Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«N’a obsève kòmandman yo, n’a
reyalize yo nan aksyon nou».
LEKTI
LIV DETEWONÒM 4, 1. 5-9
Moyiz
pale ak pèp la, li di:
«Koulye
a, Izrayèl, koute kòmandman ak jijman, sa m’ap aprann ou, pou ou reyalize, pou
ou kapab viv, pou ou kapab antre nan peyi a, pou ou posede l’, sa Granmèt
Bondye zansèt ou yo ap ba ou a.
Nou
konnen mwen aprann nou kòmandman avèk jistis; jan Granmèt Bondye m’ nan te
kòmande m’ nan, se konsa pou nou aji nan peyi a n’a pral posede a; n’ap obsève
yo, n’a reyalize yo nan aksyon nou. Sa a se sajès nou ak entelijans nou
devan pèp yo, pou lè yo tande tout kalite kòmandman sa yo, yo di: «Men yon pèp
ki gen sajès, ki entelijan, yon gran nasyon»!
Pa gen yon lòt nasyon ki tèlman
gran, ki kapab gen dye yo pre l’, tankou Bondye nou an prezan pou nou tout k’ap
lapriyè l’. Kilès lòt nasyon ki tèlman gran pou l’ gen seremoni ak jijman kòrèk
ak tout lalwa a, sa m’ prezante jodi a devan je nou an?
Konsa se pou ou kenbe pwòp tèt ou,
se pou ou veye sou nam ou. Pa bliye pawòl yo, sa je ou wè yo, yo pa dwe sot nan
kè ou pandan tout tan w’ap viv. W’a aprann pitit ou yo sa ni neve ou yo».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
147, 12-13. 15-16. 19-20
R/
Fè lwanj
Granmèt la, Jerizalèm.
Fè lwanj Granmèt la, Jerizalèm; fè
lwanj Bondye ou, Siyon.
Paske li ranfòse kwochèt pòtay ou
yo, li beni pitit ou yo anndan ou.R.
Li menm ki voye pwomès li sou tè a,
avèk vitès pawòl li a kouri.
Li menm ki bay lanèj tankou lenn, li
simen lawouze tankou sann.R.
Li menm ki anonse pawòl li bay
Jakòb, jistis li ak jijman l’ bay Izrayèl.
Li pa aji konsa avèk tout nasyon, li
pa montre yo jijman l’ yo.R.
LEVANJIL
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, 17-19
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Pa konprann mwen vini pou m’ defèt
Lalwa a oubyen Pwofèt yo: mwen pa vin pou m’ defèt, men pou m’ reyalize. An verite
mwen di nou sa, joustan syèl la ak tè a pase, yon ti «i» oubyen yon ti trè p’ap
pase sot nan lalwa a, joustan tout bagay reyalize.
Konsa moun k’ap defèt youn nan pi
piti kòmandman sa yo, epi k’ap aprann lèzòm fè menm jan, y’ap rele pi piti nan
rèy syèl la; men moun k’ap fè sa lalwa mande epi k’ap aprann lòt yo fè menm
jan, moun sa a y’ap rele l’ gran nan rèy syèl la».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Avèk prezans Jezi sou latè, Bondye vin montre
nou ki fason pou nou viv. E nou menm kretyen ki di nou vle fè volonte Papa a,
li vin montre nou kijan pou nou aji pou
nou ka fè volonte Papa a.
Jezi fè nou konprann
li pa vini pou elimine lalwa Moyiz la; okontrè se montre li montre nou kijan nou menm ki vle
suiv li dwe konpòte nou nan relasyon nou genyen avèk pwochen nou. Nan Jezi
Lalwa a jwenn tout akonplisman li. Jezi te vin ede nou refè zanmitay nou ak
Bondye, montre nou kijan pou nou viv tankou frè ak sè. Se vre, li pa toujou
fasil pou nou fè sa lalwa a mande nou, men nan fason n’ap fè jefò, sa kapab ede
nou kenbe tèt nou.
Zanmi Bondye yo, youn
nan pi gwo misyon nou genyen sou tè a, se viv jan Bondye mande epi ankouraje
lòt moun ki nan antouraj nou fè sa tou. Depi jodi a, nou dwe kòmanse fè efò pou
nou mennen mòd kalite lavi sa a. Se pa tann nan dènye jou pou nou di n’a gen
tan, paske lè sa a li va gen tan twò ta.
LAPRIYÈ:Granmèt, ou ba nou tan karèm sa a
pou nou aprann viv avèk Jezikri epi pou nou nouri tèt nou ak pawòl li. Gras a jefò
n’ap fè pou nou chanje, fè nou vin genyen plis fidelite nan sèvis ou ak plis
gou pou nou lapriyè ak yon sèl kè. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Sa mwen kwè a ak sa m’ap preche a, m’ap
chèche viv li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario