MAK KI SEN,
Evanjelis
Fèt
Koulè Wouj
PREMYE LEKTI
“Mak, pitit
mwen an, salye nou”
NAN PREMYE LÈT APOT PYÈ KI SEN 5,
5b-14
Nou menm mwen renmen anpil la:
Nou
tout, se pou nou konsidere nou pi ba pase lòt yo paske Bondye reziste moun k’ap
leve tèt yo, se sa k’ rabese tèt yo li bay gras la. Konsa se pou nou rabese tèt
nou anba men Bondye ki gen pouvwa, pou l’ leve nou nan tan vizit la, renmèt li
tout tèt chaje nou, paske se li menm k’ap okipe nou.
Se
pou nou kontwole tandans nou, pou nou veye, paske dyab la ki ènmi nou an, li
tankou yon lyon k’ap rele, l’ap fè laviwonn, antan l’ap chèche moun pou l’
devore; se pou nou reziste l’ avèk fòs nan lafwa, antan nou konnen se menm
soufrans la frè nou yo ki sou tout tè a ap sibi. Bondye tout
gras la, li menm ki rele nou nan glwa tout tan l’ nan nan Jezikri, se li menm
k’ap fè nou fin bon nèt, aprè nou fin soufri yon ti kras, l’ap asire nou, l’ap
rann nou solid. Konpliman ak otorite pou li pou tout tan gin tan. Amèn.
Pa lentèmedyè Silven mwen konsedere
kòm yon frè ki fidèl, mwen ekri yon ti mo tou kout, mwen ankouraje nou, mwen
asire nou, sa a se vre gras Bondye a, kote nou ye a.
Legliz la ki rasanble Babilòn nan
salye nou, ni Mak, pitit mwen an. Se pou
nou youn salye lòt nan yon bo ki sen.
Gras pou nou tout ki nan Jezikri.
Amèn.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
88, 2-3. 6-7. 16-17
R/
Mizerikòd
ou, Granmèt, se tout tan m’ap chante l’.
Mizerikòd Granmèt la se tout tan
m’ap chante l’, pou jenerasyon ak jenerasyon m’ap anonse verite ou nan bouch
mwen. Sèke mwen di: “Se pou tout tan
mizerikòd la bati”, nan syèl la mwen asire verite ou.R.
Syèl
yo ap fè lwanj pou mèvèy ou, Granmèt, ni verite w’ la nan Legliz sen yo. Paske
kilès nan nyaj yo ki egal ak Granmèt la, k’ap sanble ak Granmèt la nan pitit
Bondye yo? R.
Ala
kontantman pou pèp la ki konn fè konpliman; Granmèt, nan limyè fas ou y’ap
mache, o non ou y’ap fete tout lajounen, nan jistis ou a y’ap leve tèt yo.R.
LEVANJIL
“Preche Bòn
Nouvèl la bay tout kreyati”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK
KI SEN 16, 15-20
Lè
sa a: Jezi parèt devan onz yo, li di yo:
“Ale sou tout tè a, preche Bòn
Nouvèl la bay tout kreyati.
Moun k’ap kwè epi k’ap batize, l’ap
sove; men moun ki pa kwè, l’ap kondane.
Men siy pou moun k’ap kwè yo: o non
m’ y’ap chase demon yo, y’ap pale lang nouvo, y’ap pran sèpan; menm si yo bwè
pwazon, sa p’ap fè yo anyen; y’ap poze men sou malad yo, malad yo ap geri.”
Granmèt
Jezi, lè l’ fin di yo sa, li monte nan syèl la, li chita adwat Bondye.
Yo
menm menm yo pati, y’ap preche tout kote, pandan Granmèt la ap ba yo konkou, ap
asire pawòl yo ak siy l’ap fè rive.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan Bib la, gen Ansyen
Kontra a (tout sa k’ te pase avan Jezi) ak Nouvo Kontra a (kote nou jwenn tout
sa ki gen pou wè ak Jezi, ak premye disip li yo). Poto mitan Nouvo Kontra a se Levanjil la, ki
se istwa lavi Jezi, ak jan l’ mouri epi li leve byen vivan. Epi istwa sa a, yo ekri l’ kat fwa, nan kat
vèsyon diferan, daprè kat temwen ki sòti nan gwoup douz apot Jezi yo. Kat
temwayaj sou lavi Jezi, se yo ki rele liv Evanjil yo nou jwenn anndan Bib la,
nan pati Nouvo Kontra a. Liv yo ekri nan lang grèk la, epi nan lang sa a, mo
« Evanjil » vle di « Bòn Nouvèl ». Gen yon liv Bòn Nouvèl
ki ekri daprè temwayaj Matye, gen sa k’ ekri daprè Mak, lè fini gen youn daprè
Lik ak yon lòt ankò, daprè Jan.Se gras a liv sa yo, Pawòl la pa t’ pèdi lè
temwen yo te mouri, okontrè li tonbe jis kote l’ jwenn nou, menm de mil ane
aprè evènman yo te fin pase, nan yon peyi ki byen lwen ak peyi kote Jezi te
viv. Ayibobo pou Matye, Mak, Lik ak Jan !
Jodi a se fèt Mak ki Sen. Sa vle di n’ap sonje Mak, youn nan douz zanmi
Jezi te chwazi kòm apòt li, ak youn nan kat temwen ki te ekri istwa lavi Jezi,
pou Bòn Nouvèl la te ka gaye toupatou ak pou tout tan. Nan moso Levanjil daprè
Mak nou li jodi a, nou kapab wè ki chanjman Bòn Nouvèl la reyalize nan lavi yon
moun, depi l’ kwè nan Pawòl la. Depi yon moun aksepte Jezi nan kè l’, pa gen yon
fòs ki pi fò pase l’, pa gen yon maladi ki ka fè l’ febli, pa gen yon rèv li pa
ka reyalize.
Premye moso Labib nou li jodi a enpòtan tou. Lèt Sen Pyè ekri a fè n’ sonje ke tout sa nou
jwenn onon Jezi, se pa pou nou vante tèt nou pou sa, men se pou nou sèvi avè l’
pou nou youn sèvi lòt.
LAPRIYÈ : Bondye, ou menm ki fè Levanjelis sen Mak jwenn glwa, an konsideran gras
prèch Bòn Nouvèl la, tanpri, fè nou pwofite syans li yon fason pou nou suiv
tras Jezikri byen fidèl. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON : An nou montre kè
kontan nou genyen kòm disip Jezi, kòm temwen Bòn nouvèl li a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario