Koulè Blan
TWAZYÈM
DIMANCH PAK, ANE-A
PREMYE LEKTI
«Li pa t’ posib pou abitasyon mò yo
te kenbe l’. »
LEKTI
TRAVAY APOT YO 2, 14, 22-28
Jou
Pannkot la, Pyè kanpe avèk onz yo, li leve vwa l’, li deklare:
«Mesye
Juif yo ak nou tout ki abite Jerizalèm, aprann sa, pare zòrèy nou nan pawòl
mwen yo.
Mesye
Izrayèl yo, koute pawòl sa yo: Jezi moun Nazarèt la, mesye sa a Bondye te sèvi
l’ temwen nan mitan nou an, avèk mèvèy, pwodij ak siy Bondye te fè pa lantremiz
li nan mitan nou, jan nou konnen an, se li menm nou te touye a, lè nou fin
renmèt li nan men mechan yo pou yo fè l’ pase tray, daprè plan Bondye te fikse
ak prevwayans li. Bondye leve l’, li detwi soufrans abitasyon mò yo, paske sa
pa t’ posib pou l’ te ret kenbe anba l’.
Sèke
David di osijè l’: «Mwen te wè Granmèt la devan fas mwen davans tout tan, paske
li adwat mwen, mwen p’ap tranble. Se pousa kè m’ kontan, lang mwen ap fete, ata
chè m’ ret poze nan esperans; paske ou p’ap lage nanm mwen nan abitasyon mò yo,
ou p’ap kite Sin ou nan wè dekonpozisyon.Ou fè m’ konnen wout lavi a, w’ap plen
m’ ak kè kontan devan fas ou».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 15, l-2a e 5. 7-8. 9-10. 11
R/ Granmèt, w’a fè m’ konnen wout lavi
yo.
Prezève m’, Bondye, paske mwen
espere nan ou. Mwen di Granmèt la: «Se Granmèt mwen ou ye, Granmèt, pòsyon
eritaj mwen ak kalis mwen: se ou menm ki kenbe destine mwen.R.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la ki
ban m’ entelijans; menm nan nuit ren m’ ban m’ leson. Mwen te mete Granmèt la
devan fas mwen tout tan, paske li adwat mwen, mwen p’ap tranble.R.
Se pousa kè m’ kontan, tout andan
fon kè m’ ap danse; menm chè m’ poze nan esperans. Paske ou p’ap lage nanm mwen
nan abitasyon mò yo, ou p’ap kite sen ou nan wè dekonpozisyon.R.
W’ap fè m’ konnen wout lavi yo, kè
kontan k’ap debòde avèk fas ou
plezi adwat ou jous pou tout tan.R.
DEZYÈM LEKTI
«Yo delivre
nou ak yon san ki gen anpil valè, san Jezikri a ki tankou san Mouton ki san
tach».
LEKTI PREMYE LÈT APOT PYÈ KI SEN 1, 17-21
Nou menm mwen renmen anpil la:
Si nou rele sa a Papa, li menm ki
jije daprè aksyon chak moun nan san l’ pa gade sou figi moun, se pou nou viv
nan krent Bondye pandan tan nou abite sou tè a, antan nou konnen se pa avèk
bagay k’ap gate, lò oubyen lajan, nou delivre sot nan konduit papa nou yo te
transmèt nou an, ki pa vo anyen an, men se ak san ki gen anpil vale a, tankou
san Mouton ki san tach la Jezikri, san sa a ki pa sal la, li menm Bondye te
prevwa depi anvan tè a fèt, men li montre l’ nan dènye tan yo poutèt nou, nou
menm ki fidèl nan Bondye, Bondye menm ki fè l’ leve sot nan pami mò yo, ki ba
l’ glwa, pou lafwa nou ak esperans nou kapab nan Bondye.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Yo rekonèt li nan kase pen an».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 24, 13-35
Te
gen de nan disip Jezi yo ki t’a pral nan yon bouk, premye jou semèn sa a, bouk
la te yon distans onz kilomèt parapò a Jerizalèm, yo te rele l’ Emayis. Yo menm
yo t’ap pale antre yo sou tout sa k’ te pase.Rive, pandan y’ap koze, y’ap
chèche antre yo, Jezi menm pwoche, l’ap mache avèk yo. Je yo te gen yon bagay
ki kenbe yo, pou yo pa rekonèt li. Li di yo: «Ki pawòl sa yo, n’ap pale antre
nou pandan n’ap mache a, epi ki fè nou gen lapenn nan»?
Youn
yo rele Kleofas, di l’: «Se ou menm sèl ki etranje nan Jerizalèm, ou pa konnen
sa k’ rive nan jou sa yo»?
Li
di yo: «Ki bagay»? Yo di: «Osijè Jezi moun Nazarèt la, ki te yon pwofèt, ki gen
pouvwa nan aksyon ak pawòl devan Bondye ak tout pèp la. Kijan gran prèt yo ak
chèf nou yo renmèt li nan kondanasyon lanmò, epi yo kloure l’ sou kwa. Nou menm
nou te espere, se li menm ki t’ap delivre Izrayèl; koulye a menm sou tout bagay
sa yo jodi a se twazyèm jou depi yo rive. Men kèk medam nan pami nou te fè nou
sezi, yo t’al nan kavo a devan-jou, yo pa jwenn kò l’, yo vin di yo wè vizyon
zanj yo, ki di yo li vivan. Kèk nan nou al nan kavo a, yo jwenn bagay yo jan
medam yo di a; men li menm yo pa jwenn li».
Li
di yo: «Nou sòt, nou pran tan nan kè nou kwè tout sa pwofèt yo te pale yo !
Èske Kris la pa t’ gen pou l’ soufri, epi se konsa pou l’ antre nan glwa l’
la»? Li kòmanse depi sou Moyiz ak tout pwofèt yo, li eksplike yo nan tout sa k’
ekri yo sa k’ te konsène l’.
Yo
pwoche bò bouk la kote yo t’a prale a, li menm li fè kòmsi l’a pral pi lwen, yo
fòse l’, yo di: «Ret avèk nou, paske aswè rive, jou a deja bese». Li antre avèk
yo. Pandan li lonje kò l’ avèk yo, li pran pen, li beni, li kase, li ba yo. Je
yo louvri, yo rekonèt li. Li menm menm li disparèt sot devan je yo. Youn di
lòt: «Èske kè nou pa t’ cho anndan nou, pandan li t’ap pale sou chemen an, li
t’ap eksplike nou sa k’ ekri yo»?
Yo
leve menm lè a, yo tounen Jerizalèm. Yo jwenn onz yo rasanble, ni sa yo ki te
avèk yo a, yo di Granmèt la leve vre, li parèt devan Simon. Yo rakonte sa k’ te
pase sou chemen an, kijan yo te rekonèt li nan kase pen an.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan Levanjil la, nou wè de disip Jezi aprè
Jezi te mouri, epi yo poko konnen si l’ resisite. Yo pè, paske yo ka pesèkite
yo, menm jan yo te pesèkite Jezi, poutèt se te patizan Jezi yo te ye. Se sa k’ fè y’ap kite Jerizalèm pou yo al nan
bouk Emayis. Yo tris. Y’ap doute. Yo pa konn sa pou yo fè.
Tout lespwa yo te nan Jezi, epi kounye a misye mouri. Pandan y’ap
mache, Jezi parèt, li kòmanse mache ansanm avèk yo. Sèlman yo pako konnen si se
Jezi k’ap pale avèk yo. Epi Jezi kòmanse eksplike yo tout sa k’ ekri nan Labib,
pou fè yo wè jan l’ te mouri a, se daprè sa k’ te ekri nan liv pwofèt yo.Yo
kòmanse konprann sa k’ te pase a.
Lè yo rive Emayis, yo envite nèg la (yo poko rekonèt li) antre nan kay
la, soupe ansanm avèk yo. Lè l’ beni pen an, li kase l’ epi l’ separe l’ bay
yo, se lè sa jè yo louvri, yo konprann se Jezi ki te ansanm avèk yo tout tan sa
a. Yo konprann li byen vivan, li te kraze lamò. Si nou reflechi sou jan
Jezi te louvri lespri ak je disip li yo, n’ap wè se sa menm li fè avèk nou lè
nou al Lamès. Nan premye pati Mès la, nou li plizye moso Labib, epi aprè sa gen
yon eksplikasyon pou nou konprann kisa lekti sa yo gen pou wè avè nou. Lè fini,
nan dezyèm pati Mès la, nou beni pen an, pen an tounen Jezi ki vivan nan mitan
nou, epi nou manje l’ansanm.
Lè nou gen sityasyon
nan lavi nou ki fè nou pè, ki fè nou tris, ki fè nou doute, epi nou pa konn sa
pou n’ fè, se pou nou al jwenn Jezi nan Lamès la. Se pou nou kite l’ mache
ansanm avèk nou, kite l’ louvri lespri nou. Se pou nou akeyi li nan kè nou, e pi
pou nou wè l’ tou vivan ak jè lafwa nou nan losti kominyon an.
LAPRIYÈ:Mèsi Granmèt, paske ou mache ansanm avèk nou lè nou tris.Tanpri, louvri
jè nou pou nou rekonèt ou nan frè ak sè nou yo, ak nan sakreman yo.
PWOPOZISYON:M’ap patisipe nan
Lamès chak dimanch, pou m’ jwenn Jezi ki tou vivan an.
No hay comentarios:
Publicar un comentario