Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Aprann fè
sa k’ byen, chèche sa k’ kòrèk».
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 1, 10. 16-20
Koute pawòl Granmèt la, nou menm,
chèf Sodòm yo; resevwa lalwa Bondye nou an nan zòrèy nou, nou menm pèp Gomò a:
«Lave nou, pwòpte nou, wete move
kalkil nou yo sot devan je m’; sispann aji mal, aprann aji byen: chèche jijman,
ede sa k’ap pase mati a, plede kòz sa k’ san papa a, defann sa k’ vèv la.
Aprè sa nou mèt vini pou nou plede
kòz pa nou devan m’, deklarasyon Granmèt la. Si peche nou ta tankou vlou wouj,
yo t’ap vin blan kon lanèj; si yo ta wouj kon woukou, y’ap vin blan kon lanèj.
Si nou vle koute m’, n’ap manje
richès tè a; men si nou pa vle, si n’ap eksite m’ fè kòlè, se epe a k’ap devore
nou: sèke bouch Granmèt la pale».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 49, 8-9. 16bc-17. 21 e 23
R/
Moun ki san
tach nan chemen an, m’ap montre l’ delivrans Bondye a.
Se pa nan sakrifis ou yo m’ap regle
kont avèk ou; sakrifis antye ou yo devan m’ tout tan. Mwen p’ap pran towo sot
lakay ou, ni bouk kabrit sot nan pak ou.R.
«Pouki sa w’ap detaye kòmandman m’
yo, w’ap mete testaman m’ nan nan bouch ou?
Epoutan ou rayi disiplin, ou voye
pawòl mwen yo jete dèyè do ou.R.
Se sa ou fè, epi mwen te pe bouch
mwen. Ou te konprann mwen te tankou ou.
Moun ki ofri sakrifis lwanj, l’ap fè
m’ jwen bèlte, moun ki san tach nan chemen an, m’ap montre l’ delivrans
Bondye».R.
LEVANJIL
«Yo di, men
yo pa fè»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
23, 1-12
Jezi pale ak foul yo ak disip li yo,
li di:
Sou fotèy Moyiz la pwofesè yo ak
farizyen yo chita: tout sa yo di nou, se pou nou obsève yo, se pou nou fè yo,
sèlman pa aji daprè aksyon pa yo: sèke yo di men yo pa fè. Yo mare chaj ki lou,
bagay moun pa kapab pote, epi yo mete yo sou zepòl moun yo; sèlman menm ak yon
ti dwèt yo refize souke yo.
Reyèlman vre tout aksyon yo, yo fè
yo pou lèzòm kapab wè yo: yo laji bwat yo ki gen vèsè labib yo konn pote sou yo
a, yo lonje fil ki pandye nan manch rad yo. Yo renmen premye plas nan
resepsyon, ak premye fotèy nan kay reyinyon yo, yo renmen moun ap di yo bèl
bonjou sou laplas, yo renmen pou moun yo rele yo «Rabi».
Kanta ou menm, pa rele pèsòn «Rabi»;
sèke se yon sèl ki mèt nou, nou tout nou se frè. Epi pa rele pèsòn «Papa» sou
tè a; sèke se yon sèl ki Papa nou, sila a ki nan syèl la. Pa fè yo rele nou
«Mèt»; paske se Kris la sèl ki mèt nou.
Moun ki pi gran nan nou an, se
sèvitè nou pou l’ ye. Moun ki leve tèt li, y’ap fè l’ bese l’, moun ki bese tèt
li, y’ap fè l’ leve li».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jezi pa satisfè
ak bèl pawòl nan bouch. Si gen yon bagay Jezi pa ka sipòte, se
demagoji ak ipokrizi. Youn nan bagay ki fè Jezi fache, se lè chèf yo ap pete
fyèl pòv yo, sitou lè se chèf legliz yo k’ap fè sa. Lè yo di yo renmen Bondye, se manti, paske yo pa renmen frè ak sè
yo. Jezi vle pou nou konvèti tout bon vre.
Men kisa konvèsyon
an ye menm ?
Konvèti se pa chwazi yon lòt legliz. Pa
gen yon legliz ki pa gen pwoblèm. Konvèti se
kite Jezikri boulvèse lavi w’, pou w’ panse ak li nan tout sa w’ di,
tout sa w’ fè. Sa k’ fè kè Jezi kontan, se sa ki pou fè kè m’ kontan tou. Sa ki
konn fè Jezi tris, se sa ki pou fè m’ tris tou. Se Jezi ki pou poto mitan lakay
mwen. Depi chèf legliz yo ede m’ jwenn Jezi, fò
m’ tande konsèy yo. Men lè chef legliz yo anpeche m’ nan chimen swiv Jezi a, si
m’ chita ap kritike yo, sa pa itil mwen anyen. M’ p’ap okipe yo, m’ pa bezwen
eskandalize lòt moun. Se Jezi m’ap okipe
pito. M’ konnen legliz la se yon kominote ki Sen men se yon kominote pechè li
ye tou. M’ mèt pran sa ki
bon ladan l’, kite rès la. Kisa Jezi
mande ? Kòman pou nou rekonèt si
legliz la ap fè travay li ? Bay moun ki grangou yo manje. Vizite moun ki nan prizon yo. Pran swen malad yo. Voye timoun yo al lekòl. Akeyi etranje nan
mitan nou. Rete fidèl ak mari ou, ak madanm ou, ak menaj ou. Lè ou pale, di
verite a. Pa fè sa ki pa bon. Padonen
moun ki fè nou mal. Li senp, men li pa fasil. Chak jou, fò n’ konvèti ankò.Tipa
tipa konsa, n’ap aprann swiv Jezi. N’ap jwenn lavi nèt
ale.
LAPRIYÈ:Mèsi, Jezi, paske ou pa sou demagoji, ou
pa sou ipokrizi. Tanpri, aprann mwen sèvi ou nan frè m’ak sè m’ yo. Amèn.
PWOPOZISYON:Olye m’ kritike
yon pwoblèm nan legliz la, m’ap aji yon lòt jan antan ke kretyen. Konsa n’ap bati yon legliz vivan k’ap pi pre
Jezi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario