Páginas

JEDI 13

Koulè Blan
JEDI SEN
+ MÈS SEN-KRÈM
PREMYE LEKTI
«Granmèt la sakre m’, li voye m’ anonse pòv yo bòn nouvèl la, ba yo losyon kè kontan an».
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 61, 1-3a. 6a. 8b-9
Espri Granmèt la sou mwen, se pousa Granmèt la sakre m’, li voye m’ pote nouvèl bay pòv yo, pou m’ panse kè ki kraze yo, pou m’ preche padon bay prizonye yo, delivrans bay sa k’ fèmen yo, pou m’ preche yon ane kote Granmèt la fè gras, yon jou vanjans pou Bondye nou an, pou m’ konsole tout moun ki nan lapenn, pou m’ mete yon kouwòn nan plas sann pou moun Siyon yo ki nan lapenn yo, losyon kè kontan nan plas dèy, manto lwanj nan plas espri tristès. Nou menm y’ap rele nou «prèt Granmèt la», y’ap di nou «sèvitè Bondye nou an». M’ap ba yo rezilta travay yo nan verite, m’ap pase yon alyans tout tan avèk yo. Y’ap rekonèt ras yo nan nasyon yo, ak sa k’ sot nan yo nan mitan pèp yo. Tout moun k’ap wè yo ap rekonèt yo, paske yo se semans Granmèt la beni.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 88, 21-22. 25 e 27
R/Kè sansib ou, Granmèt, se tout tan m’ap chante l’.
Mwen jwenn David sèvitè m’ nan; ak luil mwen ki sen an mwen sakre l’. Men m’ap ret fèm avèk li, bra m’ ap ba li fòs.R.
Verite m’ ak kè sansib mwen ap avèk li, o non m’ l’ap leve kòn li.
Li menm l’ap rele m’: «Se Papa m’ ou ye, Bondye m’ ak kachèt delivrans mwen».R.
DEZYÈM LEKTI
«Li fè nou vin tounen peyi-wa ak prèt pou Bondye Papa a».
LEKTI LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 1, 5-8
Favè pou nou ak lapè sot nan Jezikri, ki temwen fidèl la, premye pitit nan pami mò yo, ak chèf wa yo ki sou tè a, li menm ki renmen nou, ki lave nou sot nan peche nou yo nan san l’, ki fè nou vin tounen peyi-wa ak prèt pou Bondye Papa l’; konpliman pou li ak otorite pou tout tan gen tan. Amèn.
Men l’ap vini avèk nyaj yo, tout je ap wè l’, menm sa k’ te transpose l’ yo; tout ras sou tè a ap plenn sou li. Wi. Amèn.
Se mwen menm alfa ak omega, kòmansman ak finisman, deklarasyon Granmèt la, li menm ki la, ki te la, k’ap vini, li menm ki gen tout pouvwa a.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Espri Granmèt la sou mwen; se pousa li sakre m’».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 4, 16-21
Lè sa a:
Jezi rive Nazarèt, kote yo te fè edikasyon l’ nan, li antre nan sinagòg la daprè abitid li, jou saba a, li leve pou l’ li. Yo renmèt li liv pwofèt Izayi a. Li louvri liv la, li jwenn kote ki ekri a:
«Espri Granmèt la sou mwen; se pousa li sakre m’, li voye m’ pote bòn nouvèl la bay pòv yo, geri kè ki kraze yo, preche padon pou prizonye yo, ak limyè pou avèg yo, ranvwaye sa k’ap pase mati yo nan libète, preche yon ane Granmèt la fè gras, yon jou rekonpans».
Li pliye liv la, li renmèt sèvan an li, li chita. Je tout moun nan sinagòg la te fikse sou li. Li kòmanse di yo: «Jodi a sa k’ ekri la a akonpli nan zòrèy nou».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
POU MÈS SOUPE GRANMÈT LA, YO VA LI:
PREMYE LEKTI: LIV EKZÒD 12, 1-8. 11-14
SÒM REPONS 115, 12-13. 15-16bc. 17-18
DEZYÈM LEKTI: 1 KOR 11, 23 26
LEVANJIL: JAN 13, 1-15
REFLEKSYON: Jodi a, Jedi Sen, nan Legliz la nou kmanse sa nou rele Tridym paskal; sa vle di twa jou pou nou fete pi gwo evénman nan lavi Jezi depi plis pase de mil ane, se sou sa lavi tout kretyen chita. Donk se la tan Karѐm nan ki te kὸmanse depi Mѐkredi Lѐsann nan fini. Tan espesyal sa envite nou prepare nou pou nou travèse ansanm ak Jezi: sòti nan lanmὸ pou antre nan lavi. Se granmesi Pak sa a, ki fѐ nou menm tou nou vin genyen lavi.
Nan litiji pawòl Bondye pou jodi a nou wѐ kὸman premye lekti a ak Levanjil la sanble tankou de gout dlo, paske se sa pwofѐt Izayi te anonse depi nan tan lontan an ki vin akonpli avѐk Jezi nan Nouvo Testaman an. Batѐm nan fѐ Jezi tounen Galile anba pouvwa Lespri Sen an, pouvwa sa a, se li menm ki te fѐ anpil moun t’ap fè kὸmantѐ nan tout rejyon an poutѐt li t’ap geri moun malad, pou tout mirak ak bѐl prѐch li te konn ap fѐ. Lѐ li retounen Nazarѐt, kote li te grandi a, li antre nan tanp lan yon jou Saba, li leve pou l’ li, yo remѐt li liv la, li dewoule l’, li tonbe sou pasaj ki ekri nan liv pwofѐt Izayi a ki di :«Lespri Bondye a sou mwen, paske li konsakre m’ pou m’ pote Bὸn Nouvѐl la bay pὸv yo, pou m’ libere moun ki nan prizon yo, pou m’ fѐ avѐg yo wѐ, pou m’ preche yon ane Granmѐt la fѐ gras.»
Tout moun ki te nan tanp lan, ki te tande ansѐyman Jezi yo, te resevwa l’ nan kѐ yo e chak moun te resevwa pawὸl sa a yon fason diferan.Se sa k’ rive jodi a tou, lѐ pawl la rive nan kѐ ki senp epi dosil. Poutan pawl Jezi yo pa t’ rete peyizan li yo byen lѐ yo tande karakteristik misyon Jezi a, yon misyon ki mete l’ nan sѐvis tout moun san distenkyon, san patipri.
Jodi a, n’ap sonje se jou Jezi te mete sakreman Ld ak sakreman Lekaristi, kote li te bay apot li yo ld pou yo te fѐ menm sa l’ te fѐ jou Jedi Sen an ; kidonk Lekaristi. Jodi a tout evѐk ak pѐ nan Legliz la renouvle gwo angajman sa a Jezi te ba yo a pou yo kapab raple misyon yo genyen nan Legliz la menm jan Jezi te fѐ l’ nan tanp lan. Nou menm tou, depi Bondye te konsakre nou jou batѐm nou, nou genyen yon gwo misyon nan Legliz la, pou nou pote Bn Nouvѐl la bay pv yo, liberasyon pou moun k’ap soufri yo. Pou sa, nou dwe kite Lespri Sen an manifeste nan lavi nou epi sa ki pi bѐl la nou pa bezwen bon nѐt, paske menm nan feblѐs nou yo, Bondye ap manifeste nan nou pa pouvwa Lespri li a.
LAPRIYÈ : Granmѐt Jezi, voye Lespri Sen w’ nan sou tout evѐk yo, pѐ yo ansanm avѐk nou tout ou bay yon mison byen detѐmine, ranpli kѐ nou avѐk dife renmen w’ lan. Fѐ Lespri sa a gide panse nou yo, aksyon nou yo e tout lavi nou. Amѐn

PWOPOZISYON: Kite Lespri Sen an manifeste nan mwen epi kolabore nan travay sove tѐ a.

No hay comentarios:

Publicar un comentario