Koulè Blan
PREMYE LEKTI
“Men mesye yo nou te mete nan prizon
an, yo nan Tanp la, y’ap bay pèp la ansèyman”.
NAN
TRAVAY APOT YO 5, 17-26
Jou
sa yo:
Gran
prèt la leve, ansanm ak tout moun ki te avèk li yo, (se gwoup Sadiseyen yo), yo
te plen ak raj; yo met men sou Apot yo, yo mete yo nan prizon piblik la. Zanj
Granmèt la louvri pòt prizon an nannuit, li fè yo sòti, li di: “Ale, kanpe,
pale nan Tanp la ak pèp la tout pawòl lavi sa a”. Lè yo tande sa, yo antre byen
bonè nan tanp la, yo t’ap bay ansèyman. Gran prèt la rive, ni sa yo ki te avèk
li yo, yo fè yon reyinyon, ni tout ansyen pitit Izrayèl yo; yo voye nan prizon
an pou yo kondui yo vini. Lè sèvitè yo rive, yo louvri pòt la, yo pa jwenn yo,
yo tounen, yo pote nouvèl, yo di: “Nou jwenn pòt prizon an byen fèmen avèk tout
kalite prekosyon, gad yo te kanpe devan pòt yo; men lè nou louvri, nou pa jwenn
pèsòn andan l”. Lè yo tande pawòl sa yo, majistra Tanp la, ak gran prèt yo, yo
t’ap mande antre yo ki sa sa vle di. Gen yon moun ki rive li anonse yo: “Men
mesye yo nou te mete nan prizon an, yo kanpe nan Tanp la, y’ap bay pèp la
ansèyman”. Lè sa a atò majistra a avèk sèvitè yo pati, yo mennen yo san
maltrete yo; sèke yo te pè pèp la, pou yo pa t’ kalonnen yo ak kout wòch.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 33, 2-3. 4-5. 6-7. 8-9
R/ Yon
pòv rele, Granmèt la koute l’.
M’ap
fè konpliman pou Granmèt la tout tan, tout tan lwanj li nan bouch mwen.
Nan
Granmèt la nanm mwen ap jwenn glwa l’, se pou pòv yo tande, pou yo kontan.R.
Fè
lwanj Granmèt la avèk mwen, se pou nou leve non l’ anlè ansanm, mwen chèche
Granmèt la, li reponn mwen, anba tout sa k’ fè m’ pè, li delivre m’.R.
Gade nan direksyon l’, n’ap klere,
fas nou p’ap wont. Pòv sa a rele, Granmèt la koute l’, anba tout tray li, li
sove l’.R.
Zanj
Granmèt la ap veye alantou moun ki krenn li yo, l’ap delivre yo. Goute, n’a wè
jan Granmèt la bon; ala kontantman pou moun ki espere nan li.R.
LEVANJIL
“Bondye voye Pitit la, pou tè a sove
pa lantremiz li”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 3, 16-21
Lè
sa a, Jezi di Nikodèm:
“Bondye tèlman renmen tè a, li bay
Pitit li a, sèl Pitit li a, pou tout moun ki kwè nan li pa peri, men pou l’ gen
lavi tout tan an. Sèke Bondye pa t’ voye Pitit li a sou tè a pou l’ jije tè a,
men pou tè a te kapab sove pa lantremiz li. Moun ki kwè nan li, yo p’ap jije
l’; moun ki pa kwè a menm, li deja jije, paske li pa kwè o non sèl Pitit Bondye
a. Men jijman an, limyè a vin sou tè a, men lèzòm te pi renmen fènwa yo pase
limyè a; sèke travay yo te move. Reyèlman tout moun k’ap aji mal, li rayi limyè a, li pa vin
nan limyè a, pou yo pa repwoche travay li yo. Men moun ki fè verite a, li vin
nan limyè, pou yo kapab wè travay li klè, se nan Bondye yo fèt”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Bondye nou an gran anpil: nan premye lèkti a
nou wè li fè mesye yo sòti nan prizon epi pòt la rete fèmen jan lite ye a. Olye
mesye yo al kache se nan tanp lan yo jwenn yo kote y’ap preche pawòl Bondye a.
Yo ale nan tanp lan pou fè konnen pi plis grandè Bondye. Moun ki t’ap veye prizon
an te sezi pou sa ki te rive a, yo pa t’ ka eksplike li.
Lè Bondye ap aji nou
menm lèzòm nou toujou sezi; konsa se jenou nou nou dwe mete atè devan pouvwa
Granmèt nou an. Yon
bagay ki vrèman enteresan, se atitid disip yo ki al anonse Bòn nouvèl la. Sa montre
nou lè yon moun fin viv yon eksperyans pèsonèl ak li li pati ale nan misyon; sa
vle di li pa ka rete bèkèkè epi kache nan yon ti kwen. Bondye kreye nou epi
dezobeyisans nou te separe nou ak li. Atravè Jezikri li vle sove nou, li mande
nou sèlman kwè nan li.
Jezi pa t’ vini pou li
kondane men pou li sove. Sove moun se misyon Jezi, kidonk se misyon nou tout
epi nou chak. Sa vle di sove frè nou ki nan mizè, pwoblèm, difikilte, danje.
Sove yon moun, se kapab tou ede li pran konsyans li se pitit Bondye oubyen ede
l’ dekouvri prezans Bondye nan lavi li. Se yon gwo misyon, yon gwo
responsabilite nou tout ak nou chak genyen.
LAPRIYÈ: Mèsi Granmèt paske ou te voye Pitit ou a vini pou sove nou. Ede
nou travay ansanm ak li pou konstwi yon sosyete tounèf.Amèn!
PWOPOZISYON: M’ap ede yon moun konprann Jezi te vini pou
li sove nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario