Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Se dapre pòtre Bondye, Bondye fè moun nan”.
NAN LIV SIRASID 17, 1-15
Bondye te kreye moun nan avèk tè a, epi se daprè pòtre l’ li te fè l’;
aprè sa li fè l’ tounen nan tè a. Daprè li menm, li abiye moun nan avèk pouvwa.
Li ba l’ kantite jou ak tan, li ba l’ pouvwa sou bagay yo ki sou tè a.
Li fè tout chè respekte l’, li fè l’ kòmande sou bèt yo ak zwazo yo.
Li kreye yon moun tankou l’ pou ede l’ apati li menm; li ba yo konsyans,
lang, je, zòrèy, ak kè pou yo reflechi, li plen yo ak disipli n’ entelijans.
Li kreye syans lespri pou yo, li plen kè yo ak entelijans, li montre yo
mal ak byen.
Li mete je l’ sou kè yo, pou l’ montre yo grandè travay li yo, pou yo fè
lwanj non l’ ki sen an, pou yo leve tèt yo nan mèvèy li yo, pou yo rakonte
grandè travay li yo.
Li ba yo disiplin tou, li fè yo eritye lalwa lavi a; li pase yon kontra
tout tan avèk yo, li montre yo jistis li ak jijman l’ yo.
Je yo wè grandè konsiderasyon l’,
zòrèy yo tande konsiderasyon vwa l’. Li di yo: “Veye pou nou pa fè okenn
peche”. Li pase chak moun lòd osijè pwochen l’. Wout yo devan l’ tout tan, yo
pa kache devan je l’.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 102, 13-14. 15-16. 17-18a
R/ Kè sansib
Granmèt la depi tout tan sou moun ki respekte l’ yo.
Tankou papa sansib pou pitit li yo, Granmèt la sansib pou moun ki
respekte l’ yo. Sèke li menm li konnen ak ki sa nou fèt, li sonje kijan se
pousyè nou ye.R.
Moun nan se tankou zèb jou l’ yo ye, tankou flè jaden konsa li fleri.
Van an soufle sou li, li pa reziste, yo pa rekonèt plas li ankò.R.
Kè sansib Granmèt la menm se depi tout tan, epi jous pou tout tan pou
moun ki respekte l’ yo, jistis li nan pitit moun yo; nan sila yo ki kenbe
kontra l’ la.R.
LEVANJIL
“Tout moun ki pa resevwa rèy Bondye a tankou yon
ti moun piti, li p’ap antre ladan l”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK
KI SEN 10, 13-16
Lè sa a:
Yo te prezante timoun piti bay Jezi pou l’ te touche yo; disip yo menm
t’ap kouri dèyè moun yo ki t’ap vin prezante yo a.
Lè Jezi wè sa, li fache, li di yo: “Kite timoun yo vin jwenn mwen, pa
enpoze yo; se pou sa k’ sanble ak yo rèy Bondye a ye. An verite mwen di nou, tout moun ki pa resevwa rèy Bondye a tankou yon
timoun piti, li p’ap antre ladan l”. Li anbrase
yo, li poze men sou yo, li beni yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pafwa nou gen tandans
mal entèprete moso Levanjil sa, kote Jezi di: « Kite timoun yo vin jwenn mwen, pa enpoze yo; se pou sa k’ sanble ak yo
rèy Bondye a ye ». Jezi pa di sa nan sans pou n’ fè
nou tounen ti moun kote ke poun pa gen okenn sans responsabilite.
Jezi di kite
ti moun yo vini jwenn li paske nan tan li t’ap viv la yo pa t’ twò bay timoun
valè, sosyete a pa t’ akeyi yo, yo te gen tandans mete yo sou kote. Jezi te vle
chanje sa, li te vle montre enpòtans timoun yo genyen nan je pa l e enpòtans
tou yo genyen nan je Papa l’. Pa bliye ke
Bondye konsidere nou tankou pitit li. Se konsa tou ke Jezi te konsidere tout
timoun sa yo ki te vle apwoche l’ la. Li te akeyi yo, li te montre yo ke yo
enpòtan. Se konsa tou, nou menm kretyen,
Jezi konsidere nou kòm moun ki gen valè pou li. Li renmen nou anpil menm jan ak
timoun sa yo ke Levanjil la pale nou jodi a. Se menm lanmou sa ki te fè l’
mouri pou nou nan fèt jou Vandredi Sen an pou te mennen li nan Dimanch Pak la
ke nou soti selebre nan mwa pase a.
Legliz la vle fè nou konprann menm lanmou sa Bondye gen pou timoun yo.
Sakreman batèm nan montre nou aklè kijan Bondye resevwa nou depi nou tou piti.
Nou pa bezwen tann nou gwo jèn fanm ak jèn gason pou nou resevwa lagras Bondye
a nan bèl sakreman sa. Depi tou piti nou batize pou n’ kapab antre nan pami sa
yo Bondye mete apa pou li yo.
Nan sakreman batèm nan Jezi di timoun k’ap batize a : Ou se pitit
mwen, e mwen renmen w’ anpil. Sa Bondye vle pou chak pitit li se pou yo viv e
pou yo gen lavi ki p’ap janm fini an. Tout timoun batize nan dlo, e yo batize o
non papa ak Pitit la ak Espri sen an. Dlo a vle di lavi ke Bondye bay, e dlo a
vle di tou Bondye lave tout fado peche Adan ak Èv yo ke nou te pote sou do nou
anvan batèm nan.
E tout sa yo fèt gras ak pouvwa Espri Sen an ki fè nou vini yon moun tou
nèf nan Jezikri. Donk paran yo, aprè nou fini batize ti moun yo, fòk nou ede yo
pou yo kapab grandi nan lafwa plis toujou. Fòk batèm nan pote fwi nan lavi
timoun yo. Paske rèy syèl la se pou sa ki sanble avèk yo.
LAPRIYÈ: Jezi ban m’ yon kè ki senp pou m’ kapab sanble ak timoun yo. Sa vle di yon
kè inosan, ki lib, ki pa gen ogèy. Konsa m’a va sanble ak sa yo ki pi piti yo,
paske ou menm ou di rèy syèl la se pou sa yo ki sanble avèk yo.
PWOPOZISYON:Akeyi timoun ki nan lari yo lakay ou. Gen anpil k’ap mande nan lari a, yo
pa gen fanmi yo pa gen kote pou yo rete, yo paka al lekòl. Jodi a fè yon jès renmen avèk yo. Menm si se ak youn sèlman, montre l’ ke
ou renmen l’.
No hay comentarios:
Publicar un comentario