Páginas

SAMDI 8

Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«M’ap fè yo vin tounen yon sèl nasyon».
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 37, 21-28
Men pawòl Granmèt Bondye:
«Men m’ap pran pitit Izrayèl yo sot nan mitan nasyon yo, kote yo te pati a, m’ap rasanble yo sot tout kote, m’ap mennen yo nan tè yo a, m’ap fè yo vin tounen yon sèl nasyon nan peyi a, sou mòn Izrayèl yo; se yon sèl wa k’ap kòmande yo tout, yo p’ap de nasyon ankò, yo p’ap separe nan de peyi-wa ankò.
Yo p’ap sal ankò nan zidòl yo, nan bagay lèd yo, ak nan tout peche yo; m’ap sove yo sot nan tout kote yo te konn fè peche, m’ap pwòpte yo, y’ap pèp mwen, m’ap Bondye yo.
Sèvitè m’ David ap wa sou yo, se yon sèl gadyen yo tout ap genyen. Y’ap mache nan jijman m’ yo, y’ap kenbe kòmandman m’ yo, y’ap obsève yo. Y’ap abite sou tè a mwen te bay sèvitè m’ Jakòb la, kote zansèt nou yo te abite yo; y’ap abite ladan l’, ni yo menm, ni pitit yo, ni pitit pitit yo pou tout tan, epi David sèvitè m’ nan ap wa yo pou tout tan. M’ap pase kontra lapè avèk yo, se yon kontra tout tan l’ap ye pou yo, m’ap asire yo, m’ap fè yo vin anpil; m’ap mete Tanp mwen an nan mitan yo pou tout tan, tant mwen an ap nan mitan yo, m’ap Bondye yo, yo menm y’ap pèp mwen; nasyon yo ap konnen mwen se Granmèt la k’ap fè Izrayèl vin sen, paske Tanp mwen an ap nan mitan yo pou tout tan».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS Jer 31, 10. 11-12ab. 13
R/Granmèt la ap veye nou tankou yon gadyen fè pou bann mouton l’.
Koute pawòl Granmèt la, nasyon yo, anonse sa nan zile yo ki lwen yo, di: «Sa a ki te gaye Izrayèl la, l’ap rasanble l’, l’ap veye sou li tankou yon gadyen fè pou bann mouton l’.R.
Granmèt la delivre Jakòb, li delivre l’ sot nan men sa k’ pi fò.
Y’ap rive y’ap fè lwanj sou mòn Siyon, y’ap vin ansanm nan byen Granmèt yo.R.
Lè sa a vyèj la ap kontan nan dans la, ni jèn jan ni granmoun ansanm; m’ap fè dèy yo a vin tounen kè kontan, m’ap konsole yo, m’ap fè kè yo kontan nan plas soufrans yo a.R.
LEVANJIL
«Se pou pitit Bondye yo, ki te gaye yo, te kapab rasanble vin tounen yon sèl».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 11, 45-56
Lè sa a:
Anpil nan Juif yo, ki te vin kot Mari ak Mat, ki te wè sa Jezi te fè, yo te vin kwè nan li. Men kèk nan yo al jwenn farizyen yo, yo di yo sa Jezi te fè.
Konsa, chèf prèt yo ak farizyen yo rasanble yon reyinyon, yo di: «Ki sa n’ap fè, paske mesye sa a ap fè anpil siy? Si nou kite l’ konsa, tout moun ap kwè nan li, Women yo ap rive, y’ap pran plas nou an ak nasyon nou an». Youn nan yo yo te rele Kayif, ki te chèf prèt ane sa a, li di yo: «Nou menm menm nou pa konprann anyen; nou pa reflechi li pi bon pou nou, si yon sèl moun nan mouri pou pèp la, pou tout nasyon an pa peri».
Bagay sa a, se pa nan li menm sa sòti ki fè l’ di l’; men kòm li te chèf prèt ane sa a, li te anonse davans tankou pwofèt, Jezi te gen pou l’ te mouri pou nasyon an, epi se pa pou nasyon an sèlman men pou pitit Bondye yo, ki te gaye yo, pou yo te kapab rasanble fè yon sèl. Konsa depi jou sa a, yo t’ap reflechi pou yo touye l’.
Jezi menm pa t’ mache an piblik lakay Juif yo ankò, men l’al nan rejyon bò dezè a, nan yon vil yo rele Efrèm, li te rete la ansanm avèk disip li yo. Pak Juif yo te tou pre, anpil moun te monte Jerizalèm sot nan rejyon yo, pou Pak la, pou yo te kapab sanktifye. Yo t’ap chèche Jezi, youn t’ap pale ak lòt, pandan yo te kanpe nan Tanp la: «Sa ou panse, èske li pa vini nan fèt la»? Chèf prèt yo ak farizyen yo te pase lòd pou si yon moun te konnen kote l’ ye, pou l’ te deklare sa, pou yo te kapab arete l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Jezi t’a pral mouri pou pèp la. Poutan, se pa pou pèp la sèlman, se pou li te rive rasanble tout pitit Bondye yo ki te gaye».
Jodi a, pandan Jezi sou wout la ap monte Jerizalèm, li konnen mechan yo ap suiv li, y’ap fè konplo sou do li pou yo ka kondane li san rezon. Plis Jezi ap anonse Wayòm Bondye a, se plis moun ki t’ap koute li yo t’ap divize (Jan 11, 45-46).
Pawòl negatif Kayif yo «li pi bon pou nou, si yon sèl moun nan mouri pou pèp la, pou tout nasyon an pa peri»( Jan 11,50), Jezi pral asime pawòl sa yo pozitivman nan fason li mouri sou kwa a pou li te kapab sove nou. Jezi, sèl vrè Pitit ki sòti nan Bondye a, li mouri sou kwa a akoz lanmou li pou nou chak. Li mouri pou plan Papa a te ka reyalize, sa vle di «pou pitit Bondye yo, ki te gaye yo, pou yo te kapab rasanble fè yon sèl» (Jan 11,52).
Bondye elimine santans Kayif la, ki te plen rayisans; li fè li tounen yon zèv lanmou lè li voye Pitit li a granmesi lanmou li gen pou nou, li fè yon gwo mèvèy, paske pou Bondye Papa a, chak moun gen menm pri ak san Jezi ki koule a!
Nan yon semèn, nou pral chante anons Pak la nan gwo fèt Veye Paskal la. Atravè gwo mèvèy lapriyè sa a, Legliz la chante lwanj peche orijinèl la. Li pa fè sa paske li derekonèt li grav, men se paske Bondye nan bonte li ki san limit, li fè gwo mèvèy antan li bay peche lòm nan yon repons. Bondye vin sove lòm nan anba chagren peche orijinèl la, atravè Pitit li a ki tounen Moun, ki sakrifye tèt li e ki mete Lekaristi a nan Legliz la. Ala yon peche ki pote chans avèk li, ki fè nou jwenn kalite delivrans sa!
Pawòl nou ak aksyon nou pa dwe tounen obstak pou levanjelizasyon an, paske nou menm tou, Kris la te ba nou manda pou nou rasanble tout pitit Bondye ki gaye: «Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon…» (Mt 28, 19).
LAPRIYÈ : Mèsi Jezi pou kalite sakrifis ou fè pou mwen. Ou aksepte soufri sou bwa lakwa pou w’ te kapab sove m’. Tanpri pa kite m’ gaspiye kado lavi sa a ou fè m’ nan.

PWOPOZISYON:Olye mwen ankouraje divizyon ak chirepit, m’ap ankouraje tèt yo ansanm.

No hay comentarios:

Publicar un comentario