Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Yon zanmi fidèl pa
kanmarad anyen”.
NAN LIV SIRASID 6,5-17
Pawòl ki dous fè vin gen anpil zanmi, li adousi lènmi yo;
lang ki konn di mèsi rale anpil bon moun. Se pou ou gen anpil moun k’ap viv kè
poze avèk ou, men se yon sèl pou ou kite ba ou konsèy nan pami mil.
Si ou gen yon zanmi, eseye l’
anvan ou aksepte l’ nèt, pa kwè nan li fasil; sèke se nan jou tray la, li zanmi
ou vre.
Gen zanmi ki vin tounen lènmi, gen
zanmi k’ap devwale rayisans avèk batay avèk kont. Gen zanmi ki asosye tab la,
men li pa dire nan jou ou nan bezwen an.
Zanmi an, si l’ rete solid, se pou
l’ tankou yon egal pou ou, li mèt aji avèk moun lakay ou nan konfyans. Si 1’
rabese tèt li devan ou, li kache devan fas ou, w’ap gen yon bon relasyon zanmi
sou tout pwen.
Pran distans ou ak lènmi ou
yo, pran prekosyon ak zanmi ou yo.
Yon zanmi fidèl se yon
pwoteksyon ki fò; moun ki jwenn li, li jwenn yon trezò. Yon zanmi fidèl, anyen
pa kapab konpare avèk li, kantite lò ak lajan pa merite konte devan valè lafwa
l’.
Yon zanmi fidèl, se remèd
lavi ak lavi ki p’ap mouri a, moun yo ki respekte Granmèt la yo jwenn li. Moun
ki respekte Bondye, y’ap jwenn bon relasyon zanmi tou, paske zanmi l’ nan ap
daprè li menm.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 118,
12. 16. 18.27.34.35
R/ Kondui m’, Granmèt, nan santye lòd ou yo.
Konpliman pou ou, Granmèt,
aprann mwen desizyon ou yo.R.
Nan desizyon w’ yo mwen jwenn
plezi m’, mwen pa bliye pawòl ou. R.
Devwale je m’, m’ap konsidere
mèvèy nan lalwa w’ la.R.
Chemen kòmandman w’ yo, fè m’
konprann yo, m’ap kalkile nan mèvèy ou yo.R.
Ban m’ entelijans, m’a obsève
lalwa w’ la, m’a kenbe l’ ak tout kè m’.R.
Kondui m’ nan santye kòdmanman
ou yo, paske mwen renmen 1’.R.
LEVANJIL
“Sa Bondye mare
ansanm moun pa kapab separe li ”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ
MAK KI SEN 10. 1-12
Lè sa a:
Jezi leve, li rive nan limit Jide lòt bò Jouden an. Foul yo rasanble vin jwenn li
ankò; jan l’ te gen abitid la, li t’ap ba yo lansèyman ankò. Farizyen yo
pwoche, yo poze l’ kesyon: “Si yon mari gen dwa ranvwaye madanm nan”, yo t’ap
eseye l’.
Men li menm li reponn, li di
yo: “Ki lòd Moyiz te pase nou”?
Yo di:
“Moyiz te pèmèt pou ekri yon biyè divòs, epi pou ranvwaye li”.
Jezi reponn, li di: “Se
poutèt kè nou te di, se pou sa li te ekri lòd sa a pou nou an. Men nan
kòmansman an, se gason ak fi Bondye te fè yo. Se poutèt sa mesye a ap kite papa
l’ ak manman l’ epi l’ap kole kò l’ kot madanm li, epi
yo tou le de ap nan yon sèl chè. Se pousa yo pa de ankò, men se yon sèl chè yo
ye. Konsa sa Bondye mare, moun pa gen dwa separe li”. Lè l’ tounen lakay la,
patizan l’ yo poze l’ kesyon sou menm bagay sa a. Li di yo: “Nenpòt ki moun ki
ranvwaye madanm li epi ki pran yon lòt, li fè yon adiltè sou li. Epi si yon
madanm ranvwaye mari l’ epi li marye ak yon lòt, li fè adiltè”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan envitasyon Jezi fè
nou jodi a nan pawòl ki bay lavi a, se yon piga li ba nou, lè l’ di Farizyen yo
sa Bondye mete ansanm, piga pèsonn separe l’. Jezi pwofite pou l’ ba yo yon
leson, nan eksplike li esplike yo ki sans maryaj la te genyen nan kòmansman kreyasyon
an, kote Bondye te kreye fi ak gason egal ego; se poutèt sa nou pa kapab jwe ak
sakreman maryaj la.
Farizyen yo t’ap
chèche pran Jezi nan pyèj, olye yo te pran l’ nan pyèj, se yon leson li pwofite
ba yo, lè yo mande l’ èske yon gason gen dwa voye madanm li ale pou nenpòt
bagay, li reponn yo konsa: “Èske nou pa li sa ki te ekri nan kòmansman an, lè
Bondye te kreye moun se gason ak fi li te kreye yo”. E li di se poutèt sa yon
gason kite papa l’ ak manman l’ e fi a egalman,
pou yo mete tèt yo ansanm; se konsa yo p’ap de ankò men se yo sèl kè yo
tounen, sa a se pwojè pa Bondye, sa l’ mete ansanm moun pa gen dwa separe l’;
se yon fason pou l’ montre kijan li pa dakò ak divòs la ditou; li di ankò:
Moyiz te pèmèt divòs, se pa t’ san rezon, se paske kè nou te twò di; alò pou evite vyolans, se sa k’ fè li te pale konsa. Jiska prezan gen anpil
moun ki pa kab konprann, yo etone wè yon gason ki pa marye, gen fi ki pa marye.
Jezi bay tout rezon ki fè yon maryaj pa bon; patizan yo menm di l’ ebyen si se
konsa bagay la ye deyò a, pito nou rete san marye, Jezi menm di yo atansyon! se
pa tout moun ki konprann pawòl sa a, men se moun Bondye bay dwa pou sa avèk
gras depi w’ kab viv sa ekzijans lan ap mande w’ la pou wayòm nan. Tout bagay sa yo, se Bondye ki bay gras pou viv yo.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, mwen pa ta renmen
defèt pwojè w’ te genye depi nan kreyasyon an, olye pou m’ ta mete divizyon,
ban m’ fòs ak kouraj pou m’ mete tèt ansanm; konsa renmen an va pouse rasin nan
Legliz la, nan fanmi nou yo ak nan kominote n’ yo. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap rete atantif
pou m’ pa gate pwojè Bondye nan fason
m’ap viv relasyon mwen ak lòt yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario