Páginas

DIMANCH 16

Koulè Blan
DIMANCH PAK
PREMYE LEKTI
«Nou te manje, nou te bwè avèk li, aprè li te resisite sot nan pami mò yo ».
NAN TRAVAY APOT YO 10, 34a. 37-43
Jou sa yo:
Pyè louvri bouch li, li di: “Nou konnen sa k’ rive nan tout Jide, kòmanse depi Galile aprè batèm nan Jan te preche a: Jezi moun Nazarèt la, kijan Bondye te sakre l’ ak Lespri Sen an ak fòs: li menm ki travèse antan l’ap fè byen, l’ap geri tout moun dyab la t’ap maltrete, paske Bondye te avèk li. Nou menm nou temwen tout sa l’ te fè nan rejyon Jwif yo ak Jerizalèm; li menm yo te touye antan yo pandye l’ sou bwa a. Bondye fè l’ leve twazyèm jou a; li fè l’ parèt, non pa devan tout pèp la, men devan temwen yo Bondye te chwazi davans yo: nou menm, ki te manje, ki te bwè avèk li, aprè l’ te fin resisite sot nan pami mò yo. Li pase nou lòd pou nou preche pèp la, pou nou sèvi temwen Bondye mete l’ kòm jij moun ki vivan yo ak moun ki mouri yo. Tout pwofèt yo sèvi l’ temwen, tout moun ki kwè nan li ap resevwa padon peche yo o non l’.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 117, 1-2. 16ab-17. 22-23
R/ Jou sa a Granmèt la fè a; se pou nou fete, se pou nou kontan nan li.
Oubyen:   Alelouya, alelouya, alelouya.
Fè lwanj Granmèt la, poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan. Se pou Izrayèl di sa koulye a poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan.R.
Men dwat Granmèt la fè mèvèy, men dwat Granmèt la leve byen wo. Mwen p’ap mouri, men m’ap viv, m’ap rakonte travay Granmèt la.R.
Wòch la bòs mason yo te jete a, se li menm ki vin tounen tèt kwen an; se nan Granmèt la sa sòti pou l’ fèt, se yon bagay ekstrawòdinè nan je nou.R.
DEZYÈM LEKTI
«Se bagay anwo yo pou nou chèche, kote Jezikri ye a».
LÉKTU LÈT APOT PÒL KI SIN POU KOLOSYIN YO 3, 1-4
Frè m’ yo:
Si nou resisite ansanm avèk Jezikri, se bagay ki anwo yo pou nou chèche, kote Jezikri chita adwat Bondye a: se bagay ki anwo yo pou nou goute, se pa bagay ki sou tè a; Sèke nou mouri, lavi nou kache avèk Jezikri nan Bondye. Lè Jezikri ap parèt, li menm ki lavi nou, lè sa a nou menm tou n’ap parèt ansanm avèk li nan glwa a.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Li te gen pou l’ te leve sot nan pami mò yo».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN                20, 1-9
Premye jou semèn nan, Mari Madlèn rive granmaten, nan kavo a, pandan l’ te fènwa toujou; li wè wòch la leve sot nan kavo a. Li kouri vin kot Simon Pyè ak lòt disip la, sa Jezi te renmen an, li di yo: “Yo leve Granmèt la sot nan kavo a, nou pa konnen kote yo depose l”. Pyè sòti, ni lòt disip sa a, yo rive kot kavo a. Yo t’ap kouri yo tou lè de ansanm, lòt disip sa a te kouri pi vit pase Pyè, li rive an premye nan kavo a. Lè l’ panche, li wè bann twal yo ki poze atè a; men li pa antre. Simon ki t’ap suiv li vin rive tou, li antre nan kavo a, li wè bann twal yo ki poze atè a, ak mouchwa a ki te sou tèt li a, men ki pa t’ poze avèk bann twal yo, li te vlope apa yon kote. Lè sa a atò lòt disip sa a antre, li menm ki te vin an premye nan kavo a, li wè, li kwè. Sèke yo pa t’ ko konnen sa k’ ekri yo, li te gen pou l’ te leve sot nan pami mò yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Lè medam yo ta pral kote yo te antere Jezi a, se swen kadav li yo ta pral pran. Kou yo rive, yo konstate bouch kavo a ouvè, epi yo tande yon mesaje Bondye di yo : « Nou pa bezwen pè. N’ap chèche Jezi yo te touye a, men li pa isit la non. Li leve byen vivan jan l’ te di a. Gade kote l’ te kouche a, kounye a, prese al di disip yo li vivan e y’ap wè li nan peyi Galile.» Kou medam yo tande sa, yo kouri ale, yo te pè, men an menm tan tou yo te kontan ! Pandan y’ap kouri konsa, Jezi parèt devan yo, li di yo : «Nou pa bezwen pè. Al di frè m’ yo n’a wè nan Galile». Petèt si nou te nan plas medam yo, sezisman ta touye nou, paske li difisil pou nou panse yon moun mouri kapab parèt devan nou. Men Jezi pa t’ parèt tankou yon zonbi lage, li te vle yo konnen li vivan tout bon vre.
Se poutèt sa, jodi a, tout kretyen gen dwa kontan. Se jodi a ki pi gran jou pou yo, se jodi a nou pa esklav ankò. Jou dimanch Pak se jou nou vin wè nou pa anba pouvwa satan ak peche ankò. Gras a Jezi ki leve byen vivan pami mò yo, nou menm tou nou ka leve, nou pa anba men ni dyab, ni lwa yo, ni move lespri yo. Gras a viktwa Jezi, nou pa bezwen viv nan laperèz ak kè sote ankò. Poutèt Jezi ki leve byen vivan, poutèt l’ap viv jodi a nan Legliz li a, nou vin pi fò pase lamò, pase satan, pase peche.
Jodi a, jou dimanch Pak fè n’ sonje jou Jezi te leve, ki montre li se Kris la, Pitit Bondye tout bon vre a. Jodi a tout moun gen dwa viv nan kè kontan, paske jodi a nou se moun lib tout bon. Anpil fwa moun di : « lemal ekziste ». Ebyen Jodi a Jezi fè nou wè « renmen ekziste » tou e li pi fò pase lemal. Lemal pa gen fòs sou nou ankò, e chak kretyen ki rete kole sou Jezi ki leve vivan kapab kraze lemal li jwenn ni nan lavi pa l’ ni nan sosyete a.
Chak Kretyen, gras a Jezi k’ap viv nan li, kab mete lebyen ak renmen tout kote li pase. Chak fwa li mete renmen kote li jwenn rayisans, li fè peyi kote Bondye wa a grandi. Chak fwa li mete rekonsilyasyon kote li jwenn divizyon, l’ap fè peyi kè kontan grandi. Chak fwa li mete tèt ansanm kote li jwenn ogèy ak zizani, li montre li se temwen rezireksyon Kris la.
LAPRIYÈ : Granmèt, ou menm ki fè kè nou kontan nèt granmesi viktwa Jezikri sou lanmò a, tanpri vin boule tout jèm lanmò ki nan lavi nou ; kraze tout tonbo nou yo ; ede nou soti nan rayisans pou nou ale nan renmen.

PWOPOZISYON : M’ap viv kòm temwen leve vivan Kris la, antan m’ap kwape lemal toupatou.

No hay comentarios:

Publicar un comentario