Páginas

VANDREDI 28

Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Yo te pati ak kè kontan, paske yo te konsidere yo te merite soufri move tretman pou non Jezi».
LEKTI TRAVAY APOT YO 5, 34-42
Jou sa yo:
Yon mesye leve nan tribinal la, yon Farizyen, yo te rele l’ Gamalyèl, se te yon savan lalwa a ki te gen konsiderasyon tout pèp la, li pase lòd pou yo fè Apot yo sòti deyò yon ti moman; li di yo: «Mesye Izrayelit yo, fè atansyon sa n’a pral fè sou mesye sa yo. Sèke anvan jou sa yo, Teodas te kanpe, li te di li se yon moun enpòtan, gen anpil moun ki rasanble vin jwenn li, anviwon katsan; yo touye l’; tout moun ki te kwè nan li yo, yo gaye yo, yo vin tounen anyen. Aprè li menm, Jida moun Galile a vin kanpe nan jou resansman yo, li soulve pèp la dèyè l’; li peri; tout moun ki te dakò avèk li yo, yo gaye yo. Konsa, koulye a mwen di nou: kite mesye sa yo trankil, lage yo; paske, si se nan lézòm plan sa a oubyen travay sa a sòti, l’ap fonn; men si se nan Bondye li sòti, nou p’ap kapab fonn li, piga nou rive ap batay kont Bondye». Yo vin dakò avèk li. Yo konvoke Apot yo; avèk kou, yo avèti yo pou yo pa janm pale o non Jezi, epi yo lage yo. Yo menm menm yo pati tou kontan sot devan tribinal la, paske yo te konsidere yo te merite soufri move tretman pou non Jezi. Tout jounen yo pa t’ sispann ret nan Tanp la ak nan lakay yo ap bay ansèyman, ap anonse bòn nouvèl Jezi se Kris.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 26, 1. 4. 13-13
R/ Yon sèl bagay mwen mande Granmèt la: pou m’ abite nan kay Granmèt la.
Granmèt la se limyè m’ ak delivrans mwen, ki moun ki pou fè m’ pè? Granmèt la se pwoteksyon lavi m’, devan ki moun pou m’ tranble?R.
Yon sèl bagay mwen mande Granmèt la, se sa m’ap chèche: abite nan kay Granmèt la tout tan lavi m’, pou m’ wè dousè Granmèt la,
Pou m’ vizite tanp li a.R.
Mwen kwè m’ap wè byen Granmèt la nan tè vivan yo.Tann Granmèt la, pran kouraj, asire kè ou, apuiye sou Granmèt la.R.
LEVANJIL
«Li separe bay moun ki te sou tab yo, toutotan yo te vle».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 6, 1 -15
Lè sa a:
Jezi al lòt bò lanmè Galile a, se lanmè Tiberyad la. Yon gran foul t’ap suiv li, paske yo te wè siy li t’ap fè sou moun ki te malad yo. Konsa Jezi monte sou mòn nan, li chita la avèk disip li yo.
Pak la te tou pre, jou fèt Juif yo. Lè Jezi leve je l’, li wè te gen yon gran foul ki t’ap vin jwenn li, li di Filip: «Ki kote n’ap achte pen pou moun sa yo manje? Li te di sa pou l’ sonde l’; li menm, li te konnen ki sa l’ t’a pral fè. Filip reponn li: «Desan goud pen p’ap kont yo, pou chak moun jwenn yon ti moso». Youn nan disip li yo, Andre, frè Simon Pyè a, di l’: «Gen yon ti gason isit la, ki gen senk pen lòj ak de pwason; sèlman, ki sa bagay sa yo ye pou tout pakèt moun sa yo»? Jezi di: «Fè moun yo lonje kò yo». Te gen anpil zèb kote sa a. Mesye yo lonje kò yo, yo te senk mil. Jezi pran pen yo, kon l’ fin rann gras, li separe bay moun ki te lonje kò yo a, li fè menm jan pou pwason yo, otan yo te vle. Lè yo fin manje vant plen, li di disip li yo: «Ranmase moso ki ret an plis yo, pou yo pa pèdi». Yo ranmase yo, yo plen douz panye ak mòso ki te sot nan senk pen lòj yo, ki te ret an plis lè moun yo te fin manje a. Moun yo menm, lè yo wè siy Jezi te fè, yo t’ap di: «Sa a se pwofèt la tout bon vre, ki te gen pou l’ vin sou tè a». Jezi menm, kòm li te konnen yo t’ap vin pou yo pran l’, pou yo fè l’ wa, li sove kò l’ ankò nan mòn nan li menm pou kont li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Moun yo ap mache dèyè Jezi paske yo wè tout mirak l’ap fè. Pak la tou pre. Jezi monte sou tèt yon ti mòn e li mande disip li yo kisa y’ap fè pou bay moun yo dekwa pou manje. Se Jezi menm ki kase pen an e li separe li; tout moun manje vant plen. Yo vle pwoklame Jezi kòm wa men li menm li chape poul li, li sovè kòl sòti nan men yo.
Tout Levanjil yo pale nou sou mirak miltiplikasyon pen an, men avèk aksan diferan. Nan ka sa a, se Jezi ki aktè prensipal la, se pa disip li yo: li mande yo kisa y’ap fè, li separe pen an ba yo. Jezi se Pen an menm ki separe tèt li bay. Moun yo wè li fè jès la e yo vle entèpre sa mal, yo ta vle fè Jezi wa; men Jezi pa pèmèt yo fè move lide sou li. San dout, Jezi se Wa, men se pa yon wa nan fason moun yo te panse a.
LAPRIYÈ: Bondye, esperans ak limyè espri sensè yo, n’ap priye ou antan n’ap sipliye, fè kè nou reyalize priyè ki kòrèk pou ou, epi fè yo fè lwanj ou ansanm tout tan ak kado piblikasyon yo.  Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Mwen p’ap konsidere sa m’ genyen an twò piti, m’ap pataje l’, se Bondye ki bay. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario