ou vle a. Pa pouvwa Jezikri,
Pitit ou, Granmèt nou ak frè nou. Amèn.
PWOPOZISYON: Fè yon moun
kado yon ti jès renmen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario