Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Granmèt la
avèk mwen, tankou yon sòlda ki gen fòs».
LEKTI LIV PWOFÈT JEREMI 20, 10-l3
Mwen tande afwon anpil moun ap fè
m’, ak bwi toutalantou: «An nou pèsekite l’, an nou pèsekite l’; tout moun ki
t’ap viv lapè avèk mwen, ki te konn ret tou kole m’: «Si l’ te kapab pran nan
pyèj, pou nou ranpòte laviktwa kont li, pou nou tire vanjans sou li».
Men Granmèt la avèk mwen, tankou yon
sòlda ki gen fòs; se pousa moun k’ap pèsekite m’ yo se yo menm k’ap tonbe, se
yo menm k’ap febli, y’ap wont anpil, paske yo pa t’ konprann lawont tout tan
an, ki p’ap janm efase a. Kanta ou menm, Granmèt lame yo, ou menm ki eseye sila
a ki kòrèk la, ki wè ren ak kè, se pou m’ wè vanjans w’ap tire sou yo, tanpri;
paske se ou menm mwen devwale koz mwen.
Chante
pou Granmèt la, fè lwanj Granmèt la, paske li delivre nam pòv la sot nan men
mechan.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
17, 2-3a. 3be-4. 5-6. 7
R/
Nan tray
mwen an, mwen rele Granmèt la, li koute m’.
Mwen renmen ou, Granmèt, fòs
mwen.Granmèt, kay defans mwen kachèt mwen, ak sila a k’ap delivre m’ nan.R.
Bondye mwen, sekou m’ mwen espere
nan li. Sila a k’ap pwoteje m’, kòn delivrans mwen, li menm k’ap soutni m’. M’ap
rele Granmèt la ki merite lwanj la, l’ap sove m’ sot nan men lènmi m’ yo.R.
Lanm dlo lanmò yo vlope m’, ravin Belyal
yo twouble m’; kòd lanfè yo antoure m’, filè lanmò yo sènen m’.R.
Nan tray mwen an, mwen rele Granmèt
la, mwen rele kot Bondye m’ nan; li koute vwa m’, antan l’ nan kay sakre l’ la,
rèl mwen rive devan fas li, nan zòrèy li.R.
LEVANJIL
«Yo t’ap chèche sezi l’, li chape
sot nan men yo».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 10, 31-42
Lè
sa a:
Juif
yo pran wòch, pou yo kalonnen Jezi. Jezi pran lapawòl, li di yo: «Mwen montre
nou anpil bon aksyon ki sot nan Papa m’; pou kilès nan aksyon sa yo n’ap
kalonnen m’ nan»?
Juif
yo reponn li: «Se pa pou yon bon aksyon n’ap kalonnen ou, men se poutèt ou
blasfème, se moun ou ye, epi ou pran pòz Bondye ou».
Jezi
reponn yo: «Èske nan lalwa nou an yo pa ekri: «Mwen di: Se Dye nou ye»? Si yo
di yo se dye, yo menm pawòl Bondye a fèt pou yo a (epi yo pa kapab defèt sa k’
ekri a), sila a menm Papa a fè sen an, li voye sou tè a, nou di: «Ou blasfeme,
paske ou di: mwen se Pitit Bondye». Si m’ pa fè aksyon Papa m’ yo, nou pa
bezwen kwè m’. Men si m’ fè yo, menm si nou pa vle kwè m’, se pou nou kwè
aksyon yo, pou nou konnen, pou nou kwè Papa a nan mwen, mwen nan Papa a». Konsa yo
t’ap ehèche sezi l’, men li chape sot nan men yo. Li pati lòt bò Jouden an
ankò, kote Jan te konn batize anvan an, li ret la. Anpil moun vin kote l’, yo t’ap di:
«Jan pa t’ fè okenn siy; men tout sa Jan te di sou li yo se te vre». Anpil moun
kwè nan li.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Bondye Granmèt la avèk mwen, menm jan ak yon sòlda ki
gen fòs. Gen yon pwovèb kreyòl ki di: «satan fouye twou, se li
menm ki tonbe ladan l’».
Jwif yo pa dakò ak Jezi paske yo pretann li
pa aji daprè volonte Bondye, poutèt sa y’ap chèche kalonnen l’avèk kout wòch. Yo
konsidere Jezi tankou yon blasfemè, yon nèg ki vle fè tèt li pase pou Pitit
Bondye.
Diskou Jezi a, se yon diskou yo pa t’ kapab
konprann, yo pa t’ konprann kòman yon ti senp peyizan te kapab pale avèk
otorite konsa nan non Bondye, epi pou li reprezante Bondye nan mitan yo: sa te
parèt yon gwo eskandanl pou yo.
Jezi te mande yo pou kilès nan aksyon li te
poze yo yo t’ap kalonnen li ak wòch. Yo menm yo te reponn se pa pou tèt bon
aksyon ki fè yo t’ap kalonnen l’, men se poutèt li manke Bondye respè, se moun
li ye epi l’ap pran pòz Bondye l’: nou menm tou ki se kretyen, sa konn pase nou
nan lavi a, lè nou resevwa pawòl Bondye a epi nou vle pataje l’ ak lòt yo, nou
souvan jwenn moun ki kont nou; piga nou dekouraje, se pou nou kontinye fè byen
tout kote nou pase, tout jan nou kapab, pou tout moun nou kapab, jiskaske nou
pa kapab ankò.
Nou wè Jezi ba nou ekzanp lan, kòm pitit
Bondye, li fè travay Papa l’ jis nan bout, li toujou fè zèv li yo ak bon kè, li
renmen tout moun. Prewokipasyon Jezi, se renmen, li vle pou nou tout fè youn
nan respè youn pou lòt, pou nou kab viv ak kè poze. Kit jwif yo kwè, kit yo pa
kwè, Papa a ak Pitit la, yo fè yon sèl, se pou sa li te reziste ak tout menas:
pandan yo t’ap diskite antre yo li retire kò l’ epi li chape pou l’ li pou lòt
bò Jouden an, yon kote ki trankil pou l’ te kapab tann moman pa l’a rive.
LAPRIYÈ:
Bondye Granmèt, tanpri, fè m’ gen plis sans solidarite ak moun ki vrèman
nesesite sa.
PWOPOZISYON: Pandan
tan fò sa a, m’ap fè jefò pou m’ pa kite tantasyon fè m’ fè sa m’ pa dwe fè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario