Koulè Blan
PREMYE LEKTI
«Nou menm
nou sèvi pawòl sa yo temwen, ak Lespri Sen an».
LEKTI
TRAVAY APOT YO 5, 27-33
Jou
sa yo:
Lè
sèvitè yo kondui Apot yo, yo fè yo kanpe nan tribinal la; gran prèt la poze
kesyon, li di: «Nou te pase nou lòd sevè pou nou pa t’ bay ansèyman o non sa a;
epi gade nou plen Jerizalèm ak ansèyman nou an, nou vle fè san mesye sa a tonbe
sou nou». Pyè menm reponn ak Apot yo, yo di: «Nou dwe obeyi Bondye plis pase
lèzòm. Bondye papa nou yo te leve Jezi, li menm nou te touye a antan nou te
pandye l’ sou bwa a. Bondye leve l’ adwat li kòm chèf ak sovè pou l’ bay
Izrayèl penitans ak delivrans peche yo. Kanta nou
menm, nou sèvi pawòl sa yo temwen, ak Lespri Sen an Bondye bay tout moun ki
obeyi l’ yo». Lè yo
tande bagay sa yo, yo te fè gwo kòlè, yo t’ap ekzamine kijan pou yo touye yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 33, 2 e 9. 17-18. 19-20
R/ Yon
pòv rele, Granmèt la koute l’.
M’ap
fè konpliman pou Granmèt la tout tan, tout tan lwanj li nan bouch mwen.Goute,
n’a wè jan Granmèt la bon; ala kontantman pou moun ki espere nan li.R.
Fas
Granmèt la sou moun k’ap fè mal yo, pou l’ fè souvni yo disparèt sot sou tè a.R.
Yo
rele, Granmèt la tande, nan tout tray yo li delivre yo. Granmèt la tou pre moun
ki gen kè yo kraze yo, l’ap sove sa k’ gen espri yo boulvèse yo.R.
Moun
ki kòrèk yo jwenn anpil tray, men Granmèt la ap delivre yo sot nan yo tout.R.
LEVANJIL
«Papa a renmen Pitit la, li renmèt
tout bagay nan men li».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 3, 31-36
Lè
sa a, Jezi di Nikodèm:
«Sa a ki vin sot anwo a, li anlè
tout moun. Moun ki sot sou tè a, se nan sa k’ sou tè a li ye, se sa k’ sou tè a
li pale. Sa a ki vin sot nan syèl la, li anlè tout moun. Sa l’ wè, li tande, li
sèvi l’ temwen, men temwayaj li a, pèsòn pa resevwa l’. Moun ki resevwa
temwayaj li a, li siyen Bondye vre, Sa a Bondye voye a, se pawòl Bondye yo li
pale; Bondye pa bay Lespri a avèk mezi. Papa a renmen Pitit la, li renmèt tout
bagay nan men l’. Moun ki kwè nan Pitit la li gen lavi tout tan an; men moun ki
pa kwè nan Pitit la, li p’ap wè lavi a, okontrè se kòlè Bondye a ki rete sou
li».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye Lekti a, apot yo te kanpe devan
Gran Konsèy la nan tribinal la, kote yo te fè yo obsèvasyon pou jan yo te
kontinye ap pale de Jezi, malgre yo te resevwa lòd pou yo te pe bouch yo, pou
yo te sispann pale de mesye ki rele Jezi a. Avèk anpil kouraj, ak pantalon li
nan tay li, Apot pyè fè gwo chèf yo tranble nan tribinal la. Pawòl la pa gen
baryè: «Nou dwe obeyi Bondye plis pase lèzòm».
Apot yo pa kapab sispann preche Bòn Nouvèl la.
Deja Jezi te anonse yo kisa ki t’ap tann yo, li te di yo yo
te gen pou trennen yo nan tribinal epi Lespri Sen te gen pou montre yo ki sa
pou yo di, kijan pou yo defann yo. Nan yon fasyon ki fè gwo Konsèy la sezi,
anba pouvwa Lespri Sen an, Pyè pwofite okazyon an yon lòt fwa ankò pou li
pwoklame konviksyon li nan Jezi ki resisite a.
·
«Bondye papa nou yo», Bondye Ansyen Testaman an ke otorite
Izrayèl konnen trè byen an, se li menm menm ki aji nan moman sa a.
·
Jezi, li menm nou te touye a antan nou te pandye l’ sou bwa
a.
·
Bondye leve l’ adwat li kòm chèf ak sovè pou l’ bay Izrayèl
penitans ak delivrans peche yo.
Jezi sòti
nan wont krisifiksyon an pou li antre nan laglwa rezireksyon an, kote Papa
remèt tout bagay nan men li.
Li enteresan pou nou sonje pawòl sa
a: Moun ki kwè nan Pitit la li gen lavi tout tan an; men moun ki pa kwè nan
Pitit la, li p’ap wè lavi a, okontrè se kòlè Bondye a ki rete sou li».
LAPRIYÈ: Bondye ki gen kè sansib, fè nou
favè, pou sa n’ap fete nan tan pak la, yo santi l’ donnen fwi tout tan nan nou.
Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Tout sa Bondye fè m’ kado, m’ap mete li nan
sèvis frè ak sè mwen yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario