Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Mwen tankou
yon mouton tou dou, y’ap mennen labatwa».
LEKTI LIV PWOFÈT JEREMI 11, 18- 20
Ou menm Granmèt, ou fè m’ wè, mwen
konnen; ou montre m’ plan yo. Mwen menm mwen te tankou yon mouton tou dou, y’ap
mennen labatwa, mwen pa t’ konnen, se sou mwen yo t’ap kalkile plan, yo t’ap
di: «An nou mete bwa nan pen l’, an nou wete l’ sot sou tè vivan yo, yo p’ap
sonje non l’ ankò».
Kanta ou menm, Granmèt lame yo, ou
menm ki jije kòrèk, ki sonde ren ak kè, se pou m’ wè vanjans ou sou yo; sèke
mwen devwale ou kòz mwen.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
7, 2-3. 9bc-10. 11-12
R/
Granmèt
Bondye m’, nan ou mwen espere.
Granmèt Bondye m’, nan ou mwen
espere; sove m’ sot nan men tout moun k’ap pèsekite m’ yo, delivre m’, pou l’
pa pran lavi m’ tankou lyon k’ap dechire, san pa gen pèsòn pou sove.R.
Jije m’, Granmèt, daprè jistis mwen,
daprè inosans mwen ki nan mwen. Se pou mechanste pechè yo boule; asire sila a ki kòrèk la:
ou menm k’ap sonde kè ak ren, Bondye ki kòrèk.R.
Sekou m’ kot Bondye, li menm ki sove
moun ki dwat nan kè yo. Bondye jij ki kòrèk. Li menm ki fò, li menm y’ap fè
fache chak jou. R.
LEVANJIL
«Èske Kris la ta vin sot nan Lagalile»?
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 7, 40-53
Lè
sa a:
Nan
foul la, lè yo tande pawòl Jezi yo, yo t’ap di: «Sila a se pwofèt tout bon
vre». Dòt t’ap di: «Sila a se Kris la». Kèkzen menm t’ap di: «Èske Kris la ta
vin sot Lagalile»? Èske Labib pa di: «Se nan ras David ak nan bouk Bètleyèm,
kote David te ye a, pou Kris la vin soti»? Konsa te gen dezakò nan foul la
poutèt li. Gen nan yo ki te vle arete l’; men pèsòn pa t’ lonje men sou li.
Sèvitè
yo rive kot prèt an chèf yo ak farizyen yo. Sila yo di yo: «Pouki sa nou pa t’
mennen li»?
Sèvitè
yo reponn: «Pèsòn pa janm pale tankou mesye sa a».
Farizyen
yo reponn yo: «Èske nou menm tou, nou kite yo twonpe nou? Èske nan prèt an chèf
yo gen yon moun ki kwè nan li, oubyen nan pami farizyen yo? Men foul sa a, ki
pa konn lalwa a, yo madichonnen».
Nikodèm
di yo, li menm ki te vin kote l’ nannuit la, li menm ki te youn nan yo: «Èske
lalwa nou an jije yon moun san l’ pa tande l’ anvan pou l’ konnen sa l’ fè»?
Yo
reponn, yo di l’: «Èske ou menm se moun Lagalile ou ye? Fouye Labib, gade w’ap
wè nan Lagalile pwofèt pa sot la». Konsa chak moun pati lakay li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Pwofèt Jeremi pale nou de mouton avèk labatwa. Jezi se mouton an, li san tach.
Yo vle voye l’ nan labatwa pou yo sakrifye l’, pou yo touye l’; se konsekans ak
pri peche nou yo. Malgre Jezi konnen kijan nou engra, li aksepte soufri, jis li
bay lavi l’ pou nou pou l’ ka sove nou. Malgre li inosan, li pase tray akoz
renmen li pou nou. An nou medite sou kalite lanmou sa a.
Levanjil la raple nou
jan Farizyen ak gwo chèf lalwa yo t’ap planifye lanmò Jezi. Ki refleksyon nou
ka fè sou sa jounen jodi a?
Premyèman, nou kapab
di, Farizyen sa yo, poutèt yo te toujou kwè nan tèt yo, yo pa t’ kapab dekouvri
verite a nan Jezi, yo te santi yo twò konnen; menm jan tou, lè nou pran pòz nou
twò konesè nan pawòl Granmèt la, se pwòp tèt nou nou koute, se pa sa Granmèt la
di nou.
Dezyèmman, nou dwe
konsyan gen difikilte k’ap tann nou lè nou deside mache avèk Jezi. Konsa, nou
dwe prepare nou pou n’ kapab fè fas ak soufrans, difikilte ak kontraryete pou
nou kapab pa janm fè bak sou wout la.
LAPRIYÈ:Granmèt,
tanpri, fè aktivite kè sansib ou dirije kè nou, paske san ou nou pa kapab fè ou
plezi. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON:Reflechi sou kalite sakrifis
Granmèt la te fè pou l’ te kab sove ou; ki sakrifis w’ap fè pou w’ sove yon
moun ki nan danje?
No hay comentarios:
Publicar un comentario