Koulè Ble ou Blan
ANONSYASYON GRANMÈT LA
Gran
Fèt
PREMYE LEKTI
«Men Vyèj la ap
vin ansent».
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 7, 10-14; 8, 10
Jou sa yo:
Granmèt la pale avèk Akaz, li di:
«Mande Granmèt Bondye w’ la yon siy ba ou, nan fon anba a oubyen anwo nèt la».
Akaz di: «Mwen p’ap mande, mwen p’ap
tante Granmèt la».
Izayi di: «Koute, kay David: èske sa
twò piti pou nou, pou n’ap fatige lèzòm, pou nou rive fatige Bondye m’ nan? Se
poutèt sa Granmèt la li menm ap ba nou yon siy. Men Vyèj la
ap ansent, l’ap anfante yon ti gason, y’ap rele non l’ Emanyèl, paske Bondye
avèk nou».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
39, 7-8a. 8b-9. 10.11
R/
Men m’ap
vini, Granmèt, pou m’ fè volonte ou.
Sakrifis ak kado ou pa t’ vle sa,
men se zòrèy ou fouye pou mwen. Sakrifis antye ak sakrifis pou peche, ou pa t’
mande sa, lè sa a mwen di: «Men m’ap vini.R.
Nan woulo liv la yo ekri sou mwen
pou m’ fè volonte ou. Bondye m’, mwen vle, lalwa w’ la nan fon kè mwen».R.
Mwen anonse jistis ou nan gran
asanble a; men po bouch mwen, mwen pa anpeche yo, Granmèt, ou konnen.R.
Jistis ou a, mwen pa kache l’ nan kè
m’, verite ou la ak delivrans ou a, mwen deklare yo.
Mwen pa kache kè sansib ou a ak
verite ou la nan gran asanble a.R.
DEZYÈM LEKTI
«Nan tèt liv
la, yo ekri sou mwen, pou m’ fè volonte ou, Bondye».
LEKTI LÈT EBRE YO 10, 4-10
Li pa posib pou san towo ak bouk
wete peche. Se pousa lè Jezikri ap antre sou tè a, li di: «Sakrifis ak kado, ou
pa t’ vle sa, se yon kò ou fòme pou mwen; sakrifis pou peche pa t’ fè ou plezi;
lè sa a atò mwen di: «Men m’ap vini; nan tèt liv la yo ekri osijè m’, pou m’ fè
volonte ou, Bondye».
Pi wo a, li te di: «Sakrifis ak kado
ak sakrifis pou peche, ou pa t’ vle sa, ni sa pa t’ fè ou plezi, sa yo konn
ofri daprè lalwa a, lè sa a mwen di: «Men m’ap vini pou m’ fè volonte ou,
Bondye»; li wete premye a, pou l’ enstale sa k’ vin aprè a. Se nan volonte sa a
nou vin sen, gras a sakrifis kò Jezikri yon fwa pou tout.
LEVANJIL
«MEn w’ap
ansent, w’ap anfante yon ti gason»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 1, 26-38
Lè sa a:
Bondye voye zanj Gabriyèl nan yon
vil Galile yo rele Nazarèt, kot yon vyèj, ki te fiyanse avèk yon mesye yo te
rele Jozèf, nan kay David, non vyèj la se te Mari.
Zanj la antre kote l’, li di: «Se
pou kè ou kontan, ou menm ki plen gras, Granmèt la avèk ou, ou beni pami tout
fi». Lè l’ tande sa, li twouble poutèt pawòl li a, li t’ap
kalkile ki kalite mòd salye sa a.
Zanj la di l’: «Pa pè, Mari; ou
jwenn gras kot Bondye; men w’ap ansent, w’ap anfante yon ti pitit gason, w’ap
rele non l’ Jezi. L’ap gran, y’ap rele l’ Pitit Sa a ki anwo nèt la, Granmèt
Bondye ap ba li twòn David papa l’ la, l’ap kòmande kòm wa nan kay Jakòb la pou
tout tan, rèy li p’ap janm fini».
Mari di zanj la: «Kijan pou sa fèt,
paske lèzòm mwen pa konnen».
Zanj la reponn, li di l’: «Espri Sen
an ap vini nan ou, fòs Sa a ki anwo nèt la ap kouvri ou ak lonbraj li. Se pousa
sa a k’ap fèt nan ou a, l’ap sen, y’ap rele l’ Pitit Bondye.Men Elizabèt,
kouzin ou an, li menm tou li ansent yon ti gason nan vyeyès li a, mwa sa a se
sizyèm nan pou sa a yo te rele pa kapab fè pitit la; paske anyen pa enposib kot
Bondye».
Mari di: «Men sèvant Granmèt la; se
pou sa fèt pou mwen daprè pawòl ou a». Zanj la pati kite l’.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a
a legliz la ap selebre fèt Anonsyasyon Granmèt la. N’ap sonje kokenn chenn
deklarasyon damou sa a Bondye vin fè limanite pa lantremiz Lasent Vyèj Mari. Li
bon pou n’ kontanple atitid Lavyèj Mari te genyen devan zanj lan ki te vin
anonse l’ Bondye chwazi l’ pou l’ vini tounen Manman Pitit li a, Sovè limanite.
Bondye vle kolabore avèk moun pou travay delivrans la. Bondye se Sila a ki pran
an premye inisyativ pou l’ chache nou, pou l’ pale ak nou, pou l’ gide nou, pou
l’ sove nou. Se li menm ki te fè premye pa depi nan kòmansman an, lè li te rele
Abraam pou l’ vin tounen Papa yon foul moun, kote li te pwomèt li anpil
benediksyon non sèlman pou li menm men pou jenerasyon k’ap sòti nan li yo.
Fete Ansonsyasyon an, se sonje ke Bondye ap kontinye rele nou pou n’
patisipe nan bèlte l’ la, pou n’ mache avèk li, pou n’ tounen ouvriye k’ap
travay pou kapab konstwi Wayòm li an sou tè a. Nan anonsyasyon an, Bondye vle
kontinye pale avèk nou yon fason espesyal nan Sèl grenn Pitit li a, li menm li mete
eritye li epi nan li menm li vle kenbe pwomès li te fè Abraam pou l’ beni pitit
ak pitit pitit li yo pou tout tan.
Nan Jezikri, se benediksyon ak favè san bout sa a Bondye te pwomèt
zansèt nou yo nan lafwa a li kontinye akonpli. Nan Jezikri, Pawòl
Bondye a ki tounen moun, Bondye vle kontinye mache avèk tout limanite, li vle
oryante nou pou n’ mache nan limyè lavi a. Nan Jezikri nou wè Bondye vrèman
pote limyè delivrans lan pou nou tout lèzom ki t’ap mache tonbe-leve pou nou
kapab konprann laviktwa a se pou nou tout li ye, nou menm ki kwè nan mesaj li
te vin pote a, ki kite mesaj li a klere lavi nou, ki eksperimante kè sansib san
bout li a epi temwaye grandè Bondye nan lavi nou, nou tout ki kwè li mouri epi
li leve byen vivan, ki konnen li prezan nan lavi nou epi l’ap kontinye travay
pou kapab gen yon sosyete ki pi jis, yon sosyete ki reflete valè Wayòm lan: kè
poze, jistis, renmen, tèt ansanm, padon…
Tankou Lasent Vyèj
Mari nou dwe gen atitid moun ki vle konprann, ki vle kolabore, ki vle pou mete
men nan pat sosyete a pou rive transfòme l’ daprè jan Granmèt la vle.Tankou
nouvo pèp Bondye a, nou vle chak jou di Bondye «wi», pou nou kapab tounen
ouvriye Wayòm li an.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki te vle pou Pawòl ou a
resevwa vrè chè moun nan vant Mari ki Vyèj, nou menm ki rekonèt Sovè nou an ki Bondye
e ki moun tou, tanpri, Bondye li ye a, fè nou sanble ak li.
PWOPOZISYON: Chèche konnen kisa Bondye vle nan lavi ou epi
kite sa fèt jan li vle.
No hay comentarios:
Publicar un comentario