Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Men m’ap
mouri san m’ pa fè anyen nan bagay sa yo».
LEKTI LIV PWOFÈT DANYÈL 13. 1-9. 15-17. 19-30. 33-62
Jou sa yo:
Te gen yon mesye ki te abite
Babilòn, yo te rele non l’ Joakim; li te marye ak yon fi yo te rele Sizán,
pitit fi Elsyas, li te bèl anpil, li te respekte Bondye: sèke paran l’ yo te
kòrèk, yo te fè ledikasyon pitit fi yo a daprè lalwa Moyiz la. Joakim nan te
rich anpil, li te gen yon jaden tou kole lakay li; Juif yo te konn vin lakay li
anpil, paske li te yon moun respektab nan pami tout moun.
Ane
sa a, nan pèp la yo te enstale de ansyen kòm jij, se osijè yo Granmèt la te
pale: «Peche a sòti nan Babilòn, nan ansyen yo ki jij yo, yo menm ki gen wòl
pou dirijé pèp la». Yo te konn frekante kay Joakim nan; tout moun ki te gen koz
pou regle, yo te konn vin kote yo. Lè pèp la te konn pati vè midi, Sizán te
konn antre, li te konn pwomennen nan jaden mari l’ la. Chak jou ansyen yo te
konn wè l’ ap antre, ap pwomennen, lanvi yo t’ap boule pou li, yo pèvèti sans yo,
yo bese je yo, pou yo pa wè syèl la, pou yo pa sonje jijman ki kòrèk yo.
Rive,
kòm yo te veye yon jou ki ranje yo, madanm nan antre jan l’ te konn abitye fè
ni yè ni avantyè avèk de jèn fi sèlman, li te vle benyen nan jaden an, paske l’
te fè cho. Pa t’ gen pèsòn la sof de
granmoun yo ki te kache, ki t’ap ekzamine l’. Li di jèn fi yo: «Pote savon ak
losyon pou mwen, epi fèmen pòt jaden an, pou m’ kapab benyen.
Kon
ti fi yo sòti, de granmoun yo leve, yo kouri kote l’, yo di: «Men pòt jaden an
fèmen, pèsòn pa wè nou, nou anvi ou; se pou ou konsanti ba nou, pou ou gen
relasyon avèk nou. Si ou pa vle, n’ap sèvi temwen kont ou, n’ap di te gen yon
jenòm avèk ou, epi se pousa ou te ranvwaye ti fi yo sot kote ou la».
Sizán
plenn, li di: «Tray ap sere m’ tout kote; sèke si m’ fè bagay sa a, se lanmò
pou mwen; men si m’ pa fè l’, mwen p’ap chape sot nan men nou; epoutan li pi
bon pou mwen pou m’ tonbe nan men nou san m’ pa fè sa, pase pou m’ fè peche
devan fas Granmèt la». Sizán pouse yon gran rèl, men granmoun yo pouse yon gran
rèl tou kont li, youn nan yo kouri nan pòt jaden an, li louvri l’.
Lò
sèvitè kay la tande rèl nan jaden an, yo kouri nan ti pòt dèyè a, pou yo wè sa
k’ genyen. Lò granmoun yo fin pale, sèvitè yo vin wont anpil, paske yo pa t’
janm tande kalite pawòl konsa sou do Sizán.
Landmen
rive. Lè pèp la vin kay Joakim, mari l’ la, de granmoun yo vini tou, yo te plen
move panse kont Sizán, pou yo touye l’. Yo te di devan pèp la: «Voye chèche
Sizán, pitit fi Elsyas la, madanm Joakim nan». Menm lè a, yo voye chèche l’. Li
rive avèk paran l’ yo avèk pitit li yo avèk tout fanmi l’ yo. Moun lakay li yo
t’ap kriye, ni tout moun ki te konnen l’.
De
prèt leve nan mitan pèp la, yo poze men yo sou tèt li. Li menm, li kriye, li
leve je l’ gade syèl la: sèke kè l’ te gen konfyans nan Granmèt la. Prèt yo di:
«Pandan nou t’ap pwonmnen nan jaden an pou kont nou, sila a antre avèk de jèn
fi, li fèmen pòt jaden an, li ranvwaye ti fi yo sot kote l’; gen yon jenòm ki
te kache, li rivé, li fè move aksyon avèk li. Sèlman nou menm, kòm nou te nan
kwen jaden an, nou wè peche a, nou kouri sou yo, nou wè yo toulède ap fè move
aksyon. Li menm menm nou pa resi kenbe l’, paske li gen plis fòs pase nou, li
louvri pòt yo, li sove. Fi sa a menm, nou kenbe l’, nou poze l’ kesyon, nou mande
l’ kilès jenòm sa a, li refize deklare nou. Se bagay sa a nou temwen».
Foul
la kwè yo, paske se ansyen ak jij pèp la yo te ye, yo kondane madanm nan pou l’
mouri.
Sizán
rele byen fò, li di: «Bondye ki ekziste tout tan, ou menm ki konnen sa k’
kache, ou menm ki konnen tout bagay anvan yo rive, ou konnen se temwayaj ki pa
vre yo depoze kont mwen. Men m’ap mouri, san m’ pa fè anyen nan bagay sa yo
mesye sa yo envante avèk mechanste kont mwen an».
Granmèt
la koute vwa l’. Pandan y’ap kondui l’ nan lanmò, Granmèt la drese lespri sen
yon jèn ti gason, yo te rele l’ Danyèl; li rele byen fò: «Mwen inosan nan san
madanm sa a». Tout pèp la vire kote l’, yo di l’: «Ki kalite pawòl sa a ou di
a?» Li menm menm, li kanpe nan mitan yo, li di:«Se konsa nou aji san refleehi,
pitit Izrayèl yo? nou pa menm jije, nou pa menm konnen sa k’ vre, nou kondane
yon pitit fi Izrayèl. Tounen nan jijman an, paske se temwayaj manti yo depoze
kont li».
Konsa
pèp la tounen byen vit, granmoun yo di l’: «Vini, chita nan mitan nou, montre
nou laverite, paske Bondye ba ou konsiderasyon vyeyès». Danyèl di yo: «Separe
yo lwen youn sot kot lòt, m’ap jije
Yo».
Lè yo fin separe yo youn sot kot lòt, li rele youn nan yo, li di l’:«Ou menm ki
vyeyi nan mal, koulye a peche ou yo fè mas, peche sa yo ou t’ap fè depi lontan
an, lè ou te konn ap jije jijman ki pa kòrèk yo, lè ou te konn ap kraze inosan
yo, ou te konn ap lage koupab yo, malgre Granmèt la di: «Pa touye inosan an ak
sila a ki kòrèk la». Ebyen koulye a, si ou te wè l’, di anba ki pye bwa ou te wè
yo ap pale ansanm». Li di: «Anba yon pye bwa-d-chèn». Danyèl di: «Se sou pwòp
tèt ou ou fè manti a tou dwat: sèke men Mesaje Bondye a, li resevwa rezilta
jijiman an nan men l’, l’ap koupe ou nan mitan». Li voye l’ ale, li pase lòd
pou lòt la vini, li di l’: «Ras Kanaan, ou pa ras Jida, bèlte a pran ou nan
pyèj, move lanvi a pèvèti kè ou. Se konsa nou aji avèk pitit fi Izrayèl yo, epi
yo te konn pè nou, yo te konn pale avèk nou; men yon pitit Jida pa sipòte peche
nou an. Koulye a, ebyen, di m’ anba ki pye bwa ou te pran yo ap pale ansanm».
Li di: «Anba yon pye kaliptis». Danyèl di l’: «Manti sa a ou fè a, se sou tèt
ou tou dwat l’ap tonbe: sèke Mesaje Granmèt la deja rèt la, li gen epe a nan
men l’, l’ap koupe ou nan mitan, l’ap touye nou». Konsa tout foul la rele byen
fò, yo fè konpliman pou Bondye, ki sove moun ki mete espwa sou li, yo fonse sou
de ansyen yo (sèke Danyèl te konvenk yo ak pwòp bouch yo sou temwayaj manti a
yo te fè a), yo fè yo sibi mal la yo te vle fè pwochen yo sibi a, konsa yo aji
daprè lalwa Moyiz la, yo touye yo, yo sove yon san inosan jou sa a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 22, l-3a. 3b-4. 5. 6 3,
1-11
R/ Si
m’ap mache nan bafon lonbraj lanmò, mwen p’ap pè malè, paske ou avèk mwen.
Granmèt
la ap kondui m’, anyen p’ap manke m’: nan zèb vèt li enstale m’, sou bò dlo
trankil li mennen m’, li refè nam mwen.R.
Li
kondui m’ nan santye jistis poutèt non l’. Sèke menm si m’ap mache nan bafon
lonbraj lanmò, mwen p’ap pè malè, paske ou avèk mwen. Baton ou ak bagèt ou se
yo k’ap konsole m’.R.
Ou
pare yon tab devan fas mwen kont sila yo k’ap fè m’ pase tray; ou swen tèt mwen
ak losyon, kalis mwen ap debòde.R.
Reyèlman
vre se bon kè ak kè sansib k’ap rapousuiv mwen tout tan lavi m’, m’ap abite nan
lakay Granmèt la pou tout longè tan yo.R.
LEVANJIL
"Moun
ki san peche nan pami nou an, se li menm an premye ki pou voye wòch la sou
li".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 8, 1-11
Lè sa a:
Jezi rive sou mòn Olivye yo. Granmaten,
li tounen nan kay sakre a, tout pèp la vin kote l’, li chita, l’ap bay lansèyman.
Pwofesè yo ak farizyen yo mennen yon
madanm yo te jwenn ki t’ap fè adiltè, yo mete l’ kanpe nan mitan, yo di l’:
"Mèt, madanm sa a yo jwenn li ap fè adiltè. Nan lalwa a, Moyiz pase nou
lòd pou nou touye kalite moun sa yo avèk kout wòch; ou menm menm sa ou
di"? Yo te di sa pou yo eseye l’, pou yo te kapab akize l’.
Jezi menm panche atè a, li kòmanse ekri
ak dwèt li atè a. Kòm yo te kontinye ap poze l’ kesyon, li drese, li di yo:
"Moun ki san peche nan pami nou, se li menm ki pou voye wòch sou li an premye".
Li panche ankò, li t’ap ekri atè a. Lè yo tande sa, youn pati aprè lòt, kòmanse
sou sa k’ pi granmoun yo, Jezi ret pou kont li ak madanm nan ki kanpe nan
mitan.
Jezi drese kò l’, li di l’:
"Madanm, kote moun yo ki t’ap akize ou yo? Pèsòn pa kondane ou"?
Li di: "Pèsòn, Granmèt".
Jezi di: "Mwen menm tou mwen pa
kondane ou: ale, pa fè peche ankò".
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a,
nan Levanjil la, n’ap kontanple vizaj mizerikòd Jezi. Bondye se Lanmou, Lanmou
ki padone, Lanmou ki soufri pou feblès nou yo, Lanmou ki sove nou. Pwofesè yo
ak farizyen yo «mennen yon madanm yo te jwenn ki t’ap fè adiltè» (Jan 8,4) e yo
mande Granmèt la: «Ou menm menm sa ou di?» (Jan 8,5). Sa yo vle, se pa suiv
lansèyman Jezi, men yo vle jwenn rezon pou yo akize li kòm moun ki pa respekte
Lalwa Moyiz la.
Men Mèt la pwofite pou li di yo, li vini
pou sove pechè yo, moun ki tonbe yo li vini pou l’ ede yo leve, li vini
ankouraje yo konvèti, fè penitans. Se la nou menm nou dekouvri mesaj Karèm nan,
puiske nou tout nou se pechè, e nou bezwen Bondye delivre nou.
Nan tan n’ap viv la, se kòm si moun yo pèdi
sans peche a. Anpil moun pa konnen ankò sa ki byen oubyen sa ki mal, ni yo pa
konnen pou ki rezon li byen oubyen li mal. Nan sans sa se kòmsi nou ta ka di,
moun yo pèdi sans Lanmou Bondye: Lanmou Bondye gen pou nou, ak repons nou dwe
bay Lanmou sa a. Moun ki renmen, li pa ofanse pwochen li. Moun ki renmen tout bon an, li pa mezire lanmou.
Se
poutèt sa, sans konvèsyon ak penitans ki karakterize Karèm nan, envite nou
kanpe devan Granmèt la, gade li nan je antan li sou kwa a, kouri al akize tèt
nou devan li nan sakreman Penitans la. E Jezi ap di nou, menm jan li te di
madanm nan: «Mwen menm tou mwen pa kondane ou: ale, pa fè peche ankò».
LAPRIYÈ: Granmèt, aprann mwen gen zantray mizerikòd
ak sila yo ki fèb, menm jan avèk ou.
PWOPOZISYON:
Kòm mwen se pechè, m’ap aprann padone pou m’ ka resevwa padon. Jodi a Bondye
envite m’ tounen temwen Mizerikòd li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario