Páginas

LENDI 17

Koulè Blan
LENDI ANNDAN SEMÈN PAK LA
PREMYE LEKTI
“Jezi sa a, Bondye fè l’ resisite, nou tout nou sèvi l’ temwen”.
NAN LIV TRAVAY APOT YO 2, 14. 22-32
Jou Pannkòt la, Pyè kanpe avèk onz yo, li leve vwa l’, li deklare:
“Mesye Juif yo ak nou tout ki abite Jerizalèm, aprann sa, pare zòrèy nou nan pawòl mwen yo. Mesye Izrayèl yo, koute pawòl sa yo: Jezi moun Nazarèt la, mesye sa a Bondye te sèvi l’ temwen nan mitan nou an, avèk mèvèy, pwodij ak siy Bondye te fè pa lantremiz li nan mitan nou, jan nou konnen an, se li menm nou te touye a, lè nou fin renmèt li nan men mechan yo pou yo fè l’ pase tray, daprè plan Bondye te fikse ak prevwayans li. Bondye leve l’, li detwi soufrans anba tè yo, paske sa pa t’ posib pou l’ te ret kenbe anba l’. Sèke David di osijè l’: "mwen te wè Granmèt la devan fas mwen davans tout tan, paske li adwat mwen, mwen p’ap tranble. Se pousa kè m’ kontan, lang mwen ap fete, ata chè m’ ret poze nan esperans; paske ou p’ap lage nanm mwen anba tè a, ou p’ap kite Sen w’ nan wè dekonpozisyon. Ou fè m’ konnen wout lavi a, w’ap plen m’ ak kè kontan devan fas ou". "Mesye frè m’ yo, kite m’ pale nou kareman sou papa nou David, li mouri, yo antere li, kavo l’ lakay nou jous jounen jodi a. Kòm li te pwofèt, li te konnen Bondye te fè l’ sèman osijè fwi ren li, pou l’ te fè l’ chita sou fotèy li, li te prevwa li t’ap pale sou rezireksyon Jezikri a, sèke li pa abandone anba tè a, chè l’ pa wè dekonpozisyon. Jezi sa a, Bondye resisite l’, nou tout nou sèvi l’ temwen».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 15, l-2a e 5. 7-8. 9-10. 11
R/ Prezève m’, Bondye, paske mwen espere nan ou.
Prezève m’ Bondye, paske mwen espere nan ou. Mwen di Granmèt la: "Se Granmèt mwen mwen ou ye, Granmèt, pòsyon eritaj mwen ak kalis mwen: se ou menm ki kenbe destine mwen.R.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la ki ban m’ entelijans; menm nannuit ren m’ ban m’ leson.Mwen te mete Granmèt la devan fas mwen tout tan, paske li adwat mwen, mwen p’ap tranble.R.
Se pousa kè m’ kontan, tout andan fon kè m’ ap danse; menm chè m’ poze nan esperans. Paske ou p’ap lage nanm mwen nan abitasyon mò yo, ou p’ap kite sen w’ nan wè dekonpozisyon.R.
W’ap fè m’ konnen wout lavi yo, kè kontan k’ap debòde avèk fas ou, plezi adwat ou jous pou tout tan.R.
LEVANJIL
«Anonse frè m’ yo pou y’al nan Galile, se la y’a wè m’».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 28, 8-15
Lè sa a: medam yo pati byen vit sot nan kavo a ak sezisman ak gran kè kontan, y’al pot nouvèl bay disip li yo. Jezi vin rankontre yo, li di: «Salu». Yo menm yo pwoche, yo kenbe pye l’, yo adore l’. Lè sa a atò, Jezi di yo: “Pa pè; ale, anonse frè m’ yo, pou y’al nan Galile, se la y’a wè m”. Pandan y’ale, gen kèkzen nan gad yo ki rive nan vil la; yo anonse gran prèt yo tout sa k’ te pase. Yo rasanble, yo fè reyinyon avèk ansyen yo, yo bay sòlda yo anpil lajan, yo di: “Di se disip li yo ki vin nannuit, yo vòlè l’, pandan nou t’ap dòmi. Si prefè a aprann sa, n’a konvenk li, n’a fè nou gen asirans”. Yo menm, lè yo vin resevwa lajan an, yo fè jan yo te aprann yo a. Pawòl sa a gaye kay Juif yo jous jounen jodi a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Medam yo pati byen vit sot nan kavo a ak sezisman ak gran kè kontan, y’al pot nouvèl bay disip li yo».
Kè kontan Rezireksyon an fè medam say o ki t’al nan kavo a tounen mesaje Kris la. Kè yo tout kontan akoz bòn nouvèl anj la te anonse yo a, lè li te di yo Mèt yo a leve vivan. Medam yo pati byen vit sot nan kavo a, y’al pot nouvèl la bay disip Jezi yo. Medam yo pa t’ kapab rete san yo pa di sa yo te wè. Nan nanm nou, nou santi pawòl Pòl la fè eko: « Paske, se kalite renmen Kris la gen pou nou an k'ap dirije m'.» (2 Ko 5,14)
Jezi vin rankontre yo: li fè sa ak Mari Madlèn avèk lòt Mari a tou. Kris la, granmesi Enkanasyon li, li fè yon sèl ak nou chak.
Reyaksyon medam yo nan prezans Granmèt la eksprime nan pi wo degre atitid ki pi pwofon moun nan kapab genyen devan Sila a ki se Kreyatè ak Liberatè nou an: yo soumèt yo totalman. « Yo pwoche bò kote l', yo kenbe pye l', yo adore li» (Mt 28,9). Adorasyon. Ala yon bèl leson pou nou menm! Medam yo montre nou ki atitid nou dwe genyen anvè Kris la nan Lekaristi a.
Jezi di medam yo: «Nou pa bezwen pè» (Mt 28,10). Pè Granmèt la? Pa janm pè li. Puiske li se Renmen. San dout nou pè pou nou pa pèdi zanmitay li, paske nou konnen feblès nou. Konsa, an nou kenbe pye li ak fòs. Tankou Apot yo ki te pè gwo van an, tankou disip Emayis yo, an nou di li: Granmèt nou priye ou, pa kite nou pou kont nou!
Mèt la voye medam yo kote disip yo pou yo te kapab wè li. Se misyon sa Bondye voye nou fè chak jou depi jou batèm nou:  anonse Kris la toupatou, «pou tout moun kapab rankontre li, pou kris la mache sou chemen ekzistans la, ansanm avèk chak moun, avèk puisans verite a sou moun nan ak sou mond la ki kouvri ak mistè Enkanasyon ak Redanmsyon an, avèk puisans lanmou ki klere byen klere a» (Jan Pòl II).
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, vide kè kontan Pak la nan mwen pou m’ pwoklame ou leve vivan!

PWOPOZISYON:M’ap kite limyè Kris la klere nan vizaj mwen, pou lòt yo kapab dekouvri li nan mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario