Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Mwen enstale
ou kòm kontra pèp la, pou ou met peyi a kanpe».
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 49, 8-15
Men sa Granmèt la di:
«Nan tan favè a mwen koute ou, nan jou delivrans la mwen
pote ou sekou; mwen pwoteje ou, mwen enstale ou kòm kontra pèp la, pou ou met
peyi a kanpe, pou ou posede eritaj ki gaye yo; pou ou di sila yo ki nan prizon
yo: «Sòti», epi sa ki nan fènwa yo: «Parèt».
Sou wout yo, y’ap jwenn manje, nan tout plenn y’ap jwenn
jaden zèb yo. Yo p’ap grangou, yo p’ap swaf, chalè solèy la p’ap frape yo,
paske sila a k’ap kondui yo a, li sansib, l’ap pase swaf yo nan sous dlo yo. M’ap fè tout
mòn mwen yo vin tounen wout, santye m’ yo ap leve. Men sila yo ap vin sot lwen,
men dòt k’ap vin sot nan Nò ak rejyon lanmè a, dòt menm ankò sot nan peyi nan
Sid, fè lwanj, syèl yo! danse, tè a! fè lwanj eklate, mòn yo ! Paske Granmèt la konsole pèp li a,
l’ap pran pitye pou pòv li yo.
Epi
Siyon t’ap di: «Granmèt la lage m’, Granmèt la bliye m’». Èske yon madanm kapab
bliye ti pitit li, pou l’ pa sansib pou pitit zantray li? Menm si youn t’ap
bliye, mwen menm mwen p’ap bliye ou»!
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 144, 8-9. 13cd-14. 17-18
R/ Granmèt
la gen pitye, li gen kè sansib.
Granmèt
la gen pitye, li gen kè sansib li gen pasyans, li gen anpil kè sansib. Granmèt
la bon pou tout moun, kè l’ sansib pou tout sa l’ fè. R.
Granmèt la fidèl nan tout pawòl li
yo, li sen nan tout aksyon l’ yo.Granmèt la soulaje tout moun ki tonbe, li
drese tout moun ki febli.R.
Granmèt la kòrèk nan tout chemen l’
yo, li sen nan tout travay li yo.
Granmèt la tou pre moun k’ap rele l’
yo, tout moun yo k’ap rele l’ nan laverite a.R.
LEVANJIL
«Menm jan Papa a leve mò yo, li bay
lavi a, konsa tou, moun Pitit la vle, li ba yo lavi».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 5, 17-30
Lè sa a:
Jezi reponn Juif yo: «Jouskoulye a,
Papa m’ap travay, mwen menm tou m’ap travay».
Se
pou sa menm Juif yo t’ap chèche touye l’ pi plis la, paske non sèlman li te
anile saba a, men li te deklare Bondye se papa l’ antan l’ fè pwòp tèt li vin
egal ak Bondye.
Konsa,
Jezi reponn, li di yo:
«An
verite, an verite mwen di nou, Pitit la pa kapab fè anyen ak pwòp tèt li, si l’
pa wè Papa a fè; tout sa l’ fè reyèlman vre, Pitit la fè yo tou. Sèke Papa a
renmen Pitit la, li montre l’ tout sa li menm li fè; l’ap montre l’ pi gran
aksyon pase sa yo ankò, pou nou kapab sezi.
Sèke
menm jan Papa a leve mò yo, epi li bay lavi a, konsa tou Pitit la se moun li
vle li bay lavi. Papa a pa jije pèsòn, men li renmèt Pitit la tout jijman an,
pou tout moun respekte Pitit la menm jan yo respekte Papa a. Moun ki pa
respekte Pitit la, li pa respekte Papa a ki voye l’ la. An verite, an verite
mwen di nou moun ki koute pawòl mwen, li koute sila a ki voye m’ nan, li gen
lavi tout tan an, li pa antre nan jijman, men li travèse sot nan lanmò al nan
lavi.
An
verite, an verite mwen di nou, lè a rive, epi se koulye a, lè mò yo ap tande
vwa Pitit Bondye a. Moun ki tande yo, y’ap viv. Menm jan Papa a gen lavi nan li
menm menm nan, konsa li bay Pitit la pouvwa pou l’ gen lavi nan li menm, li ba
l’ pouvwa tou pou l’ fè jijman, paske se Pitit moun li ye.
Pa
sezi pou sa, sèke lè a rive, kote tout moun ki nan kavo yo, y’ap tande vwa
Pitit Bondye a; y’ap sòti, moun ki te fè byen yo, se pou leve lavi a, sa k’ te
fè mal yo menm se pou leve jijman an.
Mwen
pa kapab fè anyen ak pwòp tèt pa m’. Jan m’ tande a, se konsa mwen jije, epi
jijman m’ nan kòrèk, paske mwen pa chèche volonte m’, men volonte sila a ki
voye m’ nan».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, premye lekti a ke nou li nan liv
pwofèt Izayi prezante n’ yon pèp Izrayelit k’ap retounen nan peyi l’, k’ap
retounen nan tè li, kote yo te mete l’ deyò a. Se yon mesaj ankourajman Bondye
bay pèp li a atravè pwofèt la. L’ap
rele sa k’ te nan peche yo, li pwomèt yo padon si yo regrèt fot yo te fè. L’ap
rele sa k’ te nan prizon yo vin nan peyi kote Bondye te fè papa yo kado a. L’ap
rele sa k’ nan fènwa yo vin nan limyè. L’ap trase chemen nan mòn yo pou yo
kapab pase, l’ap ba yo manje pou yo ka fè wout la, l’ap mache avèk yo, l’ap
trete yo pi byen pase yon manman trete pitit li. Sa vle di, pa gen
anyen k’ap anpeche yo rive jwenn delivrans la.
Se Jezi, Mesi a pwofèt
yo te anonse a ke Papa a ap voye, se li k’ap vin montre pèp Bondye a chemen an
pou yo rive jwenn li.Nan sans sa a, an nou wè ki mesaj Levanjil la pote pou
nou. Se yon diskou Jezi fè kote li touche 2 pwen :
Premye pwen an, li
montre kalite relasyon li genyen ak Papa a. Jezi deklare ke li pa fè anyen san
Papa l’ e Papa a montre l’ tout bagay ; kidonk se mesaj delivrans Bondye a
li pote. Li di si yon moun koute vwa l’, se vwa Papa a li koute e si yon moun
refize pawòl la, se pwòp Papa a li refize.
Dezyèm pwen an pale de
jijman. Bondye bay Jezi pouvwa pou l’ jije e jijman l’ lan kòrèk.Se yon jijman
san patipri, san privilèj.Se pa modèl jijman lèzòm kote yo kapab fè inosan pase
pou koupab, kote si entèl gen yon kolonèl ki zanmi li, yo kapab mande lage li.
Non ! Moun ki koute mesaj la, ki mete l’an pratik, l’ap viv men sila yo ki
pa koute yo y’ap rete nan lanmò. Paske se pa li menm k’ap kondane ;
okontrè se lè yon moun fèmen kè l’ pou pa resevwa pawòl la ke li kondane pwòp
tèt li.
Konsa an nou fè jefò
pou nou akeyi pawòl Bondye a nan lavi nou, an nou eseye kite pawòl la fè enpak
sou panse nou ak aksyon nou, pou nou kapab konstwi wayòm Bondye a nan mitan
nou.
LAPRIYÈ : Granmèt, mèsi pou Jezikri, sèl Pitit ou a ou voye vin
pote pawòl lavi a pou mwen, pou nanm mwen kapab sove. Tanpri ede m’ouvri kè m’
pou m’ resevwa l’ak kè kontan epi pataje l’avèk frè ak sè m’ yo. Amèn.
PWOPOZISYON: Pote limyè pawòl Bondye a nan fènwa lavi lòt
yo ki dekouraje oubyen ki pèdi lespwa.
No hay comentarios:
Publicar un comentario