Páginas

MÈKREDI 8

Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
“Moun Niniv yo chanje konduit sot nan move chemen yo”.
LEKTI LIV PWOFÈT JONAS 3, 1-10
Rive pawòl Granmèt la di Jonas: «Leve, al Niniv, gran vil la, preche prèch la mwen te pale w’ la ladan li». Jonas leve, 1’al Niniv daprè pawòl Granmèt la. Niniv se yon gran vil ki te mande twa jou pou travèse l’. Jonas kòmanse antre nan lavil la, li mache pandan yon jounen; li rele byen fò, li di: «Aprè karant jou, Niniv ap detwi».
Moun Niniv yo kwè nan Bondye, yo preche yon jèn, yo abiye ak sak sot depi pi gran an jous pi piti a. Pawòl la rive kot wa Niniv la, li leve sot sou fotèy li, li wete rad li, li abiye ak yon sak, li chita nan sann. Li fè deklarasyon, li pale nan Niniv, nan bouch wa a ak chèf li yo, li di: «Ni moun ni bèt, ni bèf, ni mouton p’ap goute anyen, p’ap manje zèb, p’ap bwè dlo; y’ap kouvri ak sak, ni moun ni bèt, y’ap rele kot Granmèt la avèk fòs, se pou chak moun kite move chemen l’ ak peche l’, ki nan men l’. Kilès ki konnen si Bondye p’ap chanje, si l’ p’ap padonnen, si l’ p’ap tounen sot nan chalè kòlè l’ la, pou nou pa peri»?
Bondye wè aksyon yo, kijan yo chanje sot nan move chemen yo, Bondye pran pitye osijè malè li te di li t’ap fè a, li pa fè l’.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 50, 3-4. 12-13. 18-19.
R/ Yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye pa meprize l’.
Pitye pou mwen, Bondye, daprè kè sansib ou; daprè jan ou sansib anpil, efase fot mwen an. Lave m’ byen lave sot nan fot mwen an, pwòpte m’ sot nan peche m’ nan.R.
Kreye yon kè pwòp nan mwen, Bondye, refè yon lespri fèm nan zantray mwen yo.
Pa jete m’ lwen fas ou, lespri sen ou nan, pa wete l’ sot nan mwen.R.
Ou p’ap pran plezi nan sakrifis, sakrifis antye, si m’ ofri l’ li p’ap fè ou plezi.
Sakrifis pou Bondye, se yon lespri ki kraze, yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye, ou p’ap meprize l’.R.
LEVANJIL
«Yo p’ap bay jenerasyon sa a dòt siy pase siy Jonas la»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 11, 29-32
Lè sa a:
Pandan foul yo t’ap rasanble, Jezi kòmanse di: «Jenerasyon sa a se yon jenerasyon ki move; l’ap chèche siy, men yo p’ap ba l’ siy, sof siy pwofèt Jonas la. Sèke menm jan Jonas te sèvi moun Niniv yo kòm siy nan, konsa tou Pitit moun nan ap sèvi siy pou jenerasyon sa a.
Larèn nan Sid la ap leve jou jijman an ansanm avèk moun jenerasyon sa a, l’ap kondane yo; paske li vin sot nan bout tè a pou l’ koute sajès Salomon, epoutan gen plis pase Salomon isit la.Moun Niniv yo ap leve jou jijman an ansanm avèk jenerasyon sa a, y’ap kondane l’, paske yo te fè penitans nan prèch Jonas la, epoutan gen plis pase Jonas isit la».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Pandan foul yo t’ap rasanble, Jezi kòmanse di: «Jenerasyon sa a se yon jenerasyon ki move; l’ap chèche siy, men yo p’ap ba l’ siy, sof siy pwofèt Jonas la». Menm jan Jonas te yon siy pou abitan Niniv yo, se konsa tou Jezi pral yon siy pou jenerasyon sa. Malgre Jezi te opere anpil mirak, sa pa t’ anpeche yo mande li «yon» siy. Ebyen siy yo ba nou an, sèke Jezi vini nan mond la. Anpil fwa nou menm tou, frè ak sè m’ yo nou konn mande Bondye yon siy pou li kapab rekonfòte nou, pou li montre nou li tande rèl nou. Konsa nou kapab mande Granmèt la limen dife renmen li nan kè nou pou nou kapab rankontre li. Fòk nou vin tounen moun ki nouvo antan n’ap fete Pak la, fòk nou deja resisite. Kantite peripesi, traka, mizè, soufrans ak kalamite nou pase nan lavi nou! Jonas travèse lavil Niniv, kote moun yo abiye ak rad dèy, y’ap fè jèn e yo t’ap mande Bondye pote yo sekou. Nou menm tou, nou rele bay Bondye ak tout enèji lafwa nou.
«Larèn nan Sid la ap leve jou jijman an ansanm avèk moun jenerasyon sa a, l’ap kondane yo».Vrèman vre, Rèn nan sòti byen lwen pou li vin koute Sajès Salomon, men li jwenn plis ke Salomon. Chak moun bezwen devlope pou li kapab vin plis moun, pou li konble vid li pote nan li menm. «Fè nou kase tèt tounen vin jwenn ou, n’a sove». Konvèsyon an se pa sèlman yon bagay pèsonèl, men tou se yon bagay kominotè. Pawòl Bondye a, se Sajès nou, li chanje nou epi li chanje kominote nou an. Men fòk nou tout ansanm nou kwè nan li. Tan Karèm nan envite nou ouvri kè nou pou nou kapab ranpli ak kè kontan Pak la; plonje nan lavi Jezi, nan lanmò, soufrans ak rezireksyon li.
«Moun Niniv yo ap leve jou jijman an ansanm avèk jenerasyon sa a, y’ap kondane l’». Vrèman, anpil moun te konvèti «paske yo te fè penitans nan prèch Jonas la, epoutan gen plis pase Jonas isit la». Jezi se siy nan. Li renmen mond nou an, li vini, li soufri pou li ak pou nou chak. Li te bay lavi li pou mond la te kapab genyen lavi. Nou kwè Jezi ap transfòme nou gras a Lekaristi a, Pen Vivan nou resevwa a. Jezi ba nou yon lavi tou nèf pou nou viv nan imilite ak senplisite nan sèvis lòt yo.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri, voye je ak bon kè sou pèp ou a k’ap devwe tèt li. L’ap frennen kò l’antan l’ap metrize tandans li; fè lespri l’ vin refè avèk rezilta bon aksyon li. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Antan nou kwè Jezi renmen nou tout bon vre, an nou kominike lanmou sa a bay lòt yo atravè yon aksyon konkrè.

No hay comentarios:

Publicar un comentario