Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«W’ap papa
anpil nasyon».
LEKTI
LIV LAJENÈZ 17, 3-9
Jou
sa yo: Abram tonbe fas atè.
Bondye
di l’: «Se mwen menm, men contra m’ avèk ou, w’ap papa anpil nasyon. Yo p’ap
rele non ou Abram ankò, men y’ap rele ou «Abraam», paske m’ap fè ou vin tounen
papa anpil nasyon. M’ap fè ou vin anpil anpil, m’ap fè ou vin tounen nasyon,
gen wa k’ap sòti nan ou.
M’ap
pase kontra m’ ant mwen menm ak ou menm, avèk ras ou apre ou, pou jenerasyon
yo, kontra pou tout tan, pou m’ Bondye ou ak Bondye ras ou apre ou. M’ap ba ou
ni ou menm ni ras ou a peyi kote ou ye kòm etranje a, tout peyi Kanaan an, kòm
posesyon pou tout tan, m’ap Bondye yo».
Bondye
di Abraam ankò: «Ou menm se pou ou kenbe kontra m’ nan, epi ras ou apre ou, pou
jenerasyon l’ yo».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 104, 4-5, 6-7. 8-9
R/ Granmèt
la sonje kontra l’ tout tan.
Chèche
Granmèt la ak pouvwa l’, chèche fas li tout tan.
Sonje
mèvèy li fè yo, pwodij li ak jijman bouch li.R.
Ras
Abraam, sèvitè l’, pitit Jakòb, sila a li chwazi a.
Se
li menm Granmèt Bondye nou; sou tout tè a jijman l’ yo.R.
Li
sonje kontra l’ la tout tan, pawòl li te kòmande bay mil jenerasyon yo, sa l’
te pase avèk Abraam nan, sèman li te fè bay Izaak la.R.
LEVANJIL
«Abraam papa nou te danse, pou l’ te
wè jou m’ nan».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN 8, 51-59
Lè sa a:
Jezi di Juif yo: «An verite, an
verite mwen di nou, si yon moun kenbe pawòl mwen an, li p’ap janm wè lanmò».
Juif yo di: «Koulye a nou konnen ou
gen yon demon. Abraam mouri, ni pwofèt yo; epi ou di: «Si yon moun kenbe pawòl
mwen an, li p’ap goute lanmò menm». Èske ou pi gran pase papa nou Abraam, ki
mouri a? E pwofèt yo mouri tou. Ki sa ou konprann ou ye»?
Jezi reponn: «Si mwen fè lwanj pou
pwòp tèt mwen, lwanj mwen an pa anyen; se Papa m’ k’ap fè lwanj mwen, li menm
nou di se Bondye nou an, nou pa konnen l’. Mwen menm mwen konnen l’; e si m’ di
mwen pa konnen l’, m’ap tankou nou, m’ap bay manti. Men mwen konnen l’, mwen
kenbe pawòl li. Abraam papa nou te danse pou l’ te wè jou m’: li wè l’, li
kontan».
Juif yo di l’: «Ou pa ko gen senkant
an, epi ou wè Abraam»?
Jezi di yo: «An verite, an verite
mwen di nou: anvan Abraam te kòmanse ekziste, mwen la».
Yo ranmase wòch, pou yo voye sou li;
Jezi menm kache kò l’, li sòti nan kay sakre a.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jezi nan tanp la. Juif yo akize li kòmkwa li
se yon Samariten oubyen li gen yon demon sou li. Jezi fè yon pa an plis: Moun
ki kwè nan li p’ap janm mouri. Jezi reponn yo antan li site papa li Abraam, ki
te mouri lè l’ te fin avan nan laj. Jezi, li menm Papa voye a, li fè konnen li
te la avan Abraam. Juif yo vle kalonnen li ak kout wòch.
La gen yon jwèt pawòl: Abraam se papa juif yo, e Bondye se Papa
Jezi. Juif yo konfòme yo pou yo venere
papa kwayan yo; Jezi envite nou kwè nan Papa l’ ki nan syèl la. Lafwa nou kòm
patizan Kris la envite nou ale pi lwen, pou nou fè yon pa an plis, yon pa kòm
moun ki vanyan.
Jezi envite nou pou kenbe pawòl li a, pou nou fidèl ak kontra Bondye
pase ak nou yo. Depi jou batèm nou li pase kontra sa ak nou : li
se Bondye nou epi nou se pèp li. Se kontra sa li te pase ak Abraam papa nou nan lafwa. Li te pwomèt Abraam
tout sa l’ te bezwen pou li nan tan li t’ap viv la: tè ak desandans, byen ak
pitit.
Abraam te kwè nan
pawòl Bondye a, li te kite tout sa l’ te genyen : kay, jaden, zannimo,
zidòl,… pou li te reponn apèl Bondye a, li te rete fidèl ak Bondye, li te viv
pawòl li a.
Jounen jodi a, Bondye
mande nou yon lafwa tankou lafwa Abraam, sa vle di yon lafwa ki kapab fè nou
divòse ak zidòl nou yo, pou nou viv daprè pawòl Bondye.
Jezi vle nou gen
konfyans nan li. Li menm ki ekziste depi anvan Abraam te fèt. Li la depi nan kòmansman: depi nan kòmansman
pawòl la te la, pawòl la te avèk Bondye, pawòl la se te Bondye. Li tounen moun pou li
sove nou, li se limyè. Se li pou nou swiv, nou pa dwe fè menm jan ak Farizyen
yo.
LAPRIYÈ: Bondye Papa
nou, ki toujou kanpe ak nou, ki pa janm lage nou, menm jan ou rele Abraam pou
ba li lavi, kè kontan nan bèl pwomès sa yo ou te fè l’ la; tanpri gade
pitit ou yo ki gaye tout kote sou fas tè a tankou peleren ki kite peyi yo k’ap
chèche yon lavi miyò, kouvri yo ak lagras ou epi ba yo sa y’ap plede mande w’
la. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON:Jezi gen repons pou tout kesyon, li gen
solisyon pou tout pwoblèm. Mwen p’ap kite pwoblèm lavi a fè m’ vire do ba li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario