Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Mwen pa gen
dòt sekou pase ou menm, Granmèt».
LEKTI LIV ESTÈ 14, 1. 3-5. 12-14
Jou sa yo:
Larèn Estè te kache kò l’ nan
Granmèt la, li te pè danje ki t’ap menase a. Li lapriyè Granmèt Bondye Izrayèl
la, li di: «Granmèt mwen, ou menm ki sèl wa nou, ede m’, mwen menm ki pou kont
mwen an, andeyò ou menm mwen pa gen pèsòn pou pote m’ sekou. Danje m’ nan nan
men m’. Mwen te tande nan bouch papa m’ se ou menm, Granmèt, ki te pran Izrayèl
sot nan tout nasyon yo, ak zansèt nou yo sot nan tout sa k’ te pi gran pase yo,
pou ou te posede yo kòm eritaj tout tan an; ou aji avèk yo jan ou te pale a.
Granmèt, sonje, fè nou wè ou nan tan
tray nou an, ban m’ konfyans, Granmèt, wa dye yo ak tout pouvwa. Mete pawòl ki
byen fèt nan bouch mwen devan lyon an, chanje kè l’ pou l’ vin rayi lènmi nou
an, pou se li menm ki peri ansanm ak tout lòt yo ki konplis li a.
Kanta nou menm, delivre nou ak men
ou, ede m’, mwen menm ki pa gen dòt sekou sof ou menm, Granmèt, ki gen tout
syans».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
137, l-2a. 2bc-3. 7c-8
R/
Nenpòt ki
jou mwen rele ou, o koute m’, Granmèt.
M’ap fè lwanj ou, Granmèt, ak tout
kè m’, paske ou koute pawòl bouch mwen.
Devan fas mesaje yo m’ap chante pou
ou.
M’ap adore nan kay sakre ou la ki
sen an.R.
M’ap fè lwanj pou non ou poutèt kè
sansib ou ak verite ou.
Nenpòt ki jou mwen rele ou, ou koute
m’; ou mete anpil fòs nan nam mwen.R.
Men dwat ou ap sove m’. Granmèt la
ap reyalize travay la pou mwen; Granmèt, kè sansib ou pou tout tan: travay men
ou yo, pa lage yo.R.
LEVANJIL
«Tout moun
ki mande, l’ap jwenn. »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN 7, 7-12
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Mande, y’ap ba nou; chèche, n’ap
jwenn; frape, y’ap louvri ba nou. Sèke tout moun ki mande, l’ap resevwa, moun
ki chèche, l’ap jwenn; moun ki frape, y’ap louvri ba li.
Oubyen kilès nan pami nou, si pitit
li mande l’ yon pen, pou l’ lonje yon wòch ba li? Oubyen si l’ mande yon
pwason, èske se yon koulèv l’ap lonje ba li? Konsa si nou menm, malgre nou move
a, nou konn bay pitit nou yo bon bagay, èske Papa nou ki nan syèl la p’ap fè pi
plis toujou, pou l’ bay moun k’ap mande l’ yo sa ki bon. Konsa tout sa nou vle
pou moun yo fè pou nou, se pou nou fè l’ pou yo tou: sa a se lalwa a ak Pwofèt
yo».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Mande, y’ap ba nou; chèche, n’ap jwenn; frape, y’ap louvri ba nou».
- Devan sitiyasyon ki boulvèse lavi nou, ki sekwe bak ekzistans nou, Bondye ap
mande nou konfyans ak lafwa. Konfyans sa chita sou akèy nou bay frè ak sè nou
yo k’ap soufri, k’ap pase tray. Nan fason yo kapab konte sou nou nan
mezi posiblite nou. Si sa posib n’al rann yo sèvis yo bezwen. Bondye renmen nou
san limit e l’ap pote nou sekou. Li vle nou kenbe fèm nan lapriyè. Li menm sèl
kapab ba nou sa nou manke; men fòk nou gen pèseverans. Bonkè ak bonte Granmèt
la manifeste nan lapriyè Jezi te montre patizan li yo: «Papa nou».
Si nou
chèche fè volonte Bondye nan lavi nou, si nou travay pou konstwi wayòm li, si
nou respekte non li,…ebyen l’ap konble tout nesesite nou yo. Menm jan ak Rèn
Estè nan konba espirityèl li, se pou nou di Bondye «mwen pa gen lòt sekou»;
konsa li p’ap manke tande rèl nou. «Tout
sa nou vle pou moun yo fè pou nou, se pou nou fè l’ pou yo tou: sa a se lalwa a
ak Pwofèt yo». Relasyon renmen nou genyen ak Granmèt la, se nan lapriyè nou
li manifeste. Mwen se yon pòv ki konte sou Bondye sèlman, li tande rèl lapriyè
mwen. Relasyon konfyans sa a pirifye nou, li chanje mond nou an, e se ansanm
n’ap gade kot Granmèt la, antan n’ap sipliye li youn pou lòt. Sa nou ta renmen
yo fè pou nou, se pou nou fè li pou lòt yo.
Amoni ki
genyen ant renmen nou genyen pou Bondye ak lanmoun nou genyen pou frè ak sè nou
yo manifeste dimansyon orizontal ak vètikal kwa Jezi a. Papa nou ap ba nou tout
sa ki bon, l’ap bay moun ki mande li Lespri Sen an.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri, ba nou yon lespri ki
toujou ap kalkile sa ki dwat, pou l’ ekzekite l’ byen vit. San ou menm, nou pa kapab ekziste;
fè nou viv jan ou vle. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Montre lòt la ou se frè/sè li nan fason w’ap
akeyi li, nan fason w’ap viv avèk li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario