Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
"Vini, an nou frape l’".
NAN LIV PWOFÈT JEREMI
18, 18- 20
Yo di: "Vini, an nou fè konplo kont
Jeremi; lalwa a p’ap peri poutèt pa gen prèt, ni konsèy la poutèt pa gen moun
sajès, ni pawòl la poutèt pa gen pwofèt. Vini, an nou frappe l’ avèk kout lang,
nou p’ap fè atansyon nan tout pawòl li yo".
Granmèt, vire lide ou sou mwen, koute vwa
lènmi m’ yo. Èske yo konn renmèt mal pou byen, ki fè yo fouye fòs pou nanm mwen
an? Sonje mwen te kanpe
devan fas ou, pou m’ te plede kòz yo, pou m’ te fè kòlè ou vire lwen yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 30, 5-6. 14. 5-16
R/
Sove m’, Granmèt, nan kè sansib ou a.
Wete m’ sot nan pyèj yo kache pou mwen an,
paske se ou menm ki fòs mwen. Se nan men ou mwen renmèt lespri m’; ou delivre
m’, Granmèt, Bondye verite a.R.
Sèke mwen tande rèl anpil moun: se kè sote
nan lavil la; poutèt yo rasanble ansanm kont mwen, yo fè konplo pou yo wete
nanm mwen.R.
Kanta mwen menm menm se nan ou mwen
espere, Granmèt; mwen di: "Se Bondye m’ ou ye, se nan men ou destine mwen
ye". Delivre m’ sot nan men lènmi yo ak moun k’ap pèsekite m’ yo.R.
LEVANJIL
"Y’ap kondane l’ amò".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI
SEN
20, 17- 28
Lè sa a:
Pandan Jezi ap monte Jerizalèm, li pran
douz disip yo apa, li di yo: "Men n’ap monte Jerizalèm, y’a pral renmèt
Pitit moun nan nan men chèf prèt yo ak pwofesè yo, y’ap kondane l’ amò, y’ap
renmèt li nan men nasyon yo pou yo pase l’ nan rizib, pou yo bat li, pou yo
kloure l’ sou kwa, epi sou twazyèm jou a, l’ap leve ankò".
Lè sa a manman pitit Zebede yo pwoche
kote l’ ansanm ak pitit li yo, li ajenou devan l’, li mande l’ kichòy.
Jezi di l’: "Ki sa ou vle"?
Li di l’: "Di pou de pitit mwen sa
yo chita youn adwat ou, lòt la agoch ou nan rèy ou an".
Jezi menm reponn, li di: "Nou pa
konnen sa n’ap mande a. Èske nou kapab bwè kalis la mwen gen pou m’ bwè
a"?
Yo di l’: "Nou kapab".
Li di yo: "Kalis mwen an, n’ap bwè
l’; men kanta pou chita adwat mwen oubyen agoch mwen an, se pa mwen menm ki
kapab ba nou sa, men se pou moun Papa m’ pare sa".
Lè dis lòt yo tande sa, yo fache kont de
frè yo. Jezi menm rele yo, vin kote l’, li di: "Nou konnen chèf nasyon yo
kòmande yo, epi sila yo ki nan gran plas yo, yo fè pouvwa yo peze sou yo. Sa pa
dwe fèt konsa nan mitan nou, men nenpòt ki moun nan pami nou ki vle vin gen pi
gran plas, se pou l’ vin tounen sèvitè nou; epi moun ki vle vin gen premye plas
nan pami nou, se pou l’ vin tounen esklav nou.
Se konsa Pitit moun nan pa vini pou l’
fè yo sèvi l’, men pou l’ sèvi, epi pou l’ bay lavi l’ pou delivrans kantite
moun yo".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:Jodi a, n’ap santre refleksyon nou sou 2
mo kle nou jwenn nan fen Levanjil la: Pouvwa
epi sèvis. Pouvwa, se youn nan bagay
anpil moun k’ap viv sou latè ta renmen genyen. Men anpil moun ki gen pouvwa mal itilize l', konsa
li vin sanble yon koute ki file de bò ki pa gen manch pou moun nan kenbe li. Nan
Levanjil sa a, Jezi ap denonse move fason nou konn itilize pouvwa lè nou genyen
li epi li envite nou menm kretyen yo pou nou kapab aji yon fason diferan. Nou
wè youn nan moun ki te viktim anba pouvwa lògèy lèzòm se Jezi li menm. Depi lè li te fèt, pouvwa wa Ewòd te genyen ak
tout lòt moun ki te puisan nan epòk la te vle touye li. Kalite pouvwa sa yo fè
nou viv pi lwen Bondye, yo fè nou prezante bay mond la yon fo imaj sou Bondye,
yon Bondye ki pa bay jistis epi ki toupuisan.
Nou pa bezwen yon gran save pou nou
konprann pouvwa sa yo vle fè nou fou; se pouvwa ki fè nou vin egoyis, ki fè n'ap
kouri pou pran premye plas; se yon pouvwa ki touye zanmitay ak renmen; li rann
nou jalou epi li fè nou pèdi dimansyon moun nan nou pote nan nou an.Jezi di nou ankouraje nou pou nou fè ladiferans,
nou menm ki vle suiv tras li.
Nou dwe aprann sèvi.
Yon sèvis ki rann nou lib, paske lè nou fin ede yon moun, nou p’ap vire gade a
kote pou nou tann yon rekonpans. Yon sèvis ki fè nou reyalize nou kòm moun, ki
fè nou anvi bay tèt nou chak fwa pi plis lè se pou ede lòt yo. Gwo pòs yo bèl
se vre, men nou p’ap kouri dèyè yo, nou dwe rete lib pa rapò ak tout bagay mond
lan ap ofri nou.
LAPRIYÈ:Bondye Granmèt, ou menm ki fòs nou, tanpri
fè nou gen kouraj dechouke tout move santiman ki nan kè nou, pou nou kapab rive
sèvi frè ak sè nou yo gratis. Nou mande w’ sa pa pouvwa Jekri, Granmèt nou an.
Amèn.
PWOPOZISYON: M'ap ede yon moun ki an difikilte san m'
pa imilye li; m'ap defann yon moun ki nan danje antan mwen rekonèt vrè valè li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario