Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Moun ki te
pike, kon l’ gade sèpan an kuiv la, li viv».
LEKTI LIV NONB 21, 4-9
Jou sa yo:
Ebre yo pati sot sou mòn «Or» la, nan chemen ki kondui
nan lanmè wouj la, pou yo fè tout tou peyi Edòm nan. Pèp la kòmanse fatige ak vwayaj
li ak tray. Li pale kont Bondye Moyiz, li di: «Pouki nou te fè nou sòti Lejip,
pou nou mouri nan savann nan? Pa gen pen, pa gen dlo, nam nou kòmanse degoute
avèk manje fad sa a».
Se pousa Granmèt la voye koulèv mechan k’ap flanbe nan
pèp la; lè yo kòmanse fè moun yo malad, fè moun yo mouri, anpil moun vin kot
Moyiz, yo di: «Nou fè peche, paske nou pale kont Granmèt la ak kont ou menm:
lapriyè pou l’ wete koulèv mechan sa yo sot kote nou». Moyiz lapriyè pou pèp
la.
Granmèt la pale ak li: «Fè yon koulèv mechan ak kuiv,
mete l’ kòm yon siy: moun koulèv mechan yo mòde, lè l’ gade l’, l’ap viv».
Moyiz fè yon koulèv avèk kuiv, li mete l’ kòm siy, kon moun koulèv te mòde yo
gade l’, yo vin geri.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
101, 2-3. 16-18. 19-21
R/Granmèt, koute priyè m’, fè rèl mwen
an rive kote ou.
Granmèt, koute priyè m’, fè rèl mwen
an rive kote ou. Pa kache fas ou lwen m’; nan nenpòt jou m’ap pase tray la,
panche zòrèy ou kote m’.Nan nenpòt jou mwen rele ou, fè vit reponn mwen. R.
Nasyon yo ap respekte non ou,
Granmèt, tout wa yo sou tè a ap respekte bèlte w’ la; paske Granmèt la ap bati
Siyon, l’ap parèt nan bèlte l’. L’ap voye je sou lapriyè pòv la, li p’ap
meprize lapriyè yo a. R.
Se pou yo ekri bagay sa yo pou lòt
jenerasyon an, pèp k’ap kreye a, l’ap fè lwanj Granmèt la. Sèke li panche sot
nan kay sakre l’ la anwo a, Granmèt la gade sou tè a antan l’ nan syèl la; pou
l’ koute rèl prizonye yo, pou l’ delivre pitit lanmò yo.R.
LEVANJIL
«Lè n’a leve
Pitit moun nan anlè, lè sa a n’a rekonèt se mwen menm»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN
8, 21-30
Lè
sa a Jezi di farizyen yo:
«M’a
prale, epi n’ap chèche m’, men n’ap mouri nan peche nou. Kote m’a prale a, nou
menm nou pa kapab vini».
Juif
yo t’ap di: «Èske l’a pral touye tèt li, ki fè l’ap di: «Kote m’a prale a, nou
menm nou pa kapab vini an»?
Li
t’ap di yo: «Nou menm se anba nou sòti, mwen menm se anwo mwen sòti; nou menm
se sou tè sa a nou sòti, mwen menm mwen pa sòti sou tè sa a. Mwen di nou n’ap
mouri nan peche nou yo; si nou pa kwè se mwen menm, n’ap mouri nan peche nou».
Yo
t’ap di l’: «Ou menm ki sa ou ye»? Jezi di yo:
«Kòmansman an, k’ap pale avèk nou an. Mwen gen anpil bagay pou m’ di sou nou, pou m’ jije. Men
sila a ki voye m’ nan, li vre; mwen menm se sa m’ tande nan men l’, se sa mwen
di sou tè a». Yo pa t’ konprann li t’ap di Bondye se Papa l’».
Jezi
di yo: «Lè n’a leve Pitit moun nan anlè, lè sa a n’a rekonèt se mwen menm, mwen
pa fè anyen ak pwòp fòs mwen; men se jan Papa m’ aprann mwen an, se konsa mwen
pale. Sila a ki voye m’ nan, li avèk mwen, li pa kite m’ sèl, paske mwen menm
se sa k’ fè l’ plezi se sa mwen fè tout tan». Lè l’ di sa, anpil moun vin kwè
nan li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Mesaj
jodi a, se konvèsyon: Tou lè de tèks sa yo envite nou konvèti. Premye tèks la
raple nou istwa enfidelite pèp Izrayèl la nan dezè e kijan Bondye te delivre yo
a la fen, e nan Levanjil la, nou wè kote Jezi ap anseye moun yo chemen ki bay
lavi a, e vrè sans konvèsyon an.
De tèks, de kontèks
diferan men ki raple nou ke nou genyen yon sèl Sovè ki se Granmèt la.
Premye lekti a, montre
ke pèp Izrayèl la t’ap viv anba pwoteksyon Granmèt la e li t’ap viv san pwoblèm
jiskaske li te pran desizyon pou li chwazi mennen lòt vi, sa vle di,
adore lòt dye pandan ke li bliye kijan Bondye lavi a te delivre li. Men
izrayelit yo te kòmanse malad yo dekouvri ke sèl chemen gerizon an, se tounen
vin jwenn Bondye. E Bondye kòm Papa ki renmen tout pitit li yo san kondisyon te
tande priyè yo e li te fè Moyiz plante sèpan nan dezè a kòm siy gerizon, chak
fwa ke yo te leve tèt yo gade l’ yo te gèri.
Imaj sa a montre n’ ke
vrè solisyon an toujou sòti anwo, nou te ka menm di, se sèl lè w’ leve tèt ou
pou gade nan direksyon kay Papa a, ou jwenn lavi.
Se menm eksperyans sa
a ke Jezi envite moun ki t’ap tande l’ yo fè. Yon foul moun, ki tande tout sa
Jezi t’ap di men ki pa konprann anyen, se yon mistè. Yo t’ap mande ki sa pawòl
sa a vle di. Men Jezi raple yo : «Lè n’a leve Pitit moun nan anlè, lè sa a
n’a rekonèt se mwen menm, mwen pa fè anyen ak pwòp fòs mwen; men se jan Papa
m’aprann mwen an, se konsa mwen pale. Sila a ki voye m’ nan, li avèk mwen, li
pa kite m’ sèl, paske mwen menm se sa k’ fè l’ plezi se sa mwen fè tout tan».
Tou de tèks
yo fè nou konprann chemen lavi a se chemen respè ak lanmou pou travay Gramèt
la, se fidelite. E se sa tan Karèm nan envite nou viv. Viv nan renmen ak lanmou
pou Granmèt la pandan ke n’ap bay pawòl li a premye plas nan lavi nou.
LAPRIYÈ:Granmèt, tanpri, nan tan Karèm sa a,
fè nou ret fidèl ap suiv volonte ou ; konsa, pandan n’ap viv la, pèp la
k’ap sèvi ou la ap vin pi plis, l’ap vin pi bon. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON:M’ap louvri kè mwen ak lespri mwen pou mwen
akeyi pawòl Bondye a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario