Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
“Èske volonte m’ se lanmò moun ki pa
kòrèk la, èske se pa pito pou l’ chanje sot nan wout li yo epi pou l’ viv”?
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 18, 21-28
Men sa Granmèt Bondye a di:
«Si moun ki pa kòrèk la fè penitans
sot nan tout peche l’ yo, sa l’ te fè yo, epi li kenbe tout kòmandman m’ yo, li
fè jijman ak jistis, l’ap viv byen pwòp, li p’ap mouri. Tout sa l’
te fè pa kòrèk yo, yo p’ap sonje yo; se nan jistis li a reyalize a l’ap viv.
Èske volonte m’ se lanmò moun ki pa kòrèk la, deklarasyon Granmèt Bondye a,
èske se pa pou l’ chanje sot nan chemen l’ yo, pou l’ viv?
Sèlman si moun ki kòrèk la vire do
bay jistis li a, epi li fè sa k’ pa kòrèk daprè tout kalite peche moun ki pa
kòrèk la konn fè yo, èske l’ap viv? Tout jistis li yo li te reyalize yo, yo
p’ap sonje yo; se nan revòlt li fè a, ak nan peche li fè a, se nan yo l’ap
mouri.
Epi n’ap di: «Chemen Granmèt la pa
dwat». Koute non, kay Izrayèl: Èske se chemen m’ ki pa dwat, èske se pa pito
chemen pa nou yo ki move?
Sèke si moun ki kòrèk la vire do bay
jistis li a, epi li fè sa k’ pa kòrèk, li mouri nan yo, se nan sa k’ pa kòrèk
li fè yo l’ap mouri. Men si moun ki pa kòrèk la vire do bay sa l’ fè ki pa
kòrèk la, li reyalize jijman ak jistis, li menm l’ap fè nam li jwenn lavi; sèke
antan l’ ekzamine, li vire do bay tout sa l’ te fè ki pa kòrèk yo, l’ap viv
byen pwòp, li p’ap mouri».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
129, 1-2. 3-4ab. 4c-6. 7-8
R/
Si ou kenbe
fot yo, Granmèt, Granmèt, ki moun k’ap kanpe?
Nan bafon yo m’ap rele kote ou,
Granmèt; Granmèt, koute vwa m’. Se pou zòrèy ou panche nan vwa lapriyè m’ nan.R.
Si ou kenbe fot yo, Granmèt,
Granmèt, ki moun k’ap kanpe? Paske kote ou se padon, nou respekte ou.R.
M’ap tann ou, Granmèt; nam mwen ap
tann nan pawòl li, nam mwen espere nan Granmèt la. Plis pase
yon santinèl k’ap espere devanjou, se pou Izrayèl espere nan Granmèt la.R.
Paske kot Granmèt la se kè sansib,
se delivrans an kantite kote l’. Se li menm k’ap delivre Izrayèl sot nan tout
fot li yo.R.
LEVANJIL
«Al kòmanse
rekonsilye ak frè w’ la».
MEN BÒN NOUVÈLJEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN 5, 20-26
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Si jistis nou pa depase pa pwofesè
yo ak farizyen yo, nou p’ap antre nan rèy syèl yo.
Nou te tande yo te di ansyen yo: «Pa
touye»; paske moun ki touye, li merite jijman. Mwen menm mwen di nou: Tout moun
ki fè kòlè kont frè l’, li merite jijman. Moun ki di
frè l’: «Tèt vid», li merite tribinal. Moun ki di: «Moun fou», li merite boukan
dife a.
Konsa, si w’ap ofri kado ou devan
lotèl la, epi lè ou rive la, ou sonje frè ou gen kichòy kont ou, kite kado w’
la la menm devan lotèl la, al rekonsilye avèk frè w’ la anvan; aprè sa w’a
vini, w’a ofri kado w’ la.
Mete ou dakò avèk lènmi w’ nan byen vit,
pandan ou sou wout avèk li; pou lènmi w’ nan pa renmèt ou nan men jij la, pou
jij la pa renmèt ou bay gad la, pou yo pa voye ou nan prizon. An verite mwen di
ou, ou p’ap sòti la, joustan ou renmèt dènye santim nan».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Bondye nou an,
se yon Bondye kè sansib. Nan tout demach, li toujou fè premye pa pou nou,
malgre tout sa nou fè ki pa kòrèk, li toujou padone nou. Padon Bondye se yon
kado gratis; yon sèl bagay fòk nou dispoze pou nou akeyi li. Bondye pa fòse
pèsonn; puiske li padone nou, nou menm tou, se pou nou fè tankou li. Renmen li
an envite nou sòti nan nou menm pou nou
akeyi lòt yo ak mizerikòd.
Bondye konnen nou plis pase nou menm, li konnen se pechè
nou ye, se pou sa li pran pasyans pou l’ renmen nou, paske non l’ se Bondye; li
konnen fèblès nou, epi li l’ap tann nou pou l’ padone n’ chak fwa nou vin kote
li. Se sa k’ fè m’ di nan lavi a, li pa janm twò ta pou yon moun jwenn
reparasyon: nou kapab fè sa ki mal, konsa tou nou kapab fè sa ki bon. Yon sèl
bagay, fòk nou pran konsyans ke sa nou fè a pa bon.
Wi, si nou vle nou kapab chanje mal la an byen, sa pa dwe
rete la sèlman; fòk nou pran konsyans ke lè nou fè yon bagay ki pa bon, epi pou
nou fè jefò pou nou chanje fason n’ap viv la, se pou nou gen yon konpòtman ki
fè Bondye plezi. Se pou nou pratike lacharite youn ak lòt, se sa ki baz
chanjman nou, pou nou kab jwenn padon gratis Bondye a. Si nou pa fè sa, Bondye
p’ap resevwa kado n’ap ofri l’ yo.
Jodi a, se yon envitasyon Jezi fè nou, pou pa gen
ipokrizi nan relasyon nou kòm frè ak sè. An nou pwofite tan Karèm nan ki se yon
tan fò, pou n’ kase tèt tounen vin jwenn Bondye. Si n’ vle gen Dimanch Pak la,
fòk nou prepare l’ depi kounye a, aksepte antre nan dezè a avèk Jezi, pou n’
kab rive nan dimanch Pak la avèk li, antan nou konte sou konkou Lespri Sen an
k’ap ede nou rive nan dènye bout chemen an.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt,
se ou ki sèl fòs nou, tanpri ede nou fè yon vrè chanjman nan lavi nou, konsa
n’a ede lòt yo chanje tou. Amèn.
PWOPOZISYON:Mwen p’ap kenbe rankin
nan kè mwen kont pwochen mwen. M’ap aprann padone menm jan Bondye padone mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario