Koulè Blan
PREMYE LEKTI
“Yo chwazi
sèt mesye ki plen ak Espri Sen an”.
NAN
TRAVAY APOT YO 6,1-7
Jou
sa yo, foul disip yo t’ap gwosi, Grèk yo bougonnen kont Ebre yo, paske nan
sèvis chak jou a yo te meprize vèv pa yo. Douz yo konvoke foul disip yo, yo di:
“Se pa nòmal pou nou kite pawòl Bondye a, epi pou n’ap sèvi sou tab yo. Frè m’
yo, chèche sèt mesye nan pami nou ki gen bon temwayaj sou yo, ki plen ak Espri
Sen an ak sajès, n’a enstale yo pou travay sa a. Kanta nou menm, n’ap rete nan
priyè ak sèvis pawòl la”. Pawòl la fè tout foul la plezi, yo chwazi Etyèn, yon
mesye ki plen lafwa ak Espri Sen, Filip, Pwokò, Nikanò, Timon, Pamenas, ak
Nikola, yon moun Antyòch ki te fèk vin tounen disip. Yo prezante yo devan Apot
yo, yo priye, yo poze men sou yo. Pawòl Granmèt la t’ap devlope, foul disip yo
t’ap vin anpil menm nan Jerizalèm.Yon foul prèt t’ap obeyi lafwa a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
32, 1-2. 4-5. 18-19
R/ Se pou kè sansib ou sou nou,
Granmèt, menm jan nou espere nan ou a.
Fete
nan Granmèt la, nou menm ki kòrèk yo; lwanj la ale ak moun ki dwat yo. Fè lwanj
pou Granmèt la sou gita, sou enstriman dis kòd la, chante pou li.R.
Sèke
pawòl Granmèt la dwat, tout aksyon l’ yo nan fidelite, li renmen jistis ak
jijman, kè sansib Granmèt la plen tè a. Men je Granmèt la sou moun ki respekte
l’ yo, sou moun ki espere sou kè sansib li, pou l’ delivre nanm yo sot nan
lanmò, pou l’ ba yo manje nan grangou.R.
LEVANJIL
“Yo wè Jezi
k’ap mache sou lanmè a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 6, 16-21
Lè aswè rive, disip Jezi yo desann
sou lanmè a. Yo monte nan batiman an, yo rive lòt bò lanmè Kafanawòm nan. Li te fè nwa deja, Jezi pa t’ ko
rive kote yo. Men lanmè a t’ap monte, paske yon gwo van t’ap soufle.
Yo te deja rame anviwon kat ak senk kilomèt, lè yo wè Jezi k’ap mache sou lanmè
a, li rive tou pre batiman an, yo pè. Li menm li di yo: “Se mwen menm, pa pè”. Yo te vle pran l’
nan batimán an; menm lè a batimán an rive atè, kote yo t’a prale a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Si yon moun di li pa
janm rive nan yon sitiyasyon limit, kote laperèz anvayi li oubyen tout san li
tresayi, se pou li leve men li! Disip yo, malgre yo te konn
viv bò kote Jezi, malgre yo te konnen mirak ekziste, sa pa t’ anpeche kèk fwa
yo te rive nan kèk sitiyasyon ki fè yo doute. Se konsa ankò yon lòt fwa, Jezi
te gen pou devwa rasire disip li yo pandan li di yo "Se mwen menm, pa
pè".
Jezi t’ap pwofite anseye disip li yo ak tout
moun ki gen difikilte pou yo kwè nan li, ke se li menm ki Kris la e li gen
pouvwa sou tout bagay ki sou latè. Nou
toujou tande yo di nou ak yon ti branch lafwa gen yon pakèt bagay nou kapab
rive fè. Men podyab, nou menm, anpil fwa nou refize kwè, nou prefere eseye yon
fwa, de fwa, epi si sa pa mache nou pèdi lespwa nou kouri pran yon lòt wout.
Anpil
fwa se menm nou menm k’ap repete nan mès yo "Mwen kwè" chak jou e
plizyè fwa. Poutan nou pa janm
mete konfyans nou vrèman nan Granmèt la. Zanmi Bondye yo, jodi a Jezi vle fè
nou konprann li pa ase pou n’ap di sèlman « mwen kwè » men sa dwe yon
reyalite ki sòti nan fon kè nou.
Li
enpòtan pou nou kapab konprann Bondye toujou la, l’ap aji nan lavi nou menm si
nou pa rann nou kont.
Konbyen
fwa nou te pran yon ti tan pou di Bondye mèsi paske nou dòmi epi nou
leve ? Dòmi an si senp ke sa daprè nou ? Konbyen fwa nou te nan lari
a, nou te epaye de yon aksidan ? Aprè sa ou ri, ou souke tèt ou, men ou te
janm pran tan reflechi aprè sa kijan w’ fè epanye ?
Konbyen fwa ou pa t’ panse w’ te ka gen yon
timoun, ou te ka jwenn yon travay, ou te ka peye dèt ou nan jounen an, epi ou
te rive jwenn yon solisyon nan moman ou pa t’ panse sa? Ou te sonje di Bondye
mèsi ? Levanjil jodi a envite nou mete konfyans nou nan Granmèt la, se li
menm ki sèl gid nou. Si vrèman nou rive kwè nan li tout bagay ap posib pou nou,
n’ap rive kraze tout fòs ki anpeche nou avanse pou pi devan.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, pa kite dout ak laperèz
anvayi nou. Ede nou kwè nan ou chak jou
pi plis pandan n’ap aprann fè volonte ou. Amèn.
PWOPOZISYON : M’ap pataje yon eksperyans lafwa ak yon zanmi m’.
No hay comentarios:
Publicar un comentario