Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Mwen wè yon
dlo k’ap sòti nan kay sakre a, tout moun li rive sou yo, dlo sa a sove yo».
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 47, 1-9. 12
Jou sa yo,
Mesaje a fè m’
vire jous nan pòt kay Granmèt la, men dlo t’ap sòti anba papòt la nan direksyon
solèy leve a; sèke fas kay la t’ap gade nan direksyon solèy leve, dlo yo menm
t’ap desann bò kote dwat kay sakre a, nan mitan lotèl la, li fè m’ sòti nan
chemen ki t’ap gade nan direksyon solèy leve a; te gen dlo ki t’ap koule anpil
sot nan kote dwat la.
Lè mesye a sòti nan direksyon
solèy leve a, li te gen yon mèt nan men l’, li konte senk-san mèt, li fè m’
travèse nan dlo a, jous nan talon. Aprè sa, li konte senk san mèt, li fè m’
travèse nan dlo a jous nan jenou; li konte senk-san epi li fè m’ travèse nan
dlo a jous nan ren. Li konte senk san, se te yon ravin mwen pa t’ kapab
travèse, paske dlo ravin fon an t’ap bouyi, yo pa t’ kapab travèse l’. Li di
m’:
«Sètènman ou wè, pitit moun».Li
kondui m’, li fè m’ travèse jous sou bò ravin nan.
Lè m’ vire, mwen wè anpil pye
bwa sou bò ravin nan, sou chak kote. Li di m’: «Dlo sa yo, k’ap sòti pou y’al
nan rejyon kot solèy leve a, y’ap desann nan plenn savann nan, y’ap antre nan
lanmè a; y’ap sòti, dlo yo ap sèvi remèd : tout bèt vivan k’ap mouvmante, y’ap
viv, tout kote ravin nan ap rive, ap gen anpil pwason, lè dlo sa yo rive kote
sa a, tout bagay kote ravin nan rive a, y’ap geri, y’ap viv. Anlè ravin nan,
sou bò l’ chak bò, ap gen pye bwa k’ap leve, y’ap donnen fwi; fèy yo p’ap
tonbe, yo p’ap manke fwi; chak mwa l’ap donnen premye fwi, paske dlo ravin nan
se nan kay sakre a y’ap sòti, fwi l’ yo ap sèvi manje, fèy li yo ap sèvi
remèd».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
45, 2-3. 5-6. 8-9
R/ Granmèt lame
yo avèk nou, kachèt pou nou Bondye Jakòb la.
Bondye se yon kachèt pou nou ak fòs, sekou nou
jwenn tout tan nan tray. Se pousa
nou pa pè, pandan tè a ap mouvmante, pandan mòn yo ap transpòte nan kè lanmè a.R.
Bò larivyè
a mete kontantman nan vil Bondye a, joupa Sila a ki anwo nèt la, ki sen yo.
Bondye nan mitan l’, li p’ap bouke; Bondye prete l’ sekou depi granmaten.R.
Granmèt
lame yo avèk nou, kachèt pou nou Bondye Jakòb la.
Vini, gade
aksyon Granmèt la, mèvèy li mete sou tè a.R.
LEVANJIL
«Menm lè a
mesye sa a vin geri».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 5,
1-3a. 5-16
Se te yon jou fèt Juif yo, Jezi monte
Jerizalèm.
Jerizalèm
gen yon basen pou mouton yo, yo rele l’ nan langaj ebre «Betsayid», li gen senk
galri. Nan yo te gen yon pakèt foul moun ki te kouche, ak maladi, avèg, moun
k’ap bwate, moun ki gen men yo seche. Te gen yon mesye ki te la, li te gen
trantuitan depi l’ te malad. Lè Jezi wè l’ kouche, li te konnen sa te fè anpil
tan deja, li te gen maladi a, li di l’: «Èske ou vle geri»?
Malad la
reponn li: «Granmèt, mwen pa gen pèsòn, pou voye m’ nan basen an, lè dlo a ap
fè mouvman; lè m’ rive, yon lòt gen tan desann anvan m’, Jezi di l’: «Leve,
pran nat ou, al mache». Menm lè a
mesye sa a vin geri, li pran nat li a, li t’ap mache. Se te yon jou saba, Juif yo di moun nan ki te geri a: «Se saba; ou pa
gen dwa pran nat ou». Li reponn yo: «Sila a ki geri m’ nan, se li menm ki di
m’: «Pran nat ou, mache».
Yo poze l’ kesyon: «Kilès moun
sa a ki di ou «Pran nat ou, mache a»? Sila a menm ki te geri a, li pa t’
konnen ki moun sa; Jezi te wete kò l’ sot nan foul la ki te la a.
Aprè sa Jezi jwenn li nan kay sakre a, li di l’: «Men ou geri, pa fè
peche ankò, pou pi grav domaj pa rive ou». Mesye a ale, li bay Juif yo nouvèl,
li di se Jezi ki te fè l’ geri. Se pou sa Juif yo t’ap pèsekite Jezi, paske li
te fè bagay sa yo jou Saba a.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Jezi gade li ki kouche; li mande li: èske w’ vle geri?» Frè ak sè m’ yo, zanmi Jezikri yo, jodi a Sen Jan
ap prezante nou sèn pisin Betsayid la. Li plis sanble ak sal datant nan yon lopital
pou tèlman gen malad k’ap tann pou yo lage yo nan dlo a. «Yon pakèt moun malad kouche, sa ki avèg, sa ki bwate, sa ki paralize»
(Jn 5,3). Epi Jezi vin ap pase.Se
konsa li fè yon entèvansyon, li pote gerizon, li pote liberasyon pou mesye sa a
ki te malad depi trantuit an. Ou menm tou, pwoblèm ki nan lavi w’ la, remèt li
nan men Jezi, paske li gen solisyon pou ou frè mwen, li gen solisyon pou ou sè
mwen. Jezi toujou prezan, sitou li prezan nan difikilte nou yo, paske li vle libere nou.
Farizyen
yo menm, se sèlman afè Saba y’ap regle. Movèz fwa yo pafwa yo fè yo pa kapab
grandi, mechanste bouche je yo, yo soud pase moun ki pa ka tande tèlman kè yo
di ! Sa fè lontan ke nèg sa a te malad : trantwit (38) an depi l’ap
soufri ak maladi sa a, e Jezi mande l’, «èske w’ vle geri ?» (Jn 5,6).
Frè ak
sè m’ yo, Jezi toujou sou wout nou pou l’ delivre nou ; men sèlman fòk nou
dakò resevwa gerizon sa a. Depi lontan moun sa a t’ap soufri e li pa jwenn
pèsonn ede li men lè li vin rankontre ak Granmèt la, lavi li te chanje, li
tounen yon moun nouvo, li soti nan gwo soufrans li te ye a pou li antre nan kè
kontan. Li sòti nan lanmò pou li antre nan lavi. Li fè yon pasaj. Se mesaj Pak
la. Si nou soufri ak Jezi, nou va resisite ak li tou. Nèg paralize a, sila ki
di li : « leve pran branka w’ epi mache » (Jn 5,8).
Jodi a,
Jezi vle geri w’ ; èske w’ dispoze oubyen èske vle geri tou ? Vwa
Kris la, se vwa Bondye. Menm jan ak nèg sa ki te kokobe a, tout moun ki tande
vwa Kris la, li va libere. Tout bagay vin nouvo pou paralize a ki te fatige
paske li te dekouraje. Aprè sa, Sen Jan Krizostòm ta pral di nou ke nan pisin
Betesda tout maladi po te geri epi avèk batèm nan tout maladi nanm geri. Nan
pisin nan se tanzantan epi se pou yon sèl
malad; nan batèm nan, se pou
tout tan epi se pou tout moun.
Nan tou
2 ka sa yo, pouvwa Bondye manifeste a travè dlo, Bondye itilize dlo a ni pou
lave kò nou ni pou lave nanm nou. Paralize a te san fòs bò kote pisin nan, èske
sa pa fè nou sonje pwòp eskperyans nou ak pwòp enpwisans nou pou nou fè byen ? Frè ak sè m’ yo, èske nou toujou rann nou
kont chak jou, nan antouraj nou, nan vwazinaj nou, gen yon pakèt paralize k’ap
lite ki pa janm rive sove nan manke libète yo ?
Fòk nou
gade Jezi. Paske li enpòtan epi li nesesè pou nou plonje nou nan dlo lagras la,
dlo lapriyè a, dlo konfesyon an, dlo konvèsyon an, pou nou ouvè lespri nou, pou
nou tout ansanm kapab plonje epi benyen nan pisin lagras Bondye a.
LAPRIYÈ :
Granmèt, nan
tan penitans sa a, fè kè fidèl ou yo louvri byen louvri pou yo sèvi ou. Se konsa
ya byen dispoze pou yo resevwa Mèvèy Sakre Pak la epi tou pou yo gaye bòn
nouvèl delivrans ou a bay tout moun. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON:M’ap dekouvri paralizi ki nan lavi mwen, ak sa ki anpeche mwen plonje nan sous lagras
Granmèt la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario