Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Sa a se yon
nasyon ki pa koute vwa Granmèt Bondye l’ la».
LEKTI LIV PWOFÈT JEREMI 7, 23-28
Men pawòl Granmèt la:
«Mwen te pase yo lòd daprè pawòl sa
a, mwen te di: «Se pou nou koute vwa m’, m’ap Bondye pou nou, n’ap pèp pou
mwen; se pou nou mache nan tout chemen m’ap kòmande nou, pou sa kapab bon pou
nou».
Men yo pa koute, yo pa panche zòrèy
yo, men yo pati daprè volonte yo, daprè move panchan kè yo, yo rekile, yo pa
avanse, depi jou mwen te fè zansèt yo sòti nan peyi Lejip la jous jodi a.
Mwen voye tout sèvitè m’ yo, pwofèt
yo, kote nou, mwen leve byen bonè chak jou, mwen voye yo; men yo pa koute m’,
yo pa panche zòrèy yo, okontrè yo fè kou yo vin rèd, yo aji pi mal pase zansèt
yo.
W’a di yo tout pawòl sa yo, yo p’ap
koute ou. W’ap rele yo, yo p’ap reponn ou. W’ap di yo: «Sa a se yon nasyon ki
pa koute vwa Granmèt Bondye l’ la, ki pa resevwa ledikasyon. Lavwa a peri, li
sòti sot nan bouch yo».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 94, 1-2. 6-7. 8-9
R/
Si jodi a,
nou te kapab koute vwa Granmèt la: «Pa fèmen kè nou».
Vini, an nou fete pou Granmèt la; an
nou fè fèt pou Bondye delivrans nou an.
An nou pwoche devan fas li avèk lwanj, avèk sòm an nou fè
fèt pou li.R.
Vini, an nou adore l’, an nou bese atè, an nou met jenou
atè devan Granmèt la ki fè nou,
paske se li menm ki Bondye nou, nou menm nou se
pèp pak li, mouton men l’.R.
Jodi a si nou te kapab koute vwa l’: «Pa fèmen kè nou,
tankou nan Meriba daprè jou Masa nan savann nan, kote zansèt nou yo te eseye m’
nan, yo te sonde m’, malgre yo te wè travay mwen».R.
LEVANJIL
«Moun ki pa
avèk mwen, li kont mwen».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 11, 14-23
Lè sa a :
Jezi t’ap chase demon, demon an te baba. Kon l’ fin chase
demon an, baba a pale, foul yo te sezi. Kèk moun nan yo t’ap di : «Se pa
pouvwa Bèlzeboul, chèf demon yo, l’ap chase demon yo». Dòt menm t’ap sonde l’,
yo t’ap mande l’ yon siy ki sot nan syèl la.
Li menm, kòm li te wè panse yo, li di yo : «Tout
peyi-wa ki an dezakò sou pa anndan, l’ap vin tounen yon savann, kay ap tonbe
sou kay. Konsa si Satan an dezakò sou pa anndan, kijan rèy li ap fè
kanpe ? Paske nou di se pa pouvwa Bèlzeboul m’ap chase demon yo. Si mwen
menm se pa pouvwa Bèlzeboul m’ap chase demon yo, pitit nou yo menm pa pouvwa
kilès y’ap chase yo ? Se pousa se yo menm k’ap pije nou. Men si se pa
pouvwa dwèt Bondye m’ap chase demon yo, sèke rèy Bondye a tou rive sou nou.
Lè yon moun byen ame, l’ap gade lakou l’, tout sa l’
posede, yo asire. Men si yon moun ki pi fò pase l’ vin rive, epi li ranpòte
laviktwa sou li, li pran tout zam yo kote li te mete konfyans li a, epi li
separe sa l’ pran yo.Moun ki pa avèk mwen, li kont mwen, moun ki pa ranmase
avèk mwen, l’ap gaye.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Pafwa erè yon moun komèt konnn ba li plis
popilarite ke byen li fè nan antouraj li. Kidonk lè yon moun fè yon bagay ki
byen, yo toujou konsidere sa tankou yon bagay nòmal; pou sa, yo pa fè twòp
kòmantè. Anpil fwa nou pa pran abitid felisite moun nan, di li zanmi m’ sa w’
fè a, li bon wi, li edifye m’ wi, kontinye kenbe konsa. Sa ap ede m’ fè plis
efò pou m’ avanse nan lavi m’.
Non, nou pa jwenn sa fasil. Men okontrè lè frè a
oubyen sè a fè yon erè, lè sa a li se yon vedèt, e sa pa bezwen yon gwo megafòn
non, nan yon fraksyon segond tout moun sou katye a gentan okouran de sa ki pase
a, kounye a atravè mwayen kominikasyon yo, lemond antye kapab okouran de tout
sa ki pase nan yon kwen nan lemond. Malerezman se atid sa nou montre pi souvan.
Ebyen Levanjil jodi a montre nou byen klè ki
fason pou nou viv ak lòt yo, ki fason pou nou trete yo. Se pou nou ba yo lavi,
se pou nou edifye yo. Nan Levanjil la, nou kapab pran kòm ekzanp atitid Jezi a,
li retire move lespri a nan bèbè a pou li kapab libere li, pou li kapab ba li
yon lavi tou nèf. Demon ki te nan bèbè a te anpeche li viv kòmsadwa. Ebyen lè
Jezi chase move lespri a sou li, li ba li yon lavi tou nèf, li pèmèt li reprann
konfyans.Se konfyans sa nou bezwen ede lòt yo reprann pou yo kapab kontinye
gaye lavi a toupatou sou tè a.
Jezi te aji avèk otorite sou demon an, nou menm
tou nou bezwen aji ak otorite. Nou deja konnen règ la: si nou genyen yon lafwa
ki menm gwosè ak yon ti grenn moutad, ebyen tout sa n’a di nan non Granmèt la
y’ap reyalize vre. Kidonk nou bezwen kore nou chak jou pi plis sou Bondye pou
li kapab ogmante lafwa nou, pou chak sa nou di kapab genyen efè sou tout fòs
mal yo.
LAPRIYÈ:Granmèt, n’ap lapriyè bèlte ou avèk
ensistans, plis jou fèt delivrans la ap pwoche, fè nou konsakre tèt nou pi plis
pou nou fete l’, pou nou pwofite mèvèy pak la. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Èske mwen avèk Jezi oubyen mwen kont li ?
Sèl konpòtman mwen ki ka montre sa.
No hay comentarios:
Publicar un comentario