Koulè Woz
KATRIYÈM DIMANCH KARÈM
(LAETARE)
PREMYE LEKTI
«Yo sakre
David kòm wa sou Izrayèl».
LEKTI PREMYE LIV SAMYÈL 16, Ib. 6-7.
I0-13a
Jou sa yo:
Granmèt la di Samyèl: «Plen kòn ou
an ak luil, epi vini, pou m’ voye ou kot Jese moun Bètleyèm nan: sèke mwen deja
chwazi davans nan pitit li yo yon wa pou mwen».
Lè l’ antre, li wè Elyab, li di:
«Èske Kris Granmèt la pa devan l’»? Granmèt la di Samyèl: «Pa gade fas li, ni
wotè tay li, paske mwen rejte l’; se pa daprè konsiderasyon lèzòm mwen jije:
moun wè sa k’ sou deyò, Granmèt la menm konsidere kè a».
Konsa Jese mennen sèt pitit li yo
devan Samyèl, Samyèl di Jese: «Granmèt la pa chwazi okenn nan sila yo», Samyèl
di Jese: «Èske se tout pitit ou yo sa»? Li reponn: Gen yon ti pitit ki rete
ankò, l’ap gadiyen mouton yo». Samyèl di Jese: «Voye chèche l’; sèke nou p’ap
atable anvan li vin isit la». Konsa li voye chèche l’, li Mennen l’. Li te
wouj, li te gen bèl aparans ak bèl figi. Granmèt la di: «Leve, sakre l’: se li
menm menm».
Konsa Samyèl pran kòn luil la, li
sakre l’ nan mitan frè l’ yo; lespri Granmèt la rive tou dwat nan David depi
jou sa a pou jous apre.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
22, l-3a, 3b4. 5. 6
R/
Granmèt la
ap swen m’, mwen p’ap manke anyen.
Granmèt la ap swen m’, mwen p’ap
manke anyen: Nan zèb vèt li enstale m’, sou dlo kalm li kondui m’, li refè nanm
mwen. Li mennen m’ sou santye jistis
poutèt non l’, Sèke si m’ap mache nan tè fon lonbraj lanmò, mwen p’ap pè malè,
paske ou avèk mwen. Baton ou ak bagèt ou se yo k’ap konsole m’.R.
Ou pare tab devan m’ an fas sila yo
k’ap pèsekite m’ yo; ou anbome tèt mwen ak losyon, kalis mwen ap debòde. R.
Reyèlman vre se bon kè ak kè sansib
k’ap rapousuiv mwen tou lejou lavi m’, m’ap abite nan kay Granmèt la pou longè
jou yo.R.
DEZYÈM LEKTI
«Leve sot
nan pami mò yo, Jezikri ap klere ou».
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU
EFEZYEN YO 5, 8-14
Prè m’ yo:
Lontan nou te fè nwa, koulye a menm
nou se limyè nan Granmèt la: se pou nou mache kòm pitit limyè. Fwi limyè a li
nan tout kalite sa ki bon, jistis ak verite; se pou nou chèche fè sa k’ fè Bondye
plezi. Pa patisipe nan aksyon fènwa yo ki pa donnen fwi yo, okontrè se pou nou
repwoche yo. Sèke sa y’ap fè an kachèt yo, yo wont menm di yo. Men lè yo
denonse tout bagay sa yo, se nan limyè yo parèt klè, sèke tout sa k’ parèt klè
se limyè li ye.
Se pousa li di: «Leve, ou menm k’ap
dòmi, leve sot nan pami mò yo, Jezikri ap klere ou».
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«L’ale, li
lave kò l’, li vini, li wè».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 9. 1-41
Lè sa a:
Pandan Jezi ap pase, li wè yon moun
ki avèg depi l’ te fèt. Disip li yo poze l’ kesyon: «Rabi, kilès ki fè peche,
sila a oubyen paran l’ yo, pou l’ fèt tou avèg la»?
Jezi reponn: «Ni li menm li pa fè
peche, ni paran l’ yo; men se pou travay Bondye kapab parèt klè nan li. Mwen
gen pou m’ reyalize travay sila a ki voye m’ nan, toutotan li jou; lannuit la
ap rive, kote pèsòn pa kapab travay, toutotan mwen sou tè a, mwen se limyè tè
a». Kon l’ fin di sa, li krache atè a, li fè labou ak saliv la, li pase labou a
sou je l’, li di l’: «Ale, lave kò ou, nan basen Siloe a», sa vle di «Sila a yo
voye a». Konsa, 1’ale, li lave kò l’, li tounen antan l’ wè. Se pousa vwazen yo
ak moun ki te konn wè l’ anvan, paske se lacharite li te konn mande, yo t’ap
di. «Èske sila a se pa li menm ki te konn chita ap mande a»? Yon pati t’ap di.
«Se li menm menm». Lòt yo menm. «Pa ditou, men se youn ki sanble ak li». Li
menm menm li t’ap di: «Se mwen menm menm». Yo t’ap di l’: «Kijan je ou fè
louvri»? Li reponn: «Moun sa a yo rele
Jezi a, li fè labou, li pasè sou je m’, li di m’: «Al nan basen Siloe a, epi
lave kò ou». M’ale, mwen lave kò m’, mwen wè». Yo di l’: «Kote l’? Li di: «Mwen
pa konnen». Yo mennen l’ kot farizyen yo, sila a ki te avèg anvan an. Men se te
jou saba, lè Jezi te fè labou epi li te louvri je l’ la. Konsa farizyen yo
mande l’ ankò kijan li te fè wè a. Li menm menm li di yo: «Se labou li mete sou
je m’, mwen lave kò m’ mwen wè». Gen kèkzen nan farizyen yo ki t’ap di. «Moun
sa a pa vin sot nan Bondye, paske li pa obsève saba a»; dòt menm t’ap di:
«Kòman yon moun ki peche kapab fè siy sa yo»? Te gen divizyon nan pami yo. Yo
di avèg la ankò: «Ou menm sa ou di osijè sila a ki louvri je ou la»? Li menm li
di: «Se yon pwofèt». Juif yo pa t’ kwè mesye a te avèg epi li te vin wè,
joustan yo rele paran mesye a ki te vin wè a. Yo poze yo kesyon, yo di: «Sila a
se pitit nou an, sa nou di ki fèt tou avèg la? Kijan l’ fè wè koulye a»? Paran
l’ yo reponn, yo di: «Nou konnen sila a se pitit nou an, epi li te fèt avèg.
Kijan li fè wè koulye a, nou pa konnen, oubyen kilès ki louvri je l’, nou pa
konnen; mande l’: li gen laj, 1’a pale pou kont li». Paran l’ yo te di sa,
paske yo te pè Juif yo; sèke Juif yo te deja fè konplo pou si yon moun rekonèt
li se Kris la, y’ap mete l’ deyò kay reyinyon an. Se pousa paran l’ yo di: «Li
gen laj, poze l’ kesyon». Konsa yo rele moun nan ki te avèg la, yo di l’: «Fè
konpliman pou Bondye. Nou menm nou konnen mesye sa a se yon pechè». Li menm li
di yo: «Si se yon pechè, mwen pa konnen; yon sèl bagay mwen konnen: Sèke mwen
te avèg, koulye a mwen wè. Yo di l’: «Ki sa l’ fè ou? Li reponn yo: «Mwen te
deja di nou, epi nou pa t’ koute: kisa nou vle tande ankò? Èske nou menm tou
nou vle vin disip li»? Yo madichonnen
l’, yo di: «Ou menm ou mèt disip li, nou menm menm se disip Moyiz nou ye. Nou
menm nou konnen Bondye te pale ak Moyiz, sila a menm, nou pa konn kote l’
sòti». Mesye a reponn, li di yo: «Se sa a ki dwòl la, nou pa konn kote l’ sòti,
epi li louvri je m’. Nou konnen Bondye pa koute pechè yo; men, si yon moun
respekte Bondye, epi li fè volonte l’, Bondye koute l’. Depi tout tan yo pa
janm tande yon moun louvri je yon moun ki fèt tou avèg. Si mesye sa a pa t’ sot
nan Bondye, li pa t’ap kapab fè anyen». Yo reponn, yo di l: «Se nan peche ou fèt toutantye, epi
w’ap fè nou laleson»? Yo jete l’ deyò. Jezi tande yo te jete l’ deyò, lè l’
jwenn li, li di l’: «Èske ou kwè nan Pitit Bondye a»? Li reponn, li di. «Kilès
li ye, Granmèt pou m’ kwè nan li»? Jezi di l’. «Ou wè l’, se li menm k’ap pale
avèk ou a». Li menm li di: «Mwen kwè, Granmèt». Li bese, li adore l’. Jezi di:
«Se pou yon jijman mwen vini sou tè sa a, pou moun ki pa wè yo vin wè, epi pou
sa k’ wè yo vin avèg. Kèkzen nan farizyen yo tande, sa k’ te bò kote l’ yo di
l’: «Èske nou menm tou nou avèg»? Jezi di yo: «Si nou te avèg, nou pa ta gen
peche: men koulye a nou di: «Nou wè». Peche nou an rete».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Katriyѐm
dimanch tan karѐm, n’ap avanse yon ti kras pi plis nan finisman tan
preparasyon gwo evènman fѐt Pak la. Pasaj Levanjil ki pale nou sou gerizon
nѐg ki te avѐg depi li fѐt la, ofri nou yon sѐl tѐm pou lekti yo.
Eksperyans Jezi vin klere lavi lezὸm. Nѐg ki
te avѐg depi l’ fѐt la, sòti nan fѐnwa, li antre nan limyѐ, ki se zѐv pouvwa ak
lanmou Bondye. Menm verite sa a, Pὸl repete l’ nan lѐt li ekri moun Efѐz yo: lontan se fѐnwa yo te ye, kounye a
yo se limyѐ. Lѐ Bondye fѐ entѐvansyon l’ nan lavi lѐzὸm, lѐ li manifeste l’ avѐk pouvwa, avѐk lanmou e lѐ lὸm nan li menm li akeyi
prezans Bondye nan fon kѐ l’, li antre nan yon
nouvo reyalite epi yon nouvo esperyans avѐk Bondye.
Konsa, tout moun ki t’ap mache nan fѐnwa, vin abiye avѐk yon fὸs ak yon limyѐ jiskaske yo pa rekonѐt li. Bondye chwazi
David tankou Wa, se te yon gadyen mouton epi se te pi piti nan pitit Jese yo, men
Bondye chwazi l’ pou l’ mache devan pѐp Izrayѐl la epi prezante figi
sila a ki te gen pou l’ vini an. David kite gadyen mouton pou l’vin tounen
gadyen Izrayѐ l’, pou l’ kapab fѐ moun yo rive fѐ yon sѐl nan Granmèt la.
An reyalite, David reprezante figi lòt wa a, ki se Mesi a ki gen
pou sove pèp la. Viktwa David te ranpὸte yo anonse viktwa Mesi
a genyen pou l’ ranpὸte. Mesi ki gen pou vini an, se vrѐ gadyen an ke David te
chante nan sὸm 22 an, gadyen ki p’ap kite nou tonbe nan twou,
ki mache bὸ kote lѐzὸm pou l’ fѐ yo wѐ bonte ak mizerikὸd Bondye epi montre nou
fidelite ak lanmou Bondye.
Jezi, pitit David, gadyen pѐp li a, se limyѐ
ki klere tout moun. Jezi klere nѐg ki te avѐg depi l’ te fѐt la ; non
sѐlman li fѐ je l’ louvri men li klere nanm li ak kѐ li tou. Li fѐ eksperyans
fidelite ak lanmou Bondye, paske kounye a moun pa bezwen pale l’ de yon pwofѐt
ki gen pou l’ vini, li menm menm li fѐ eksperyans pouvwa moun sa a ki vin sove
nou an. Konsa, menm li menm li vin tounen limyѐ pou lὸt moun.
Nan yon ti moman, nѐg
sa a ki te meprize, ki pa t’ gen plas nan sosyete a, vin tounen yon lὸt moun.
Pou tout sa te rive fѐt, li te fѐ demach pa l’ tou, li te chѐche Jezi, li te
pwoklame l’ tankou Mesi a, li te fѐ l’ tou piti nan pye l’. Anplis, aprè li fin
geri, devan akizasyon farizyen yo, li pa t’ pѐ defann li, se konsa li te tounen
yon disip paske li pa t’ ka fѐmen bouch li devan sa l’ te wѐ, sa l’ te
viv, ak sa l’ te tande. Pandan Karѐm nan, an nou kite tout zѐv fѐnwa, konsa
menm jan avѐk nѐg avѐg la, n’a resevwa limyѐ pou nou wѐ sa k’ap pase nan
antouraj nou.
LAPRIYÈ : Granmѐt Jezi, fѐ nou kado limyѐ ou, pou m’ ka tounen yon
vrѐ disip. Amѐn.
PWOPOZISYON: Mwen
p’ap kite opinyon mond la gen sou mwen fè m’ pèdi limyè lafwa a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario