Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Li voye Mesaje l’ la, li delivre
sèvitè l’ yo».
LEKTI
LIV PWOFÈT DANYÈL
3,14-20. 91.92.95
Jou
sa yo:
Wa
Nabikodonozò di: «Èske se vre, Sidrak, Mizak avèk Abdenago, nou pa sèvi dye m’
yo, nou pa adore pòtre mwen fè avèk lò a? Koulye a, si nou pare, nenpòt kilè
n’ap tande sonnen twonpèt, flit, gita, mandolin, bandjo, akòdeyon avèk tout
kalite mizik, se pou nou ajenou, pou nou adore pòtre a mwen te fè a. Si nou pa
adore l’, menm lè a m’ap lage nou nan boukan dife a k’ap chofe byen fò a, epi
kilès Bondye k’ap delivre nou sot nan men m’»?
Sidrak,
Mizak avèk Abdenago reponn, yo di wa Nabikodonozò: «nou pa bezwen reponn ou sou
kesyon sa a; men Bondye nou an, li menm n’ap sèvi a, li kapab delivre nou sot
nan boukan dife cho a ak nan men ou, mon wa, l’ap delivre nou. Si l’ pa vle, ou
mèt konn sa, mon wa, nou p’ap sèvi dye ou yo, epi pòtre ou fè ak lò a, nou p’ap
adore l’.
Lè
sa a, Nabikodonozò vin plen ak raj, aparans figi l’ vin chanje alega Sidrak,
Mizak avèk Abdenago; li pase lòd pou yo chofe boukan an sèt fwa plis pase jan
yo konn abitye chofe l’; li pase lòd pou mesye ki gen fòs nan lame l’ la, yo
mare pye Sidrak, mizak avèk Abdenago, pou yo jete yo nan boukan dife k’ap boule
a.
Aprè
sa, wa Nabikodonozò vin sezi, li leve byen vit, li di minis li yo: «Èske nou pa
t’ lage twa mesye yo nan mitan dife a avèk pye yo mare»? Yo reponn wa a, yo di:
«Se vre, mon wa». Li pran lapawòl, li di: «men mwen wè kat misye ki lib, k’ap
pwonmnen nan mitan dife a, yo pa gen okenn dega nan yo, aparans katriyèm nan
sanble ak yon pitit Bondye».
Nabikodonozò
leve li di: «Konpliman pou Bondye yo a, Bondye Sidrak, Mizak avèk Abdenago, li
menm ki voye Mesaje l’ la, li delivre sèvitè l’ yo, ki te kwè nan li, yo
dezobeyi pawòl wa a, yo renmèt kò yo, pou yo pa sèvi, pou yo pa adore dòt dye,
sof Bondye yo a».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS Dan 3, 52. 53. 54. 55. 56
Konpliman
pou ou, Granmèt, Bondye zansèt nou yo, konpliman pou non bèlte ou la ki sen an.
R/ Li merite
lwanj, li anlè nèt pou tout tan.
Konpliman pou ou nan kay sakre bèlte
ou la ki sen an.
R/ Ou merite
lwanj anlè nèt ak bèlte anlè nèt pou tout tan.
Konpliman pou ou sou fotèy rèy ou a.
R/ Ou merite
lwanj, anlè nèt, ou anlè nèt pou tout tan.
Konpliman
pou ou, ou menm ki sonde bafon yo, ou menm ki chita anlè cheriben yo.
R/Ou merite
lwanj, sou anlè nèt pou tout tan.
Konpliman
pou ou nan platfòm syèl la,
R/ Ou merite
lwanj, ak bèlte pou tout tan.
LEVANJIL
«Si Pitit la delivre nou, n’ap lib
tout bon vre».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 8, 31-42
Lè sa a:
Jezi t’ap di Juif yo ki te kwè nan
li yo: «Si nou rete nan pawòl mwen an, n’ap disip mwen tout bon vre, n’ap
konnen verite a, verite a ap delivre nou».
Yo reponn li: «Se ras Abraam nou ye,
nou pa janm esklav pèsòn; kòman ou fè di: «N’a vin lib»?
Jezi reponn yo: «An verite, an
verite mwen di nou, tout moun ki fè peche, li esklav peche a. Men, esklav la pa
ret nan kay la tout tan; se pitit la ki rete tout tan. Konsa si nou menm, Pitit la delivre
nou, n’ap lib tout bon vre. Mwen konnen se pitit Abraam nou ye; men n’ap chèche
touye m’, paske pawòl mwen pa pran nan nou. Mwen menm se sa m’ wè kay Papa m’,
se sa mwen pale, men nou menm se sa nou wè kay papa nou, se li menm n’ap fè».
Yo
pran lapawòl: yo di l’: «papa nou se Abraam». Jezi di yo: «Si nou te pitit
Abraam, nou ta fè travay Abraam. Koulye a menm, n’ap chèche touye m’, mwen menm
yon moun k’ap pale nou laverite mwen fin tande kot Bondye a; bagay sa a, Abraam
pa t’ fè l’. Nou menm n’ap fè travay papa nou».
Yo
di l’: «nou menm se pa nan move relasyon nou fèt: se yon sèl papa nou genyen,
se Bondye». Jezi di yo:«Si Bondye te papa nou, nou ta renmen m’ sètènman; mwen
menm se nan Bondye mwen sòti pou m’ vini. Mwen pa vini ak pwòp fòs mwen, men se
li menm, ki voye m’».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jezi envite
juif yo gen lafwa: «Si nou kwè nan
pawòl mwen an, n’ap disip mwen tout bon vre, n’ap konnen verite a, verite a ap
delivre nou».
Men Juif yo ki pa t’ konprann vrè
sans pawòl Jezi a, yo reponn Li : «Se
ras Abraam nou ye, nou pa janm esklav pèsòn ; kòman ou fè di : «N’ap
vin lib?» Se lè sa Jezi devwale yo sans esklavaj ke li t’ap pale yo a. Li
di yo : «An verite, an verite mwen
di nou, tout moun ki fè peche, li esklav peche a». E nou menm nou te ka
ajoute, tout moun ki viv selon pawòl Granmèt la viv nan libète. Ekzanp sa a klè
nan premye lekti a : Sidrak, Mizak avèk Abdenago, pa t’ doute ke Bondye
lavi a te kapab delivre yo nan flanm dife a. Lafwa yo te pèmèt yo kwè ke Bondye
te kapab retire yo nan tout tribilasyon. Pou yo menm, viv korèk selon pawòl
Bondye se chemen ki bay lavi pou toutan an, se viv lib. Se rekonèt ke Bondye se Papa yo. Yon
rekonesans ki pa t’ envite yo fèmen sou pwòp tèt yo, men ki te ede yo rekonèt
ke se sèl Bondye Papa a pou yo te adore. Yon rekonesans ki te ede wa a konprann
vrè sans renmen Granmèt la nan fidelite ak sila yo ki kwè nan Li a. Se menm
mesaj sa ke Jezi t’ap anonse Jwif yo. Pou Jezi, rekonèt nou se pitit
Bondye, se aksepte viv nan renmen epi aksepte «fè travay li a».
Men, an menm tan, Jezi t’ap repwoche
Jwif yo tou, pou jan li te wè yo avèg, yo mal pou konprann. Aksyon jwif yo ak sa yo t’ap di, pa
t’ montre nan yo vrèman moun ki rekonèt ke Bondye Abraam nan se Papa yo.
Ann gade nou menm tou pwòp lavi nou.
Ann poze tèt nou kesyon sa a : Èske jan m’ap viv la mwen montre lòt yo ke
mwen rekonèt tout bon vre ke Bondye Abraam nan se Papa mwen ?
LAPRIYÈ:Bondye Papa,
ouvri je m’ pou mwen kapab toujou wè bèlte w’ ni lè m’ap soufri ni lè kè m’
kontan. Tanpri, fè m’ gen sajès pou nou kapab viv reyèlman vre tankou pitit ou.
Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON:Pou mwen kwè nan Jezi, anpil fwa sa mande m’ divòse ak anpil bagay mwen
atache.
No hay comentarios:
Publicar un comentario