Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Yo p’ap tande
vwa kriye ak vwa rèl ankò».
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 65, 17-21
Men pawòl Granmèt la:
«Men m’ap kreye syèl nouvo ak tè
nouvo; yo p’ap sonje premye yo ankò, sa p’ap monte sou kè a.
Men n’ap kontan, n’ap fete pou tout
tan nan bagay sa yo mwen kreye a. Sèke mwen kreye Jerizalèm «Fèt» ak pèp li a
«Kè kontan». M’ap fete nan Jerizalèm, m’ap kontan nan pèp mwen an. Yo p’ap
tande vwa kriye ankò ladan l’, ni vwa rèl.
P’ap gen timoun k’ap mouri tou piti
ladan l’ ankò, ni granmoun ki p’ap fin rive nan tout laj yo, paske timoun nan
se santan pou l’ genyen anvan l’ mouri, moun ki pa rive santan, se moun
madichonnen. Y’ap bati kay, y’ap abite, y’ap plante jaden rezen,
y’ap manje fwi yo».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
29, 2 é 4. 5-fi. 1 l-12a e 13b
R/
M’ap fè
lwanj ou, Granmèt, paske ou delivre m’.
M’ap fè lwanj ou, Granmèt, paske ou
delivre m’, ou pa kite lènmi m’ yo pran plezi sou do m’. Granmèt, ou delivre
nam mwen sot anba pouvwa lanfè, ou fè m’ viv, pou m’ pa desann nan pyèj bafon
an.R.
Chante pou Granmèt la, sen yo fè
lwanj pou souvni l’ ki sen.Sèke se pou yon ti moman li te fache, men se pou
tout lavi li renmen. Nan aswè yo rete ap kriye, nan maten se kè kontan.R.
Koute, Granmèt, pran pitye pou mwen,
Granmèt, pote m’ sekou. Ou fè rèl dèy mwen an vin tounen dans pou mwen. Granmèt
Bondye m’, pou tout tan m’ap fè lwanj ou.R.
LEVANJIL
«Ale, pitit
ou a ap viv»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 4, 43-54
Lè sa a:
Jezi sòti Samari, 1’al nan Lagalile.
Se Jezi li menm menm ki te asire pa gen pwofèt yo resevwa byen lakay li. Lè l’
rive nan Lagalile, moun Galile yo resevwa l’ byen, poutèt tout sa yo te wè l’
fè Jerizalèm nan jou fèt la; sèke yo menm tou yo t’al nan fèt la.
Konsa li tounen Kana Lagalile, kote
li te fè dlo a vin tounen diven an.Te gen yon ofisye wa a, pitit li te malad
Kafanawòm. Lè l’ tande Jezi te vin sot Lajide pou l’ antre Lagalile, 1’al kote
l’, li lapriyè l’ pou l’ desann vin geri pitit li a: sèke li te prèske mouri. Li di Jezi:
«Granmèt, desann anvan pitit mwen an mouri». Jezi di l’:
«Ale, pitit ou a ap viv». Mesye a kwè pawòl Jezi te di l’ la, 1’ale. Pandan
l’ap desann, sèvitè l’ yo vin rankontre l’ yo ba l’ nouvèl, yo di pitit li a ap
viv. Li mande yo ki lè li te gen soulajman. Yo di l’: «Se yè, a
i-nè-d-laprè-midi, lafyèv la kite l’». Papa a rekonèt se lè sa a menm Jezi te
di l’ «Pitit ou a ap viv»; li kwè ni li menm ni tout kay li a. Sa a se dezyèm
siy nan Jezi te fè, lè l’ te rive sot nan Lajide vin nan Lagalile a.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Jezi di l’: «Ale, pitit ou a ap viv». Mesye a kwè pawòl Jezi te di l’ la,
1’ale.» Ofisye wa pwofite pasaj Jezi nan Kana (kote li te
fè dlo tounen diven an) nan peyi Lagalile pou li mande li yon favè: «Granmèt,
desann anvan pitit mwen an mouri». Jezi reponn li: «Ale, pitit ou a ap viv».
Mesye a kwè pawòl Jezi te di l’ la, 1’ale.» Nou menm tou, nan lavi nou nou pa
sispann dyaloge ak Granmèt la: Granmèt, chay la lou pou mwen! Mwen pa
kapab ankò non! Se twòp pou mwen wi Papa! Men Jezi li menm, l’ap envite nou pou
nou kontinye fè li konfyans, fè Bondye konfyans. Lè ofisye a
te nan wout pou li ale lakay li, yo enfòme li pitit li a gaya. Se lafwa li nan
Jezi ki fè sa.
Frè ak sè m’ yo, lè bagay yo difisil
pou nou, se pou nou kontinye fè Bondye konfyans, paske se nan li sèl sekou nou
ye.Pa bliye se li menm ki te fè syèl la ak tè a, kidonk pa gen anyen li pa
kapab fè. Si nou gen lafwa nan Granmèt la, menm si nou tris kè nou va kontan,
si nou grangou vant nou va plen, si nou twouble l’a ba nou lapè, si nou nan
lari li va ba nou kay pou nou rete,…Si nou kwè tout bon vre, chenn ki mare nou
yo ki fè nou pa kapab pwogrese yo, yo va kase.
Apot Jan ap envite nou viv chak jou
nan kominyon ak Granmèt la. Jezi pote kè poze ak gerizon nan peyi li. An nou
mande li chanje kè nou, pou lavi nou kapab rejenere nan selebrasyon Pak la, pou
nou kapab resisite ansanm ak li.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki fè tè a vin tou nèf,
gras a sakreman yo nou pa kapab di sa yo ye a, tanpri, fè legliz ou a pwofite
òganizasyon tout tan yo, fè l’ pa manke sekou nan tan k’ap pase yo. Pa pouvwa
Jezikri.
PWOPOZISYON: Èske mwen pa
gen doutans anpil fwa sou pawòl Bondye?
No hay comentarios:
Publicar un comentario