Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Tounen kot Granmèt la, rekonèt jijman Bondye yo”.
NAN LIV SIRASID 17, 24-29
Bondye bay moun ki fè penitans yo chemen jistis la, li asire moun ki pa
reyisi kanpe fèm yo, li pare eritaj verite a pou yo.
Tounen vin jwenn Granmèt la, kite peche w’ yo; lapriyè devan fas Granmèt
la, diminye okazyon pou ou tonbe yo. Tounen vin
jwenn Granmèt la, vire do bay enjistis ou a, rayi bagay ki lèd.
Rekonèt jistis ak jijman Bondye yo, kanpe nan pozisyon demann ak lapriyè
Bondye ki anwo nèt la. Ale nan rejyon syèk ki sen an, avèk moun ki vivan yo epi
k’ap fè lwanj pou Bondye a.
Pa rete nan move chemen moun ki pa kòrèk; anvan lanmò a, se pou ou fè
lwanj; moun ki mouri a, ki tankou anyen li pa kapab fè lwanj. Se pou ou fè
lwanj antan ou vivan; se antan ou vivan, epi ou an sante pou ou fè lwanj; w’a
fè lwanj Bondye, w’a leve tèt ou nan kè sansib li yo.
Se pa ti kras gran kè sansib Granmèt la gran, ansanm ak padon l’, pou
moun ki tounen vin jwenn li!
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 31, 1-2. 5. 6. 7
R/ Fè kè nou kontan nan Granmèt la, fete, nou menm ki kòrèk yo.
Se chans pou moun yo padonnen fot li, yo kouvri peche l’.
Se chans pou moun Granmèt la pa konsidere kòm koupab, ki pa gen riz nan
lespri l’.R.
Mwen fè ou konnen peche m’ nan, mwen pa kache fot mwen an.
Mwen di: “M’ap deklare fot mwen devan Granmèt la”. Ou menm ou padonnen fot
peche m’ nan.R.
Se pousa tout sen ap lapriyè kote ou nan tan favè a. Nan delij gran dlo
yo, yo p’ap pwoche kote l’.R.
Ou se kachèt mwen, w’ap pwoteje m’ sot nan tray la; w’ap vlope m’ ak fèt
delivrans la.R.
LEVANJIL
“Tout sa w’ genyen, vann li, epi suiv mwen”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK
KI SEN 10, 17-27
Lè sa a:
Pandan Jezi t’ap sòti sou wout la, gen yon moun ki kouri devan l’, li
met jenou atè devan l’, li t’ap lapriyè l’: “Bon Mèt, kisa pou m’ fè pou m’
eritye lavi tout tan an”?
Jezi menm di l’: “Poukisa ou rele m’ bon? Pèsòn pa bon, sof yon sèl
Bondye a. Ou konnen kòmandman yo: “Pa fè adiltè, pa touye, pa vòlè, pa sèvi
temwen manti, pa fè moun ditò, respekte papa w’ ak manman ou”.
Men li menm li reponn, li di: “Mèt, tout bagay sa yo, mwen te obsève yo
depi m’ tou jèn”.
Jezi menm gade l’, li renmen l’, li di l’: “Yon sèl bagay manke ou; ale,
tout sa w’ genyen, vann li, bay pòv yo, epi w’a gen yon richès nan syèl la;
apre sa, vini, suiv mwen”. Li menm li vin tou tris nan pawòl sa a; li pati ak min
li dekonpoze, sèke li te gen anpil byen.
Jezi menm gade toutalantou, li di disip li yo: “Se pa ti kras difisil sa
difisil pou moun ki gen lajan yo antre nan rèy Bondye a”. Disip yo menm sezi
nan pawòl li yo. Jezi menm rekòmanse pran lapawòl, li di yo: “Pitit mwen yo,
ala difisil sa difisil pou moun ki met konfyans yo nan richès yo antre nan rèy
Bondye a. Li pi fasil pou yon chamo pase nan yon je zegwi pase pou moun rich
antre nan rèy Bondye a”.
Yo menm yo te pi sezi toujou, youn t’ap di lòt: “Epi kilès ki kapab
sove”?
Jezi menm gade yo, li di: “Sou bò lèzòm, sa enposib, men pa sou bò
Bondye, paske tout bagay posib pou Bondye”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jezi di nonm nan jodi a fòk li ta vann tout byen li genyen pou l’ kapab
swiv li. Nonm sa te oblije ale byen tris paske li te gen anpil richès e sa ki
te plis fè li tris, se paske li pa t’ prè pou li pataje richès sa yo ak moun ki
pa t’ gen anyen ditou. Frè m’ ak sè m’ yo, swiv Jezi se pa yon bagay ki fasil.
Premye disip yo te oblije kite tout fanmi yo,
metye yo ak kote yo te rete pou yo te kapab vini fè disip pou Jezi. Jodi a
Legliz la kontinye ak menm tradisyon sa, paske pè yo ak mè yo ak tout pil
seminaris yo ki te tout fanmi yo ak tout sa yo genyen pou yo swiv Jezi. Sakrifis
sa a se pa sèlman moun nou sot site la a ki dwe fè l’. Se nou tout kretyen depi lè nou fini batize, nou dwe bay misyon Kris la
premye plas nan lavi nou. Se li menm ki pou gen plis enpòtans nan lavi nou. Pa
bay byen materyèl plis plas nan lavi nou, paske tout bagay sa yo se pase y’ap
pase. Renmen Bondye gen pou nou an ap dire pou tout tan gentan.
Gen moun, a koz yon travay oubyen yon lòt okipasyon, ki toujou di yo pa gen
tan pou y’ale Legliz. Menm lapriyè yo pa gen tan pou yo lapriyè, paske lòt
okipasyon pran tout tan yo. Nan Levanjil jodi a, Jezi pa vle di nonm sa li pa
dwe gen anyen menm. Men Jezi te sispèk ke pil byen materyèl nonm sa te genyen
yo te plis enpòtan pou li. Se sa k’ fè lè
Jezi di l’ pou l’ vann tout sa l’ genyen, li te ale tou tris, paske li santi li
pa t’ ko prè pou l’ detache l’ak pil byen latè sa yo li te genyen an.
Misyon Jezi te vini akonpli sou tè a, se misyon Papa a menm kite voye l’. Li te vini
sove e geri tout sa ki te gen gwo fado yo. Yon fado se pa sèlman yon maladi,
men yon fado kapab twòp atachman ak byen latè. Nou menm kretyen ki batize nan
renmen Bondye a, ann eseye bay Levanjil la plis plas nan lavi nou, dekwa pou
nou kapab rive genyen byen tout bon an, byen ki p’ap pase a, ki se lavi Bondye
a menm.
LAPRIYÈ: Ban nou fòs ou ak lafwa ou Bondye, pou nou kapab
viv jan ou mande, nan lanmou, nan lafwa, nan obeyisans, nan fè tout sa ki bon.
Konsa nou va lib de tout sa ki mal, lib de tout richès mond sa. Amèn
PWOPOZISYON: Byen latè pa ka sove w’ paske se bagay k’ap pase. Sa w’ bezwen pou repo
nanm ou, se pawòl renmen an k’ap dire pou tout tan. Akeyi l’ jodi a paske l’ap
bon pou ou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario