Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Nou p’ap rele
travay men nou “Bondye nou’’ ankò».
LEKTI LIV PWOFÈT OZE 14, 2-10
Men pawòl Granmèt la:
«Izrayèl, tounen vin jwenn Granmèt Bondye ou la, paske ou
tonbe nan peche ou. Pran pawòl avèk nou, tounen vin jwenn Granmèt la, di l’:
«Wete tout peche nou, pran byen an, n’ap ofri sakrifis bouch nou. Lasiri p’ap
sove nou, nou p’ap monte sou chwal ankò, paske òfelen ki nan ou a, ou pran
pitye pou li».
M’ap geri yo pou yo sispann vire do ban mwen, m’ap renmen
yo ak tout elan kè m’, paske kòlè m’ vire kite yo; m’ap tankou lawouze, Izrayèl
ap jèmen tankou pye lis, rasin li ap eklate tankou Liban. Ramo l’ yo ap kouri,
bèlte l’ap tankou pye oliv, lodè l’ap tankou Liban.
Y’ap tounen vin chita anba lonbraj li, y’ap viv ak ble,
y’ap jèmen tankou pye rezen ; souvni l’ap tankou diven Liban. Efrayim, sa
pou m’ fè avèk zidòl yo ankò ? M’ap koute, m’ap renmen l’ tankou yon pye
bwapen ki byen vèt, se nan mwen fwi ou ap sòti.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 80,
6c-8a. 8bc-9. 10-llab. 14 e 17
R/ Se mwen menm Granmèt Bondye ou :
koute vwa m’.
Pawòl mwen pa t’ konnen, mwen tande. Mwen wete do l’ sot
anba chaj yo, men l’ kite panye a. Nan tray la, ou rele m’, mwen delivre ou.R.
Mwen reponn ou nan kachèt toubiyon an, mwen eseye ou bò
dlo Meriba a. Koute, pèp mwen, m’ap poze ou kesyon, Izrayèl, pa pito ou koute
m’.R.
P’ap gen dye etranje nan ou, ou p’ap
adore dye etranje. Se mwen menm ki Granmèt Bondye ou, ki te fè ou sòti nan peyi
Lejip la.R.
Si pèp mwen an te koute m’, si
Izrayèl te mache nan chemen m’ yo, mwen ta fè yo manje nan ble ki gra, mwen ta
plen vant yo ak myèl wòch la.R.
LEVANJIL
«Granmèt
Bondye ou la se yon sèl Bondye, se pou ou renmen l’».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK
KI SEN 12, 28b-34
Lè sa a:
Youn nan pwofesè yo pwoche kot Jezi,
li poze l’ kesyon kilès ki premye nan tout kòmandman yo.
Jezi menm reponn li: «Premye
kòmandman an, se: «Koute, Izrayèl: Granmèt Bondye ou la se yon sèl Bondye a; se
pou ou renmen Granmèt Bondye ou la ak tout kè ou, ak tout nam ou, ak tout
lespri ou, ak tout fòs ou». Sa a se premye kòmandrnan an. Dezyèm nan menm
sanble ak li: «Se pou ou renmen pwochen ou tankou ou menm». Pa gen lòt
kòmandman ki pi gran pase sa yo».
Pwofesè a di l’: «Se byen, Mèt, ou
pale verite, sèke se yon sèl la ki Bondye, pa gen dòt sof li menm; renmen l’ ak
tout kè, ak tout entelijans, ak tout nam, ak tout fòs; epi renmen pwochen an
tankou pwòp tèt nou, sa pi gran pase tout sakrifis antye ak tout sakrifis».
Jezi menm wè li te reponn avèk
sajès, li di l’: «Ou pa lwen rèy Bondye a». Pèsòn pa t’ pran chans poze l’
kesyon ankò.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Lè pwofesè lalwa yo panse yo te kapab pran Jezi nan pyèj, se li menm ki pran yo nan pyèj: paske
daprè farizyen yo, yon Jwif te gen anpil kòmandman pou l’ te swiv si l’ te fè
volonte Bondye tout bon vre; se poutèt sa yo ta vle konnen kilès ki pi enpòtan
nan kòmandman yo; se konsa pwofesè lalwa yo te pwoche kot Jezi epi yo mande l’
kilès nan kòmandman yo ki pi enpòtan.
Jezi menm reponn yo
konsa : premye kòmandman an, men li:se «Koute Izrayèl, Bondye w’ la se yon sèl li ye, se pou ou renmen l’ ak
tout kè ou ak tout nanm ou ak tout lespri ou, epi ak tout fòs ou, sa a se
premye a. Koute dezyèm nan, ki sanble tèt koupe ak premye a, li di yo w’a renmen pwochen ou menm jan ou renmen pwòp
tèt pa ou ; pa gen yon lòt kòmandman ki pi gran pase 2 sa yo.
Zanmi mwen yo, pandan
tout ekzistans nou, nou ta sipoze bay Bondye premye plas nan lavi nou, paske se
li menm ki fè nou, se li ki ba nou tout sa nou bezwen pou nou viv, se li menm
ki pèmèt nou respire. Nou pa kapab mete anyen nan plas Bondye. An nou chèche
imite renmen Bondye a, paske se renmen an k’ap pèmèt nou viv nan amoni. Ann
chèche idantifye epi divòse ak tout sa ki fè nou pa renmen Bondye ak tout kè
n’, tout fòs ak tout lespri nou, epi si nou renmen Bondye Granmèt la tout bon
vre, n’a kòmanse renmen pwochen nou. Konsa, li enpòtan pou nou chèche fè Bondye
plezi nan jan n’ap viv ak tout moun ki bò kote nou, paske si nou di nou renmen
Bondye ke nou pa wè, epi sila yo ki bò kote nou, nou pa kab wè yo ni sipòte yo,
sitou sila yo ki pi fèb, se men nou nou lave epi souye l’atè. Se pou nou ouvri
kè nou pou n’ fè plas pou sila a ki renmen nou an premye e k’ap toujou renmen
nou an.
LAPRIYÈ:Granmèt tanpri ede m’ debarase kè m’ ak tout sa ki anpeche m’ renmen ou ak pwochen
mwen.
PWOPOZISYON:Mwen p’ap kite
anyen pran plas Bondye nan lavi mwen, paske se li menm sèl ki ka sove mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario