Koulè Vyolèt
SENKYÈM
DIMANCH KARÈM, ANE-A
PREMYE LEKTI
«M’ap mete
Lespri m’ nan nou, n’ap viv. »
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 37, 12-14
Men pawòl Granmèt Bondye:
«Men m’ap louvri tonbo nou yo, m’ap
fè nou sòti nan tonbo nou yo, pèp mwen, m’ap fè nou antre nan tè Izrayèl la;
n’ap konnen se mwen menm Granmèt la, lè m’ap louvri tonbo nou yo, epi m’ap fè
nou sòti nan kavo nou yo, pèp mwen, lè m’ap mete Lespri m’ nan nou, pou nou viv
la, lè m’ap fè nou repoze sou tè nou an, n’ap konnen se mwen menm Granmèt la,
mwen pale, epi mwen aji», deklarasyon Granmèt Bondye».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
129, 1-2. 3-4ab. c-6. 7-8
R/
Kot Granmèt
la se kè sansib, se delivrans an kantite kote l’.
Nan bafon yo m’ap rele kote ou,
Granmèt; Granmèt, koute vwa m’. Se pou zòrèy ou panche nan vwa lapriyè m’ nan.R.
Si ou kenbe fot yo, Granmèt,
Granmèt, ki moun k’ap kanpe?
Paske kote ou se padon, nou respekte
ou.R.
M’ap tann ou, Granmèt; nam mwen ap
tann nan pawòl li, nam mwen espere nan Granmèt la. Plis pase yon santinèl k’ap espere
devan-jou, se pou Izrayèl espere nan Granmèt la.R.
Paske
kot Granmèt la se kè sansib, se delivrans an kantite kote l’.
Se
li menm k’ap delivre Izrayèl sot nan tout fot li yo.R.
DEZYÈM LEKTI
«Lespri sila a ki leve Jezi sot nan
pami mò yo, li abite nan nou».
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU WOMEN
YO 8, 8-11
Frè
m’ yo:
Moun
yo ki regle daprè chè a, yo pa kapab fè Bondye plezi. Nou menm nou pa regle nan
chè a, men nan Lespri a, si reyèlman Lespri Bondye a abite nan nou.
Si
yon moun pa gen Lespri Jezikri a, moun sa a pa pou li. Si Jezikri
nan nou, kò a mouri poutèt peche a, Lespri a viv poutèt sa k’ fè l’ vin sen an.
Si Lespri sila a ki leve Jezi sot nan pami mò yo abite nan nou, sila a ki leve
Jezikri sot nan pami mò yo ap fè kò lanmò nou yo viv tou poutèt Lespri a ki
abite nan nou an.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Mwen se leve a ak lavi a».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 11,1 -40
Lè
sa a:
Laza
te malad, moun Betani an, vil Mari ak Mat sè l’ la. (Mari menm se sila a li te
mete losyon sou Granmèt la, epi ki te siye pye l’ ak cheve l’ la, se frè l’ ki
te malad la). Sè l’ yo voye kote l’, yo di: «Granmèt, men sila a ou renmen an
malad». Lè Jezi menm tande sa, li di yo: «maladi sa a pa pou lanmò, men pou
bèlte Bondye, pou Pitit Bondye a jwenn bèlte gras a li.
Jezi
menm te renmen Mat ak sè l’ la Mari, ak Laza. Konsa lè l’ tande li te malad, lè
sa a li rete kote l’ te ye a pandan de jou. Aprè sa, li di disip li yo: «An ale
nan Lajide ankò».
Disip
li yo di l’: «Rabi, koulye a Juif yo t’ap chèche kalonnen ou, epi ou a prale
laba a ankò?
Jezi
reponn: «Èske pa gen douzèd-tan nan jounen an? Si yon moun ap mache nan lajounen,
li p’ap kase pye, paske li wè limyè tè sa a; men si l’ap mache nan fènwa, l’ap
kase pye, paske limyè a pa nan li.
Li
di sa, aprè sa, li di yo: «Laza, zanmi nou an, ap dòmi; men m’a prale pou m’
reveye l’ sot nan dòmi an».
Disip
yo di: «Granmèt, si l’ap dòmi, l’ap sove». Jezi menm pale yo osijè lanmò l’; yo
menm menm yo te konprann se osijè dòmi somèy la li t’ap pale.
Lè
sa a atò Jezi di yo kareman. «Laza mouri, mwen kontan poutèt nou, pou nou kapab
kwè, paske mwen pa t’ la. Men an ale kote l’.
Toma,
sa yo rele Didim nan, li di lòt disip yo: «An ale nou menm tou, pou nou mouri
ansanm avèk li».
Konsa
Jezi rive, li jwenn li depi kat jou nan kavo. Betani te pre Jerizalèm, apeprè
twa kilomèt. Anpil nan Juif yo te vin kot Mat ak Mari, pou yo konsole l’ pou frè
l’ la.
Mat
menm, lè l’ tande Jezi vini, li kouri al rankontre l’, kanta Mari li menm, li
te ret chita lakay la. Mat menm di Jezi: «Granmèt, si ou te isit la, frè m’ nan
pa t’ap mouri; men koulye a mwen konnen tout sa ou mande Bondye, Bondye ap ba
ou li».
Jezi
di l’: «Frè ou la ap leve»
Mat di l’: «Mwen konnen l’ap leve
nan leve nan dènye jou a».
Jezi di l’: «Mwen se leve ak lavi a;
moun ki kwè nan mwen, menm si l’ mouri, l’ap viv, epi tout moun k’ap viv epi ki
kwè nan mwen, li p’ap janm mouri. Èske ou kwè sa»?
Li di l’: «Wi, Granmèt, mwen kwè ou
se Kris Pitit Bondye vivan an, ki te vin sou tè sa a».
Kon
l’ fin di sa, li pati 1’al rele Mari sè l’ la an kachèt, li di: «Mèt la la epi
l’ap rele ou». Li menm kon l’ tande sa, li leve byen vit, li vin kote l’; Jezi
pa t’ ko rive nan bouk la; men li te kote Mat te rankontre l’ la toujou. Juif
yo menm, ki te avèk li nan kay la, epi ki t’ap konsole l’ yo, lè yo wè Mari, ki
leve byen vit, li sòti, yo suiv li, yo di: «L’al nan kavo a, pou l’ kriye laba
a».
Mari
menm, lè l’ rive kote Jezi te ye a, kon l’ wè l’, li tonbe nan pye l’, li di
l’: «Granmèt si ou te isit la, frè m’ nan pa t’ap mouri».Jezi menm, lè l’ wè
l’ap kriye, ni Juif yo tou ki te vin avèk li a ki t’ap kriye, li santi lespri
l’ tresayi, li twouble anndan li menm, li di: «Kote nou te depoze li»?
Yo
di l’: «Granmèt vini, w’a wè». Jezi kriye, Juif yo di: «Gade kijan li te renmen
l’! «Kèkzen nan yo menm te di: «Èske li pa t’ kapab fè pou sila a pa mouri, li
menm ki te louvri je moun ki te fèt tou avèg la. Jezi menm tresayi ankò anndan
li menm, li rive nan kavo a. Se te yon twou wòch, yon wòch te poze sou li. Jezi
di: «Wete wòch la».
Mat,
sè mò a, di l’: «Granmèt, li deja gen move lodè, sa fè katriyèm jou li la».
Jezi
di l’: «Èske m’ pa di ou, si ou kwè, w’ap wè bèlte Bondye a»?
Yo
weete wòch la. Jezi menm leve je l’ anlè, li di: «Papa, mwen fè konpliman pou
ou, poutèt ou koute m’. Mwen te konnen ou toujou koute m’; men se poutèt pèp la
ki antoure m’ nan, mwen pale, pou yo kwè se ou menm ki voye m’». Kon l’ fin di
sa, li rele byen fò: «Laza, vini deyò». Menm lè a li
sòti, pye l’ ak men l’ byen mare ak bann twal, figi l’te mare ak yon mouchwa. Jezi di yo: «Delage l’, kite l’
ale». Anpil nan Juif yo ki te vin kot Mari ak Mat la, lè yo wè sa Jezi fè, yo
vin kwè nan li.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Frè ak sè m’ yo, pawòl Bondye pou 5èm dimanch Tan
Karèm nan ta kapab fè nou panse ke nou deja ap selebre kè kontan fèt Pak la. Depi
nan premye moso Labib la pou rive nan Levanjil la se mesaj leve vivan an ke
nou jwenn. Nou konprann ke Bondye
nou an pa vle lanmò pou nou men lavi
an abondans.
Nan premye lekti a, Granmèt la anonse nan
bouch pwofèt Ezekyèl ke l’ap fè pèp Izrayèl la sòti nan tonbo l’ yo e l’ap fè l’ retounen
lakay li. Ki sa sa vle di? Nan epòk sa a pèp
la te nan nan ekzil nan peyi Babilòn. Yo t’ap soufri, yo te fin pèdi
espwa atèl pwen yo te kapab konpare sitiyasyon yo t’ap viv la ak yon sityasyon
lanmò. Men Bondye ekri dwat sou liy brize; li te pral chanje sitiyasyon yo. Li pwomèt yo lavi. Se lavi sa a ke Jezi te bay Laza yon lòt fwa, li menm ki te gen tan gen 3 jou depi li
antere. Se lavi sa a li vle kontinye ba nou jodi a, se lavi sa a li vle nou
simen nan sosyete a. Kidonk, nou dwe sispann simen lanmò, sa vle di, nou nou
dwe sispann kraze brize, sispann viv nan divizyon, sispann detui frè parèy nou
ak kout lang, sòti nan endiferans nou yo devan kalamite frè ak sè nou, louvri
men nou pou nou pataje, sispann se fè moun abi ak mechanste. Nou simen lanmò lè
nou aji nan fason ki anpeche moun vin pi moun.
Ki responsabilite nou youn fas ak lòt? Kòman nou
pral fè pou n’ fè lavi fleri lakay nou, nan katye kou, nan travay nou, nan
kominote nou? Genyen bon entansyon, se byen, men sa pa sifi. Fòk nou angaje n’,
mete men nan pat la, kole zepòl pou n’ pote yon vrè chanjman nan sosyete a.
Laza jwenn lavi aprè 3 jou nan tonbo. Pou nou klè, nou pa kapab di sa a
se rezireksyon paske Laza te vin mouri ankò. Aprè vrè rezireskyon ke Bondye pwomèt nou an, kò nou ap vin transfòme, n’ap vin gen yon
kò ki glorifye, "nou p’ap kapab mouri ankò, n’ap tankou zanj yo"(Lik
20, 36). Sen Pòl di nou : «Lè moun ki gen kò k’ap mouri an va resevwa
kò ki pa kapab mouri an, lè sa a pawòl ki ekri nan liv la va rive vre: Pa gen
lanmò ankò, nou genyen batay la nèt. Lanmò! Kote batay ou genyen an ?» 1Ko15, 54b-55a). E Lè sa a "n’ap wè
Bondye fas a fas paske n’ap sanble avèk li".
Lavi sa a Bondye pwomèt nou an, nou dwe lite pou
nou jwenn li. Chan an di nou sa byen: «syèl la la piyay nan pwen vòlè l’, nan pwen achte l’, se lite chak jou». Nou p’ap
kapab resisite pou vrè lavi a si nou pa kite Lespri Jezi a gide nou jan Sen Pòl
siyale sa nan 2èm lekti a. Konsa, si nou viv daprè lachè nou pèdi. Si nou viv
daprè lachè a, jan Pap Franswa konn di l’ la n’ap tonbe nan mondanite.
Pou n’ fini, m’ap souliye yon pwen enpòtan :
nan syèl la se yon lavi san traka, san dlo nan je; tout pwoblèm ap disparèt. Poutan,
nou dwe travay pou lavi sou tè a tounen yon avangou kè kontan syèl la. Nou pa
dwe viv nan reziyasyon, nou pa dwe rete ap obsève sa lavi a ap pote tankou moun
ki chita sou balkon k’ap gade moun k’ap pase. Fòk nou angaje n’ pou tout pitit
Bondye anvi viv, pou wayòm Bondye a jèmen nan tout ti detay lavi nou! Bon dimanch!
LAPRIYÈ : Bondye Papa, tanpri ede nou viv selon volonte w’ pou nou
kapab sove. Pa pouvwa Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON: Si m’ kwè nan Bondye tout bon vre, menm si
mwen mouri m’ap viv. Lafwa m’ se pa yon bagay pou mwen kenbe pou mwen sèl, fòk
mwen pataje li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario